{"id":38220,"date":"2022-04-16T10:11:37","date_gmt":"2022-04-16T14:11:37","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ayiti-relijyon-15-pawas-nan-potoprens-pou-chemen-lakwa-tradisyonel-la\/"},"modified":"2022-04-16T10:11:37","modified_gmt":"2022-04-16T14:11:37","slug":"ayiti-relijyon-15-pawas-nan-potoprens-pou-chemen-lakwa-tradisyonel-la","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ayiti-relijyon-15-pawas-nan-potoprens-pou-chemen-lakwa-tradisyonel-la\/","title":{"rendered":"Ayiti-Relijyon: 15 pawas nan P\u00f2toprens, pou chemen Lakwa tradisyon\u00e8l la"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Plizy\u00e8 milye kretyen katolik patisipe nan pwosesyon tradisyon\u00e8l la nan okazyon vandredi sen, ki make tou k\u00f2mansman tridy\u00f2m pak la. Se yon f\u00e8t kretyen ki vize komemore pasyon, lanm\u00f2 ak rezir\u00e8ksyon Jezikri.<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">15 pawas vwazen nan achidyos\u00e8z P\u00f2toprens lan rasanble pou reyalize aktivite sa a ki k\u00f2manse nan pawas Kris-Wa Liniv\u00e8 pou l rive Channmas, nan avni Repiblik la.<\/p>\n<p class=\"p1\">Devan yon cha mizikal, yon lanm\u00e8 moun defile ak chapl\u00e8, krisifi ak l\u00f2t obj\u00e8 litijik nan okazyon pwosesyon vandredi Sen sa a. J\u00e8n manm diferan gwoup, tankou KIRO, Scout, MEJ, deplwaye pou fasilite k\u00f2t\u00e8j la byen pase, anba je <a href=\"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/pnh-1189-nouvo-ajan-ranfose-efektif\/\" class=\"h24-lien-ctx\">polis nasyonal<\/a> la ki te veye ak bonvolonte.<\/p>\n<p class=\"p1\">Soti premye rive 14y\u00e8m estasyon an, yon gwoup j\u00e8n ap rejwe sa bib la rakonte sou arestasyon Jezi jiska lanm\u00f2 l. Asp\u00e8 teyatral sa a atire kiryozite moun k ap pase ak moun ki rete b\u00f2 lari yo plis.<\/p>\n<p class=\"p1\">Chak estasyon, se youn nan 15 pawas ki patisipe nan \u00f2ganizasyon ev\u00e8nman an ki monte l epi dekore l. Pr\u00e8t yo, pandan meditasyon yo, ak lapriy\u00e8 yo, ent\u00e8sede pou popilasyon k ap sibi vyolans gang ame nan Matisan, Fontamara, Kwadebouke, nan Bisantn\u00e8, nan P\u00f2tay Sen Joz\u00e8f, pami l\u00f2t.<\/p>\n<p class=\"p1\">Reveran P\u00e8 Frantzy Petit-Homme, youn nan lid\u00e8 ev\u00e8nman sa a, montre rekonesans li anv\u00e8 meri P\u00f2toprens ak polis nasyonal la pou kolaborasyon yo nan kad aktivite relijye sa a.<\/p>\n<p class=\"p1\">Nan 10y\u00e8m estasyon an, yo f\u00e8 yon k\u00e8t pou pawas ki nan z\u00f2n difisil yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">E finalman, nan apremidi, fid\u00e8l yo retounen nan pawas yo pou venerasyon Lakwa.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Plizy\u00e8 milye kretyen katolik patisipe nan pwosesyon tradisyon\u00e8l la nan okazyon vandredi sen, ki make tou k\u00f2mansman tridy\u00f2m pak la. Se yon f\u00e8t kretyen ki vize komemore pasyon, lanm\u00f2 ak rezir\u00e8ksyon Jezikri. 15 pawas vwazen nan achidyos\u00e8z P\u00f2toprens lan rasanble pou reyalize aktivite sa a ki k\u00f2manse nan pawas Kris-Wa Liniv\u00e8 pou l rive Channmas, [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4381],"tags":[],"class_list":["post-38220","post","type-post","status-publish","format-standard","category-sosyete"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38220","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38220"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38220\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38220"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38220"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38220"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}