{"id":38334,"date":"2022-01-31T10:34:47","date_gmt":"2022-01-31T15:34:47","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/fomasyon-pwochen-cep-a-kiyes-met-bernard-chery-ye-youn-nan-8-non-dyaspora-a-soumet\/"},"modified":"2022-01-31T10:34:47","modified_gmt":"2022-01-31T15:34:47","slug":"fomasyon-pwochen-cep-a-kiyes-met-bernard-chery-ye-youn-nan-8-non-dyaspora-a-soumet","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/fomasyon-pwochen-cep-a-kiyes-met-bernard-chery-ye-youn-nan-8-non-dyaspora-a-soumet\/","title":{"rendered":"F\u00f2masyon pwochen CEP a: Kiy\u00e8s M\u00e8t Bernard Ch\u00e9ry ye, youn nan 8 non Dyaspora a soum\u00e8t?"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\">Travay! Travay! Travay! Se Val\u00e8 sa a ki, pandan tout lavi l, s\u00e8vi fondasyon pou pakou nonm gwo kalite sa a plizy\u00e8 \u00f2ganizasyon ki gen renome chwazi pou reprezante Dyaspora a nan pwochen Kons\u00e8y Elektoral Pwovizwa (CEP) a. Gou pou Travay la, Jean Bernard Ch\u00e9ry resevwa l nan men papa l ki te anseye l sa depi li te tou piti. Pitit obeyisan oswa bon el\u00e8v, natif Dory, 10y\u00e8m seksyon kominal Manich (Sid), konn leve Travay nan ran val\u00e8 kadinal. Rezilta: Jean Bernard Ch\u00e9ry se, jodi a, yon t\u00e8t ki byen plen e byen f\u00e8t an menm tan, yon min Konesans, yon pitit Ayiti ka konte sou li pou s\u00e8vi l av\u00e8k klate e av\u00e8k diyite. Menm si, pou nou parafraze Ant\u00e9nor Firmin, \u00ab dipl\u00f2m se s\u00e8lman yon prezonpsyon konesans nan branch etid ou te jwenn li a \u00bb, Curriculum Vitae Dokt\u00e8 an Dwa a deja kite w\u00e8 tout grand\u00e8 l. Sepandan, sa ki pi konvenkan an se gwo eksperyans li nan dom\u00e8n Dwa, syans kote M\u00e8t la f\u00e8 otorite.<\/p>\n<p class=\"p1\">Jean Bernard Ch\u00e9ry gen tou yon lisans an Relasyon Ent\u00e8nasyonal ak Diplomasi (Cum laude), Rollins College Orlando\/Winter Park Florida. Pasyone Dwa sa a gen yon Espesyalizasyon an dwa ent\u00e8nasyonal ak konparatif, dwa ewopeyen ak CARICOM\u2026 Li f\u00e8t an okt\u00f2b 1974 e li te grangou konesans depi li te j\u00e8n, li diplome tou an Kriminoloji nan Valencia College, Orlando Florida.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00c8ske nou pa t di Travay se pi wo nan Val\u00e8 li yo? Antouka, pandan pakou nonm akonpli li, Jean Bernard Ch\u00e9ry te pwofes\u00e8 Relasyon Ent\u00e8nasyonal ak Diplomasi nan Rollins College an Florid, Konseye politik Vis-Majistra Victoria Siplin nan Orlando Florida. Li se fondat\u00e8 ak pwopriyet\u00e8 Law Office of J. Bernard Chery, P.A an Florid, ko-fondat\u00e8 ak ko-pwopriyet\u00e8 Radio Tempo Internationale an Florid. Jodi a, Jean Bernard Ch\u00e9ry gen entansyon mete konesans li ak tan l nan s\u00e8vis peyi l pa lanmou kou pa devwa.<\/p>\n<p class=\"p1\">Se nan sans sa a k\u00e8k \u00f2ganizasyon Dyaspora a, ki se an menm tan yon sekt\u00e8 apa antye ak yon f\u00f2s politiko-ekonomik ou pa ka evite, soum\u00e8t kandidati M\u00e8t Jean Bernard Ch\u00e9ry pou p\u00f2s Konseye elektoral bay Premye Minis Ariel Henry ak Gouv\u00e8nman l. Entegrasyon Dyaspora a pou Em\u00e8jans yon Nouvo Ayiti (IDENH), United Haitian Living Abraod, Ayiti Matters, HALIPARE, MDCD, pami l\u00f2t, f\u00e8 a linanimite e an tout transparans chwa eklere Ayisyen \u2018\u2019natif natal\u2019\u2019 sa a ki, tankou anpil l\u00f2t, konn leve defi pou mete eksperyans li ak eksp\u00e8tiz li nan s\u00e8vis Ayiti atrav\u00e8 angajman l ak atachman l. E paske Travay, pi byen toujou, Travay byen f\u00e8t se leitmotiv Jean Bernard Ch\u00e9ry, karant\u00e8n ane sa a ki gen yon karakt\u00e8 byen f\u00e8m di li deja pare pou travay an sin\u00e8ji paf\u00e8 ak moun k ap pran desizyon yo pou ofri Ayiti sa li merite: bon eleksyon ki f\u00e8t nan limit strik Demokrasi a.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Travay! Travay! Travay! Se Val\u00e8 sa a ki, pandan tout lavi l, s\u00e8vi fondasyon pou pakou nonm gwo kalite sa a plizy\u00e8 \u00f2ganizasyon ki gen renome chwazi pou reprezante Dyaspora a nan pwochen Kons\u00e8y Elektoral Pwovizwa (CEP) a. Gou pou Travay la, Jean Bernard Ch\u00e9ry resevwa l nan men papa l ki te anseye l [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372],"tags":[],"class_list":["post-38334","post","type-post","status-publish","format-standard","category-aktyalite"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38334","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38334"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38334\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38334"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38334"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38334"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}