{"id":38319,"date":"2022-02-13T12:46:20","date_gmt":"2022-02-13T17:46:20","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ayiti-kont-dyalog-moun-soud-mtvayiti-pou-diskisyon-k-ap-bay-fwi\/"},"modified":"2022-02-13T12:46:20","modified_gmt":"2022-02-13T17:46:20","slug":"ayiti-kont-dyalog-moun-soud-mtvayiti-pou-diskisyon-k-ap-bay-fwi","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ayiti-kont-dyalog-moun-soud-mtvayiti-pou-diskisyon-k-ap-bay-fwi\/","title":{"rendered":"Ayiti: Kont dyal\u00f2g moun soud, MTVAyiti pou diskisyon k ap bay fwi"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Pou f\u00e8 peyi a soti nan kriz miltidimansyon\u00e8l k ap manje l la, akt\u00e8 politik yo ap miltipliye ap\u00e8l pou yon \u00ab gwo konsansis \u00bb. Mouvman politik MTVAyiti, nan yon n\u00f2t pou lapr\u00e8s li rann piblik vandredi 11 fevriye 2022, reklame \u00ab yon f\u00f2malizasyon diskisyon yo sou yon ajanda ak objektif kl\u00e8 \u00bb.<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Nan fen rankont vandredi 11 fevriye 2022 la ant Premye minis de facto Ariel Henry, reprezantan siyat\u00e8 ak\u00f2 11 septanm nan ak yon delegasyon Biwo Swivi Ak\u00f2 Montana (BSA), MTVAyiti ki te patisipe ladan l \u00ab swete yon f\u00f2malizasyon diskisyon yo sou yon ajanda ak objektif kl\u00e8 pou evite tout reta, ak yon medyasyon nasyonal oswa ent\u00e8nasyonal \u00bb.<\/p>\n<p class=\"p1\">Dapre n\u00f2t la, diskisyon pou defini met\u00f2d, ajanda ak dat limit negosyasyon politik sa yo fikse pou lendi 14 fevriye 2022.<\/p>\n<p class=\"p1\">Anplis, Mouvman pou Transf\u00f2masyon ak Valorizasyon Ayiti siyale li ijan pou okipe s\u00f2 popilasyon an ki pa konn ki sen pou l priye devan ogmantasyon ka kidnaping ak asasina sou teritwa nasyonal la.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab MTVAyiti salye premye pa sa a nan bon direksyon. Li reyafime sip\u00f2 san ekiv\u00f2k li pou tout dyal\u00f2g ki ka p\u00e8m\u00e8t rive nan yon ak\u00f2 ki pi laj e pi enklizif. Li mande yon l\u00f2t fwa ank\u00f2 pou mete enter\u00e8 patikilye sou kote ak nesesite enperatif pou pran an kont gwo soufrans p\u00e8p ayisyen an k ap viv moman difisil akoz ensekirite ak kidnaping, ogmantasyon v\u00e8tijin\u00e8z pri lavi a, ens\u00e8titid politik ak ekonomik \u00bb, se sa n\u00f2t Schultz Simpssie Cazir, Dr \u00c9mile H\u00e9rald Charles, Richard Senecal ak Dr Carl Fran\u00e7ois siyen an endike.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Pou f\u00e8 peyi a soti nan kriz miltidimansyon\u00e8l k ap manje l la, akt\u00e8 politik yo ap miltipliye ap\u00e8l pou yon \u00ab gwo konsansis \u00bb. Mouvman politik MTVAyiti, nan yon n\u00f2t pou lapr\u00e8s li rann piblik vandredi 11 fevriye 2022, reklame \u00ab yon f\u00f2malizasyon diskisyon yo sou yon ajanda ak objektif kl\u00e8 \u00bb. Nan fen [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":21,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4373],"tags":[],"class_list":["post-38319","post","type-post","status-publish","format-standard","category-politik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38319","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/21"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38319"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38319\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38319"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38319"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38319"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}