{"id":38271,"date":"2022-03-16T06:32:00","date_gmt":"2022-03-16T10:32:00","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/pri-pwodui-premye-nesesite-yo-ap-flanbe-sou-mache-ayisyen-an\/"},"modified":"2026-11-17T03:33:51","modified_gmt":"2026-11-17T08:33:51","slug":"pri-pwodui-premye-nesesite-yo-ap-flanbe-sou-mache-ayisyen-an","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/pri-pwodui-premye-nesesite-yo-ap-flanbe-sou-mache-ayisyen-an\/","title":{"rendered":"Pri pwodui premye nesesite yo ap flanbe sou mache ayisyen an"},"content":{"rendered":"<p><strong>Pwodui popilasyon an konsome plis yo monte pri. Ti detayan yo ansanm ak acht\u00e8 yo plenyen pou sitiyasyon sa a, k ap vin pi difisil pou fanmi ayisyen yo, ki deja anba ensekirite alimant\u00e8.<\/strong><\/p>\n<p>\u00ab Pa gen vant. Kliyan yo ap vin pi ra, akoz lavi ch\u00e8 \u00bb, Marl\u00e8ne plenyen, chita trankil devan machandiz li nan mache Salomon.<\/p>\n<p>Pri pwodui premye nesesite yo monte yon fason ki bay t\u00e8t vire pandan d\u00e8nye sem\u00e8n yo. \u00ab Diri, mayi, pwa, pitimi, ble, pri tout pwodui sa yo double \u00bb, swasant\u00e8n ane a eksplike nou, li kl\u00e8man fache pou ef\u00e8 enflasyon an.<\/p>\n<p>Anplis manje Ayisyen konsome plis yo, pri plizy\u00e8 l\u00f2t pwodui ap monte tou, dapre yon l\u00f2t detayan, ki pale de pri lwil pou kwit manje. \u00ab Anvan, ti bidon sa a te konn vann 60 goud, kounye a f\u00f2k ou gen 200 goud pou achte l \u00bb, machann nan rakonte.<\/p>\n<p>E devan ogmantasyon pri pwodui yo sou mache a, acht\u00e8 yo pa gen l\u00f2t chwa pase adapte yo. \u00ab Pri pwodui yo monte. Mwen achte dapre mwayen m \u00bb, yon j\u00e8n demwaz\u00e8l ki te vin achte pwovizyon nan mache a di.<\/p>\n<p>Si pou yon gwoup machann, se ensekirite a ki anpeche agrikilt\u00e8 pwovens yo voye manje nan kapital la, yon l\u00f2t kategori kw\u00e8 dola a ki pa sispann pran val\u00e8 sou goud la se prensipal k\u00f2z dezas ekonomik sa a.<\/p>\n<p>Devan sitiyasyon sa a, machann yo ki pa konn ki sen pou yo priye kritike otorite ki la yo di, paske yo pa f\u00e8 anyen pou rezoud pwobl\u00e8m nan.<br \/>\n\u00ab Nou pa gen yon Leta ki responsab. Chak moun se \u00ab p\u00f2ch yap plen \u00bb, pwobl\u00e8m popilasyon an pa enterese yo \u00bb, yon l\u00f2t machann plenyen.<\/p>\n<p>Akote fenom\u00e8n kidnaping k ap f\u00e8 ravaj nan peyi a, ensekirite alimant\u00e8 se yon l\u00f2t fleyo k ap manje popilasyon ayisyen an. Manje ann Ayiti d\u00e8nye jou sa yo koute ch\u00e8\u2026.tr\u00e8 ch\u00e8.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Pwodui popilasyon an konsome plis yo monte pri. Ti detayan yo ansanm ak acht\u00e8 yo plenyen pou sitiyasyon sa a, k ap vin pi difisil pou fanmi ayisyen yo, ki deja anba ensekirite alimant\u00e8. \u00ab Pa gen vant. Kliyan yo ap vin pi ra, akoz lavi ch\u00e8 \u00bb, Marl\u00e8ne plenyen, chita trankil devan machandiz li [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":34,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4381],"tags":[],"class_list":["post-38271","post","type-post","status-publish","format-standard","category-sosyete"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38271","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/34"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38271"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38271\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":39623,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38271\/revisions\/39623"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38271"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38271"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38271"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}