{"id":38216,"date":"2022-04-19T15:51:52","date_gmt":"2022-04-19T19:51:52","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ayiti-kilti-nu-look-nan-olympia-komante-yon-animate-radyo\/"},"modified":"2022-04-19T15:51:52","modified_gmt":"2022-04-19T19:51:52","slug":"ayiti-kilti-nu-look-nan-olympia-komante-yon-animate-radyo","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ayiti-kilti-nu-look-nan-olympia-komante-yon-animate-radyo\/","title":{"rendered":"Ayiti-Kilti: Nu Look nan Olympia, k\u00f2mant\u00e8 yon animat\u00e8 radyo"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><b>Se te yon doub f\u00e8t nan klib mitik Olympia, dimanch 17 avril 2022 sa a. Apre yo te ranvwaye l 13 fevriye ki sot pase a akoz mezi restriksyon gouv\u00e8nman frans\u00e8 a te enpoze pou pandemi covid-19 la, sware Nu Look sa a ap rete youn nan pi b\u00e8l paj nan istwa l. Kendjy Jeanty, animat\u00e8 radyo ak temwen ev\u00e8nman make sa a, k\u00f2mante.<\/b><\/p>\n<p class=\"p1\">Sware sa a nan youn nan pi gwo teyat Pari te make tou 22 an Nu Look ak 25 an kary\u00e8 Arly Larivi\u00e8re. Yon pari gwoup la genyen, Kendjy Jeanty, animat\u00e8 radyo k ap viv an Frans depi 2016, endike depi ok\u00f2mansman.<\/p>\n<p class=\"p1\">Pou Jeanty, f\u00f2k nou leve chapo tou pou gwoup Nu Look, akoz difikilte li te rankontre pandan d\u00e8nye sem\u00e8n anvan kons\u00e8 a. An ef\u00e8, nou sonje, yo pa t apwouve viza plizy\u00e8 mizisyen gwoup la. Kidonk Arly te oblije pran s\u00e8vis mizisyen sou plas.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Arly te konnen tr\u00e8 byen li pa t gen dwa f\u00e8 er\u00e8. Jwe nan klib sa a se yon defi pou gwoup Konpa yo. Malgre difikilte li te rankontre, li te kontakte mizisyen ki gen anpil eksperyans pou sove sware a. E mwen ka di kl\u00e8man se pi b\u00e8l sware Nu Look janm ofri piblik li \u00bb, animat\u00e8 ki soti Miragw\u00e0n nan endike.<\/p>\n<p class=\"p1\">Nu Look mize sou pwen f\u00f2 l, sa vle di tout chante hit ki nan rep\u00e8twa l. Anplis, Arly f\u00e8 yon bon kou l\u00e8 l rann Fr\u00e8 D\u00e9jean yo ak \u00f2k\u00e8s Tropicana yon omaj vibran, l\u00e8 l mete chante gwoup sa yo nan playlist li, animat\u00e8 ki anime sou radyo Flamax vil kote l f\u00e8t la, Lafrans, f\u00e8 remake.<\/p>\n<p class=\"p1\">Apre Tabou Combo an 2007 ak Carimi an 2012, Nu Look se kounye a 3y\u00e8m gwoup ayisyen ki konkeri Olympia.<\/p>\n<p class=\"p1\">Klib mitik sa a se youn nan pi ansyen mizik-hall yo, yo te inogire l an 1893. Li sitiye nan 9y\u00e8m awondisman Pari ak yon kapasite 1772 a 1996 plas chita oswa 2824 plas kanpe. Plizy\u00e8 gwo non nan mizik mondyal te sou afich Olympia pandan de d\u00e8nye sy\u00e8k sa yo. Nu Look nan lis la kounye a.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Se te yon doub f\u00e8t nan klib mitik Olympia, dimanch 17 avril 2022 sa a. Apre yo te ranvwaye l 13 fevriye ki sot pase a akoz mezi restriksyon gouv\u00e8nman frans\u00e8 a te enpoze pou pandemi covid-19 la, sware Nu Look sa a ap rete youn nan pi b\u00e8l paj nan istwa l. Kendjy Jeanty, [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":19,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-38216","post","type-post","status-publish","format-standard","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38216","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/19"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38216"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38216\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38216"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38216"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38216"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}