{"id":38307,"date":"2022-02-23T06:07:41","date_gmt":"2022-02-23T11:07:41","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/leta-leve-kanpe-pep-la-an-danje-lanmo\/"},"modified":"2022-02-23T06:07:41","modified_gmt":"2022-02-23T11:07:41","slug":"leta-leve-kanpe-pep-la-an-danje-lanmo","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/leta-leve-kanpe-pep-la-an-danje-lanmo\/","title":{"rendered":"Leta, leve kanpe, p\u00e8p la an danje lanm\u00f2!"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\">\u00ab Ayiti pa ni dirije ni administre\u2026 \u00bb, paw\u00f2l sa yo Batonye l\u00f2d avoka P\u00f2toprens yo, Monferrier Dorval, te di k\u00e8k tan anvan yo asasine l, gen val\u00e8 Verite absoli. Devan dez\u00f2d k ap anvayi ki enstale toupatou nan z\u00f2n metwopolit\u00e8n nan ak nan vil pwovens yo, \u00ab dirijan \u00bb yo f\u00e8, an silans, aveu febl\u00e8s, menm enpuisans total. Pou moun ki konn gade e konprann, nou retounen nan tan \u00ab Naje pou w s\u00f2ti! \u00bb. Endividyalis gwosye. Day\u00e8, se sa moun k ap f\u00e8 vant enf\u00f2m\u00e8l e ilegal gaz yo ap f\u00e8 pa egzanp, 1500 goud galon gazolin. Rate oblije! Se konsa lavi a ye ann Ayiti kote ch\u00e8f gang yo se \u00ab Wa \u00bb. Men kiy\u00e8s ch\u00e8f gang sa yo ye? Kiy\u00e8s Wa sa yo ye ki gen pou way\u00f2m s\u00e8lman yon twou rat sal nan Matisan, yon moso t\u00e8 dezole nan Kwadebouke? Nou pa konnen pr\u00e8ske anyen sou yo. Day\u00e8, yo pa t ap sa yo ye a si yon moun te vr\u00e8man konprann jw\u00e8t yo. Prizon oswa simity\u00e8. Kreyati yo chape anba men kreyat\u00e8 yo, sanble. Men kiy\u00e8s kreyat\u00e8 sa yo ye? Men yon l\u00f2t k\u00e8s ank\u00f2! Tout sa nou konnen, se absans total Leta a ki manman tout mal nou yo\u2026, tankou gang ame yo ki pa bezwen montre sip\u00e8pisans yo ank\u00f2.<\/p>\n<p class=\"p1\">Demen, sol\u00e8y Ayiti p ap leve sof si ch\u00e8f gang yo ba l l\u00f2d pou l leve. Kiy\u00e8s ki konnen? Men, pandan n ap tann mirak anti-demokratik e anti-p\u00e8p sa a, jodi a, se yo ki deside fasilite estasyon s\u00e8vis yo jwenn gaz. Bank kom\u00e8syal, lopital, medya\u2026, tout bagay rek\u00f2manse \u00ab fonksyone \u00bb n\u00f2malman. Wi, fonksyone, se sa nou f\u00e8 pi byen lakay nou ann Ayiti. Nou pa viv, nou fonksyone. Leta pa gen s\u00e8lman k\u00e8s vid (jan ansyen Prezidan Michel Martelly te pretann nan), jodi a men l vid tou, paske se gang ame yo ki kenbe telek\u00f2mand ki p\u00e8m\u00e8t nou \u00ab fonksyone \u00bb. Se Wa san vr\u00e8 way\u00f2m yo ki manyen zam ki touye nou yo tou, paske Leta p\u00e8di monop\u00f2l vyolans lejitim. Levanjil Sen Pridans: Fr\u00e8 m yo, nan tan mouri sa a, efori pa p\u00e8m\u00e8t. An verite, Matisan ak z\u00f2n ki toupre l, Kwadebouke ak katye ki b\u00f2 kote l toujou pote etik\u00e8t \u00ab san lalwa \u00bb. An reyalite, Premye Repiblik nwa a se n\u00e8t ale yon Far west. Atansyon danje! Fameuz \u00ab peyi zanmi \u00bb nou yo amize yo byen ap klewonnen sa. Jodi a plis pase y\u00e8 e pet\u00e8t mwens pase demen, sekirite tout moun depann de kapasite chak moun pou l montre \u00ab gwo pridans \u00bb. Men \u00e8ske nou ka pridan toujou devan gang ame sip\u00e8pisans lan sanble ba yo don pou yo toupatou an menm tan? Pi mal toujou, moun k ap simen lanm\u00f2 yo pa gen okenn senpati\u2026 \u00c8ske nou fini?<\/p>\n<p class=\"p1\">Leta, leve kanpe, p\u00e8p la pran nan p\u00e8len!<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>\u00ab Ayiti pa ni dirije ni administre\u2026 \u00bb, paw\u00f2l sa yo Batonye l\u00f2d avoka P\u00f2toprens yo, Monferrier Dorval, te di k\u00e8k tan anvan yo asasine l, gen val\u00e8 Verite absoli. Devan dez\u00f2d k ap anvayi ki enstale toupatou nan z\u00f2n metwopolit\u00e8n nan ak nan vil pwovens yo, \u00ab dirijan \u00bb yo f\u00e8, an silans, aveu [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4381],"tags":[],"class_list":["post-38307","post","type-post","status-publish","format-standard","category-sosyete"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38307","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38307"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38307\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38307"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38307"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38307"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}