{"id":38243,"date":"2022-03-31T17:13:55","date_gmt":"2022-03-31T21:13:55","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ayiti-kilti-10-sou-10-pou-gwoup-klass\/"},"modified":"2022-03-31T17:13:55","modified_gmt":"2022-03-31T21:13:55","slug":"ayiti-kilti-10-sou-10-pou-gwoup-klass","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ayiti-kilti-10-sou-10-pou-gwoup-klass\/","title":{"rendered":"Ayiti-Kilti: 10 sou 10, pou gwoup Klass"},"content":{"rendered":"<p>18 avril k ap vini an pral make dis (10) an egzistans Klass. Pou okazyon an, y ap \u00f2ganize yon gala pou anonse yon toune ent\u00e8nasyonal k ap k\u00f2manse depi 23 avril 2022, Jean H\u00e9rard Richard, yo rele Richie, prensipal lid\u00e8 gwoup la, anonse. Maestro a pral anonse katriy\u00e8m album Klass la ak yon m\u00f2so li pral devwale.<\/p>\n<p>Ala tan an pase vit! Nou byen sonje k\u00f2mansman avanti sa a. Klass! Tout bagay pati de div\u00f2s ant Richie ak Zenglen oswa sa Eders Stanis, yo rele Pipo, ak Nu Look. Yon kout mas nan biznis la, men tou yon nouvo pwopozisyon. Melom\u00e0n yo te p\u00e8 yon nouvo pwoj\u00e8 ki t ap kraze nan k\u00e8k ane, sa f\u00e8 yon deseni li ap dire.<\/p>\n<p>Ant 2012 ak 2022, dlo koule anba pon. Twa album, e byento yon katriy\u00e8m, prestasyon memorab, yon pwodiksyon ki byen f\u00e8t, ak anpil chante siks\u00e8. Ki sekr\u00e8 yo? Yon melanj eksperyans, disiplin ak kalite, dapre Richie, nou jwenn nan telef\u00f2n.<\/p>\n<p>Anpil aktivite prevwa pou make pakou sa a. Gwoup la pral an Afrik 18 jen k ap vini an, pandan depi 23 avril 2022, anpil vil Ozetazini pral gen kons\u00e8 komemorasyon. Fanatik an Ew\u00f2p yo dwe tann jiska 25 jen e sa Kanada yo, 1ye jiy\u00e8 2022.<br \/>\nSepandan, yon toune ann Ayiti pa posib pou kounye a, dapre tanbourin\u00e8 gwoup la. Rezon an, ensekirite. Richie deklare li pa vle mete lavi kolaborat\u00e8 l yo an danje.<\/p>\n<p>\u00ab Menm si d\u00e8nye toune nou ann Ayiti remonte a 2019, nou p ap pran risk. Si yon mizisyen deside pa ale ann Ayiti pou onore kontra, nou p ap ka f\u00f2se l, paske nou gen rezon pou nou konkli kondisyon sekirite yo pouri \u00bb, direkt\u00e8 mizikal Klass la eksplike.<\/p>\n<p>Anplis, nan yon sem\u00e8n pou pi plis, Klass pral soti yon nouvo chante yo rele \u201c10\/10\u201d k ap anonse ofisy\u00e8lman s\u00f2ti katriy\u00e8m album ki pote menm non an. \u00ab F\u00e8 l vini avan \u00bb an 2013, \u00ab F\u00e8 l ak tout k\u00e8 w \u00bb an 2016, \u00ab Ret nan liy ou \u00bb an 2019, atant lan te long.<\/p>\n<p>\u00ab Dire lavi gwoup Klass la depann de fanatik li yo \u00bb Richie di, sou yon ton fy\u00e8 e pou eksprime rekonesans li anv\u00e8 piblik ayisyen an, li t ap bay, san ezite, yon 10 sou 10.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>18 avril k ap vini an pral make dis (10) an egzistans Klass. Pou okazyon an, y ap \u00f2ganize yon gala pou anonse yon toune ent\u00e8nasyonal k ap k\u00f2manse depi 23 avril 2022, Jean H\u00e9rard Richard, yo rele Richie, prensipal lid\u00e8 gwoup la, anonse. Maestro a pral anonse katriy\u00e8m album Klass la ak yon m\u00f2so [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379,4380],"tags":[],"class_list":["post-38243","post","type-post","status-publish","format-standard","category-kilti","category-mizik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38243","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38243"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38243\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38243"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38243"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38243"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}