{"id":38221,"date":"2022-04-14T22:38:13","date_gmt":"2022-04-15T02:38:13","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ayiti-kilti-destination-aquin-festival-la-kanpe-depi-4-an\/"},"modified":"2022-04-14T22:38:13","modified_gmt":"2022-04-15T02:38:13","slug":"ayiti-kilti-destination-aquin-festival-la-kanpe-depi-4-an","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ayiti-kilti-destination-aquin-festival-la-kanpe-depi-4-an\/","title":{"rendered":"Ayiti-Kilti: \u201cDestination Aquin\u201d, festival la kanpe depi 4 an"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\">Jedi sen sa a te dwe lansman 12y\u00e8m edisyon festival ent\u00e8nasyonal, mizik ak dans tradisyon\u00e8l vil Aken, ki sispann depi 2019. Pou rezon ekonomik e akoz travay restorasyon plas dam nan, piblik Aken an oblije tann ank\u00f2 anvan l rejwenn tradisyon an.<\/p>\n<p class=\"p1\">Se te yon randevou Fondasyon Aken Solidarite (FAS) te lanse depi avril 2007, yon fondasyon moun Aken mete sou pye, ak Magguy Rigaud ak Magalie Comeau D\u00e9nis k\u00f2m lid\u00e8. Chak jedi sen, vil Julien Raymond lan te s\u00e8n youn nan pi gwo ev\u00e8nman kiltir\u00e8l nan Karayib la. Megastar ki sot an Afrik, an Ew\u00f2p, an Amerik latin ak nan Antiy te defile sou s\u00e8n vil la. Gwo non nan mizik ayisyen, tankou Tabou Combo, Mizik Mizik, Magnum Band, Zenglen, Ram ak Boukman Eksperyans te konn nan line-up ev\u00e8nman sa a yo rele \u00ab Destination Aquin \u00bb. Nou ka site tou atis tankou Jean Jean Roosevelt, B\u00e9lo ak BIC.<\/p>\n<p class=\"p1\">An 2020, pandemi COVID-19 la te f\u00f2se ekip la anile 12y\u00e8m edisyon an. Ane pase, yo pa t bay rezon anilasyon an, men nou te ka konstate jan travay reyabilitasyon plas dam nan, ki resevwa ev\u00e8nman an depi plis pase yon deseni, t ap mache dousman.<\/p>\n<p class=\"p1\">Ane sa a ank\u00f2, piblik la p ap gen dwa a \u201cfestival ent\u00e8nasyonal, mizik ak dans tradisyon\u00e8l\u201d la.<\/p>\n<p class=\"p1\">Se yon p\u00e8t pou vil sa a ki resevwa plizy\u00e8 milye touris chak ane, sitou pou ti kom\u00e8san yo, men tou pou kilti an jeneral.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Jedi sen sa a te dwe lansman 12y\u00e8m edisyon festival ent\u00e8nasyonal, mizik ak dans tradisyon\u00e8l vil Aken, ki sispann depi 2019. Pou rezon ekonomik e akoz travay restorasyon plas dam nan, piblik Aken an oblije tann ank\u00f2 anvan l rejwenn tradisyon an. Se te yon randevou Fondasyon Aken Solidarite (FAS) te lanse depi avril 2007, [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-38221","post","type-post","status-publish","format-standard","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38221","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38221"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38221\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38221"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38221"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38221"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}