{"id":38333,"date":"2022-02-01T17:25:23","date_gmt":"2022-02-01T22:25:23","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ako-montana-tranzisyon-mtv-ayiti-pran-not-eleksyon-prezidan-an-ak-premye-minis-la\/"},"modified":"2022-02-01T17:25:23","modified_gmt":"2022-02-01T22:25:23","slug":"ako-montana-tranzisyon-mtv-ayiti-pran-not-eleksyon-prezidan-an-ak-premye-minis-la","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ako-montana-tranzisyon-mtv-ayiti-pran-not-eleksyon-prezidan-an-ak-premye-minis-la\/","title":{"rendered":"Ak\u00f2 Montana-Tranzisyon: MTV Ayiti pran n\u00f2t eleksyon Prezidan an ak Premye Minis la"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>\u00c8ske Ayiti angaje sou wout ki mennen nan yon s\u00f2ti pou kriz politik k ap manje lavi chak jou a? Se yon kesyon lejitim paske gen akt\u00e8 ki montre yo favorab a ak\u00f2 Montana.<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Se ka Mouvman pou Transf\u00f2masyon ak Valorizasyon Ayiti (MTVAyiti) ki, nan yon n\u00f2t li pibliye lendi 31 janvye 2022, montre li an fav\u00e8 eleksyon ki te f\u00e8t nan kad ak\u00f2 Montana.<\/p>\n<p class=\"p1\">An ef\u00e8, Fritz Alphonse Jean ak Steven Irvenson Beno\u00eet te eli respektivman nan p\u00f2s Prezidan pwovizwa ak Premye Minis, nan fen yon eleksyon dezy\u00e8m degre ki te f\u00e8t dimanch 30 janvye 2022.<\/p>\n<p class=\"p1\">MTVAyiti di li \u00ab reyafime tou pl\u00e8dwaye l pou yon konsansis laj e enklizif, ki rasanble pi plis posib konpozan sivil ak politik sosyete a \u00bb.<\/p>\n<p class=\"p1\">Pi lwen, nan n\u00f2t sa a Schultz Simpssie ak Richard Senecal siyen, respektivman Sekret\u00e8 Jeneral ak Vis-Prezidan Egzekitif responsab kominikasyon, MTVAyiti estime s\u00f2ti kriz la depann de yon antant nasyonal.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Se s\u00e8lman yon vr\u00e8 antant nasyonal ki rasanble diferan aktris ak akt\u00e8 yo ki ka rezoud ijans moman an ki se: ensekirite, sitiyasyon ekonomik katastwofik la, koripsyon ak pwobl\u00e8m elektoral la \u00bb, Mouvman politik la ensiste.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>\u00c8ske Ayiti angaje sou wout ki mennen nan yon s\u00f2ti pou kriz politik k ap manje lavi chak jou a? Se yon kesyon lejitim paske gen akt\u00e8 ki montre yo favorab a ak\u00f2 Montana. Se ka Mouvman pou Transf\u00f2masyon ak Valorizasyon Ayiti (MTVAyiti) ki, nan yon n\u00f2t li pibliye lendi 31 janvye 2022, montre li [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":21,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4373],"tags":[],"class_list":["post-38333","post","type-post","status-publish","format-standard","category-politik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38333","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/21"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38333"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38333\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38333"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38333"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38333"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}