{"id":38276,"date":"2022-03-14T18:13:51","date_gmt":"2022-03-14T22:13:51","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/covid-19-nou-konnen-gayan-konkou-jingle-enstiti-panos-te-lanse-a\/"},"modified":"2022-03-14T18:13:51","modified_gmt":"2022-03-14T22:13:51","slug":"covid-19-nou-konnen-gayan-konkou-jingle-enstiti-panos-te-lanse-a","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/covid-19-nou-konnen-gayan-konkou-jingle-enstiti-panos-te-lanse-a\/","title":{"rendered":"COVID-19: Nou konnen gayan konkou \u00ab Jingle \u00bb Enstiti Panos te lanse a"},"content":{"rendered":"<p><strong>Pandan yon seremoni yo te \u00f2ganize vandredi 11 mas 2022 nan ot\u00e8l Le Ritz Kinam, yo devwale gayan konkou \u00ab Jingle \u00bb Enstiti Panos te \u00f2ganize a. Konkou sa a yo te lanse 24 janvye ki sot pase a sou t\u00e8m \u00ab Mwen Vaksinen, Ou Vaksinen, Nou tout pwoteje \u00bb te konsiste pou chak patisipan envite popilasyon an f\u00e8 vaksen kont kowonaviris atrav\u00e8 \u00ab Jingle \u00bb li.<\/strong><\/p>\n<p>Respektivman, nan kategori Konpa, Rab\u00f2day ak Rap,<br \/>\nRose Mica Cador, Gabriel Alexis ak Lovendjey Pierre te genyen.<\/p>\n<p>Pandan premye etap la, chak moun ki enterese te dwe vizite sit ofisy\u00e8l konkou a, sa vle di: https:\/\/eegale.com\/kowona pou enskripsyon ak telechajman enstrimantal kategori yo chwazi a.<\/p>\n<p>K\u00f2m krit\u00e8 patisipasyon, kandida a te dwe ayisyen epi gen 18 an konpl\u00e8 jou li soum\u00e8t jingle la. Li te dwe itilize s\u00e8lman enstrimantal Enstiti Panos bay la ak eslogan ofisy\u00e8l konkou a.<\/p>\n<p>109 kandida te enskri, 60 pou kategori Rab\u00f2day, 25 pou kategori Rap ak 24 pou kategori Konpa.<br \/>\nYo te pran an kont v\u00f2t sou ent\u00e8n\u00e8t yo ak v\u00f2t jiri a pou rive nan 5 finalis. Jiri a te konpoze ak atis ki gen gwo repitasyon. Ann site pami l\u00f2t: K-libr, Gandhi Le M\u00e9tronomme, G-Dolf, Tjo Zenny, Steeve Kh\u00e9, Poppy Duvern\u00e9 ak Jhonny Celicourt. An d\u00e8nye, jiri a chwazi yon gayan pa kategori.<\/p>\n<p>Chak gayan nan diferan kategori konkou sa a touche s\u00f2m $1500 US.<\/p>\n<p>Enstiti Panos, prensipal inisyat\u00e8 konkou sa a, rem\u00e8sye prensipal patn\u00e8 l yo, sa vle di MSPP, ISPD, Serovie, ak tout medya ki kontribye anpil nan siks\u00e8 pwoj\u00e8 sa a. Pou finalis ki pa t genyen yo, \u00f2ganizat\u00e8 yo pwom\u00e8t y ap patisipe nan tout pwochen pwoj\u00e8 ki vize konbat pandemi COVID 19 la.<\/p>\n<p>An d\u00e8nye rekou, Panos rem\u00e8sye USAID cho pou finansman pwoj\u00e8 sa a ki t\u00e8lman enp\u00f2tan nan kad lit sa a pou konvenk popilasyon an f\u00e8 vaksen kont COVID-19.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Pandan yon seremoni yo te \u00f2ganize vandredi 11 mas 2022 nan ot\u00e8l Le Ritz Kinam, yo devwale gayan konkou \u00ab Jingle \u00bb Enstiti Panos te \u00f2ganize a. Konkou sa a yo te lanse 24 janvye ki sot pase a sou t\u00e8m \u00ab Mwen Vaksinen, Ou Vaksinen, Nou tout pwoteje \u00bb te konsiste pou chak patisipan [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372],"tags":[],"class_list":["post-38276","post","type-post","status-publish","format-standard","category-aktyalite"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38276","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38276"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38276\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38276"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38276"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38276"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}