{"id":38305,"date":"2022-02-23T21:22:37","date_gmt":"2022-02-24T02:22:37","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/vyolans-polisye-renamel-kondane-lanmo-fotojounalis-maxihen-lazarre\/"},"modified":"2022-02-23T21:22:37","modified_gmt":"2022-02-24T02:22:37","slug":"vyolans-polisye-renamel-kondane-lanmo-fotojounalis-maxihen-lazarre","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/vyolans-polisye-renamel-kondane-lanmo-fotojounalis-maxihen-lazarre\/","title":{"rendered":"Vyolans polisye: RENAMEL kondane lanm\u00f2 fotojounalis Maxihen Lazarre"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Rezo Nasyonal Medya sou Ent\u00e8n\u00e8t (RENAMEL) ap kriye lanm\u00f2 fotojounalis Maxihen Lazarre, polis la touye ak bal, m\u00e8kredi 23 fevriye 2022 sa a, nan kad yon manifestasyon ouvriye ki t ap reklame yon ogmantasyon sal\u00e8.<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Depi de sem\u00e8n, ouvriye sekt\u00e8 tekstil yo ap pran lari P\u00f2toprens pou reklame s\u00f2m 1500 goud k\u00f2m sal\u00e8 minim\u00f2m. F\u00f2s l\u00f2d yo itilize gaz lakrimoj\u00e8n epi yo bat manifestan yo ak baton. Pami viktim zak represyon sa yo, gen fotojounalis Maxihen Lazarre, ki t ap travay pou medya sou ent\u00e8n\u00e8t &#8220;Roi des infos&#8221;. Twa l\u00f2t jounalis blese.<\/p>\n<p class=\"p1\">RENAMEL, nan yon n\u00f2t kondanasyon prezidan l, Me Berrick Estidore, siyen, deplore lanm\u00f2 fotojounalis Maxihen Lazarre epi li envite otorite konpetan yo f\u00e8 yon ank\u00e8t.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Sa tw\u00f2p! K\u00f2m \u00f2ganis ki regle lapr\u00e8s sou ent\u00e8n\u00e8t ann Ayiti, RENAMEL mande otorite konpetan yo f\u00e8 yon ank\u00e8t epi pran, byento, mezi ki neses\u00e8 pou ot\u00e8 zak bawbari kont tout sitwayen an jeneral ak jounalis an patikilye ka reponn pou krim yo devan lajistis&#8221;, se sa nou ka li nan n\u00f2t sa a.<\/p>\n<p class=\"p1\">Ouvriye yo ap reklame pi bon kondisyon sal\u00e8, pandan otorite yo, san okenn wont, ap panse s\u00e8lman a konsolidasyon pouvwa yo. Ka kidnaping yo vin pi plis yon bagay n\u00f2mal nan peyi a. Gouv\u00e8nman ki la a, b\u00f2 pa l, ap jwe kat endiferans devan sitiyasyon pouri sa a.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Rezo Nasyonal Medya sou Ent\u00e8n\u00e8t (RENAMEL) ap kriye lanm\u00f2 fotojounalis Maxihen Lazarre, polis la touye ak bal, m\u00e8kredi 23 fevriye 2022 sa a, nan kad yon manifestasyon ouvriye ki t ap reklame yon ogmantasyon sal\u00e8. Depi de sem\u00e8n, ouvriye sekt\u00e8 tekstil yo ap pran lari P\u00f2toprens pou reklame s\u00f2m 1500 goud k\u00f2m sal\u00e8 minim\u00f2m. F\u00f2s [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372],"tags":[],"class_list":["post-38305","post","type-post","status-publish","format-standard","category-aktyalite"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38305","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38305"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38305\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38305"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38305"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38305"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}