{"id":38240,"date":"2022-04-01T19:32:41","date_gmt":"2022-04-01T23:32:41","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/foutbol-poukisa-peyi-karayib-yo-toujou-absan-nan-koup-dimonn\/"},"modified":"2022-04-01T19:32:41","modified_gmt":"2022-04-01T23:32:41","slug":"foutbol-poukisa-peyi-karayib-yo-toujou-absan-nan-koup-dimonn","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/foutbol-poukisa-peyi-karayib-yo-toujou-absan-nan-koup-dimonn\/","title":{"rendered":"Foutb\u00f2l: Poukisa peyi Karayib yo toujou absan nan Koup dimonn?"},"content":{"rendered":"<p><strong>Tiraj os\u00f2 22y\u00e8m edisyon Koup dimonn lan f\u00e8t vandredi 1ye avril 2022 sa a, nan Doha, kapital Katar, peyi k ap resevwa konpetisyon planet\u00e8 sa a. Moun ki fou pou balon wonn yo deja w\u00e8 kijan diferan gwoup yo ye, menm si ekip k ap jwe baraj yo poko ladan yo. Sepandan, gen yon bagay ki atire atansyon nou: Pa gen okenn peyi Karayib ki reprezante. Se pa yon sitiyasyon nouvo, e se pout\u00e8t sa li f\u00e8 nou poze kesyon.<\/strong><\/p>\n<p>F\u00f2 n remonte jis an 2006 pou nou w\u00e8 yon peyi Karayib kalifye nan yon faz final koup dimonn. Se Trinidad ak Tobago. An 1998, Jamayik te valide tik\u00e8 l tou pou koup dimonn Lafrans te genyen an. Pou Ayiti, se te sa gen 48 an, sa vle di an 1974.<\/p>\n<p>An 2010, 2014, 2018 ak 2022, Karayib la absan nan gwo f\u00e8t foutb\u00f2l sa a. Men kijan nou ka eksplike sitiyasyon sa a?<\/p>\n<p>Jean Pierre Etienne, jounalis esp\u00f2tif, pwopoze k\u00e8k chemen repons pou kesyon sa a.<\/p>\n<p>Peyi sa yo pa vr\u00e8man gen yon bidj\u00e8 yo bay pou devlopman esp\u00f2, sitou foutb\u00f2l, konpare ak l\u00f2t peyi, jounalis la eksplike.<\/p>\n<p>\u00ab Nivo devlopman peyi a ka gen yon enfliyans sou nivo foutb\u00f2l li \u00bb, Etienne rekon\u00e8t. Sepandan, korelasyon an pa dir\u00e8k, li presize, pandan l pran egzanp Lachin, gwo pisans ekonomik, ki pa pwodui foutb\u00f2l wo nivo pou sa.<\/p>\n<p>Gen tradisyon tou. Jean Pierre Etienne pale de \u00ab peyi-foutb\u00f2l \u00bb pou nasyon sa yo ki f\u00e8 tout ef\u00f2 pou mete enfrastrikti ki neses\u00e8 an plas pou yo toujou pami pi bon yo.<\/p>\n<p>Konfigirasyon ekip z\u00f2n CONCACAF la se yon param\u00e8t nou pa dwe neglije tou.<\/p>\n<p>\u00ab Se s\u00e8lman twa peyi ki pral ka valide tik\u00e8 kalifikasyon yo nan z\u00f2n sa a, pandan Kanada ak Etazini se de peyi ki, asireman, ap bat l\u00f2t peyi yo fasil nan eliminatwa yo\u00bb prezantat\u00e8 ribrik \u00ab Sp\u00f2 alonwonnbad\u00e8 \u00bb sou radyo Ibo agimante.<\/p>\n<p>Plis ou gen resous, plis ou ka devlope foutb\u00f2l ou, Etienne endike.<\/p>\n<p>Ann raple Mondyal 2022 la ap f\u00e8t nan Katar, ant novanm ak desanm 2022. Se youn nan chanjman ki f\u00e8t ane sa a nan konpetisyon sa a ki konn \u00f2ganize an jen an jeneral.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Tiraj os\u00f2 22y\u00e8m edisyon Koup dimonn lan f\u00e8t vandredi 1ye avril 2022 sa a, nan Doha, kapital Katar, peyi k ap resevwa konpetisyon planet\u00e8 sa a. Moun ki fou pou balon wonn yo deja w\u00e8 kijan diferan gwoup yo ye, menm si ekip k ap jwe baraj yo poko ladan yo. Sepandan, gen yon bagay [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4377,4378],"tags":[],"class_list":["post-38240","post","type-post","status-publish","format-standard","category-espo","category-foutbol"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38240","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38240"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38240\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38240"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38240"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38240"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}