{"id":38304,"date":"2022-02-23T21:44:03","date_gmt":"2022-02-24T02:44:03","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/gwatemala-men-li\/"},"modified":"2022-02-23T21:44:03","modified_gmt":"2022-02-24T02:44:03","slug":"gwatemala-men-li","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/gwatemala-men-li\/","title":{"rendered":"Gwatemala, men li!"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\">Ekip ayisyen foutb\u00f2l la ap pare pou l afwonte Gwatemala an amikal, nan Miami, 27 Mas k ap vini an. Se yon pwogramasyon ki vle di retou an premye plan pou Grenadye yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">Ekip ayisyen an reprann aktivite l apre li te rate fen\u00e8t FIFA Okt\u00f2b ak novanm 2021 epi sa janvye 2022. D\u00e8nye match Grenadye yo remonte an septanm 2021 ak viktwa 2-0 sa a devan J\u00f2dani an amikal nan Mwayen-Oryan.<\/p>\n<p class=\"p1\"><strong>Finalman, Gwatemala<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Pou repriz sa a, adv\u00e8s\u00e8 Ayiti se Gwatemala. Sa te f\u00e8 lontan. An ef\u00e8, f\u00f2 n remonte jis an 2009 pou n jwenn tras yon fas a fas Ayiti &#8211; Gwatemala. E se pito yon anomali. Pandan menm pery\u00f2d la, Ayiti rankontre tout l\u00f2t nasyon Amerik santral yo plizy\u00e8 fwa e nan tout okazyon: Gold Cup, Eliminatwa Koup dimonn, match amikal.<\/p>\n<p class=\"p2\">Anpil nan rankont sa yo f\u00e8 pati lejand foutb\u00f2l ayisyen an. Nou ka site sa kont Panama nan Gold Cup 2015, sa kont Salvad\u00f2 an 2013, kont Nikaragwa an 2017 nan Eliminatwa Mondyal oswa match sa a kont Ondiras an 2015 nan Gold Cup. Nan lis sa a, nou ka ajoute Beliz d\u00e8ny\u00e8man, an 2021, ak Kosta Rika Grenadye yo afwonte 5 fwa soti 2009 rive 2021 ak k\u00e8k batay entans ak inoubliyab. Men pa gen Gwatemala pandan menm pery\u00f2d la.<\/p>\n<p class=\"p2\"><strong>Nan preparasyon pou Lig Nasyon 2022-2023<\/strong><\/p>\n<p class=\"p2\">Li enp\u00f2tan tou pou nou mansyone, pou raple, FIFA te sispann Federasyon Gwatemalteyen Foutb\u00f2l la pandan dezan, soti 2016 rive 2018 e li te enstale yon Komite n\u00f2malizasyon. Nan menm elan an, yo te arete Brayan Jimenez, ansyen prezidan Fedefut, pou koripsyon (vant ilegal Dwa TV).<\/p>\n<p class=\"p2\">Depi l\u00e8 sa a, seleksyon an reaktive ak, an 2019, yon pwomosyon nan Lig B Nasyon Concacaf. Jodi a Gwatemala se 123y\u00e8m nan lemond nan Klasman FIFA (Ayiti se 87y\u00e8m).<\/p>\n<p class=\"p2\">Ayiti ak Gwatemala ap prepare Lig Nasyon 2022-2023 k ap k\u00f2manse an jen k ap vini an. De ekip yo nan Lig B.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Ekip ayisyen foutb\u00f2l la ap pare pou l afwonte Gwatemala an amikal, nan Miami, 27 Mas k ap vini an. Se yon pwogramasyon ki vle di retou an premye plan pou Grenadye yo. Ekip ayisyen an reprann aktivite l apre li te rate fen\u00e8t FIFA Okt\u00f2b ak novanm 2021 epi sa janvye 2022. D\u00e8nye match [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":36,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4377,4378],"tags":[],"class_list":["post-38304","post","type-post","status-publish","format-standard","category-espo","category-foutbol"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38304","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/36"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38304"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38304\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38304"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38304"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38304"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}