{"id":38329,"date":"2022-02-05T13:47:29","date_gmt":"2022-02-05T18:47:29","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/e-si-marc-collat-te-rete\/"},"modified":"2022-02-05T13:47:29","modified_gmt":"2022-02-05T18:47:29","slug":"e-si-marc-collat-te-rete","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/e-si-marc-collat-te-rete\/","title":{"rendered":"E si Marc Collat te rete\u2026?"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Kanada ap domine Eliminatwa Koup dimonn z\u00f2n Concacaf la. Premye plas ak 6 viktwa youn d\u00e8y\u00e8 l\u00f2t. Ansyen selekt\u00e8 ayisyen Marc Collat, ki jodi a b\u00f2 kote Matinik, raple sem\u00e8n sa a ekip ayisyen an te pi bon pase Kanada sa gen dezan edmi. Nan ent\u00e8vyou sa a li bay k\u00f2l\u00e8g nou yo nan Footkole, li envite obs\u00e8vat\u00e8 yo konpare nivo de ekip yo jodi a, pandan l regr\u00e8t mank swivi ann Ayiti. Pa swivi, li vle di sa: kontinye pwoj\u00e8 yo k\u00f2manse ak yon plan presi ak mwayen ki apwopriye. Kidonk kesyon an: E si Marc Collat te rete alat\u00e8t Grenadye yo&#8230; ?<\/strong><\/p>\n<p class=\"p2\">\n<p class=\"p1\">Nan fen 2019, mwen menm, mwen te sijere piblikman pou renouvle kontra Marc Collat alat\u00e8t Grenadye yo. Li te gen bon rezilta e se li ki te pi byen plase pou kontinye pwoj\u00e8 a. Pa gen dout. Men nan limy\u00e8 sa ki te pase apre, anyen pa di li te ka evite ech\u00e8k 2021 yo. De rezon ka eksplike sa.<\/p>\n<p class=\"p2\">\n<p class=\"p1\">Dab\u00f2, ekip la te k\u00f2manse montre siy febl\u00e8s pandan Lig Nasyon Concacaf la ki te jwe k\u00e8k sem\u00e8n apre Gold Cup 2019 la. Ayiti pa t genyen okenn nan 4 match li yo, de fwa kont Kiraso ak de fwa kont Kosta Rika, li fini d\u00e8nye nan gwoup la e kidonk li desann nan Lig 2. \u00c8ske se te b\u00e8s la oswa yon senp ti f\u00e8bl\u00e8s? Sa ka yon l\u00f2t asp\u00e8 deba a nou p ap ab\u00f2de jodi a.<\/p>\n<p class=\"p2\">\n<p class=\"p1\">Dezy\u00e8m bagay la, ane 2020 la te yon tounan nan foutb\u00f2l ayisyen an. Ap gen yon anvan ak yon apre, s\u00e8t\u00e8nman. Ant akizasyon abi seksy\u00e8l sou min\u00e8 ki te sou do Dadou Jean-Bart, ki te prezidan FHF l\u00e8 sa a, ank\u00e8t FIFA sou sij\u00e8 a ak kowonaviris la, li te difisil anpil pou f\u00e8 Grenadye yo jwe, yo pral pase tout ane 2020 la san selekt\u00e8 e san match. Pa s\u00e8ten av\u00e8k Marc Collat nan k\u00f2mand, sitiyasyon an t ap diferan.<\/p>\n<p class=\"p2\">\n<p class=\"p1\">Long pery\u00f2d inaktivite sa a te bloke evolisyon ekip la ki pa t ka kontinye metam\u00f2foz li. Yo k\u00f2manse 2021 san rep\u00e8, dir\u00e8kteman nan yon match Koup dimonn e ak, k\u00f2m sip\u00f2, yon Federasyon (Komite n\u00f2malizasyon) ki pi frajil pase janm, ki pa t \u00f2ganize ase e ki li menm t ap tatonnen nan moman sa a.<\/p>\n<p class=\"p2\">\n<p class=\"p1\">Anplis, jw\u00e8 ki pa kontan paske yo pa t touche prim match yo. Aryere 2 an. Kidonk mwen pa s\u00e8ten Marc Collat, menm ak eksperyans li, te ka tire k\u00f2 l nan mitan kawo sa a. Kont\u00e8ks la vr\u00e8man diferan konpare ak 2019. Souvan, moun pa konsidere ase enp\u00f2tans yon bon preparasyon pou siks\u00e8 yon gwoup. Ekip 2019 la te f\u00e8 yon ekselan preparasyon pou Gold Cup la.<\/p>\n<p class=\"p2\">\n<p class=\"p1\">Marc Collat gen rezon l\u00e8 l di pa gen swivi nan foutb\u00f2l ayisyen an. Pet\u00e8t li gen rezon l\u00e8 l di Ayiti te pi bon pase Kanada sa gen 2 an edmi. Sepandan, nou ka mande si ekip ayisyen an ta kenbe avantaj sa a si li te toujou gen menm selekt\u00e8 a? Pa s\u00e8ten, paske, depi l\u00e8 sa a, dlo koule anba pon.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Kanada ap domine Eliminatwa Koup dimonn z\u00f2n Concacaf la. Premye plas ak 6 viktwa youn d\u00e8y\u00e8 l\u00f2t. Ansyen selekt\u00e8 ayisyen Marc Collat, ki jodi a b\u00f2 kote Matinik, raple sem\u00e8n sa a ekip ayisyen an te pi bon pase Kanada sa gen dezan edmi. Nan ent\u00e8vyou sa a li bay k\u00f2l\u00e8g nou yo nan Footkole, [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":36,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4377,4378],"tags":[],"class_list":["post-38329","post","type-post","status-publish","format-standard","category-espo","category-foutbol"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38329","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/36"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38329"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38329\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38329"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38329"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38329"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}