{"id":38202,"date":"2022-04-26T21:50:32","date_gmt":"2022-04-27T01:50:32","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ayiti-gaz-rate-gazolin-mal-sa-a-k-ap-toumante-nou\/"},"modified":"2022-04-26T21:50:32","modified_gmt":"2022-04-27T01:50:32","slug":"ayiti-gaz-rate-gazolin-mal-sa-a-k-ap-toumante-nou","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ayiti-gaz-rate-gazolin-mal-sa-a-k-ap-toumante-nou\/","title":{"rendered":"Ayiti-Gaz: Rate gazolin, mal sa a k ap toumante nou"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\">Rate gazolin nan ap kontinye nan P\u00f2toprens ak nan vil pwovens yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">Peyi a k\u00f2manse yon l\u00f2t sem\u00e8n ank\u00f2 ak rate pwodui petwolye. Pr\u00e8ske tout estasyon gaz Hebdo24 vizite yo f\u00e8men. Chof\u00e8 ak motosiklis ap pase anpil miz\u00e8 pou jwenn likid presye sa a.<\/p>\n<p class=\"p1\">Yon nouvo sem\u00e8n rive, sitiyasyon an rete menm jan an Ayiti. P\u00e0n s\u00e8k la toujou ap toumante lavi Ayisyen ak Ayisy\u00e8n chak jou.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Depi 6\u00e8 di maten, m ap f\u00e8 wonn z\u00f2n metwopolit\u00e8n nan pou ch\u00e8che gaz, men pou granmesi \u00bb, chof\u00e8 taksi moto sa a plenyen.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Mwen al nan avni Krist\u00f2f, mwen pase Tijo, Lalue, tout ponp yo f\u00e8men \u00bb, yon l\u00f2t chof\u00e8 Taptap ajoute.<\/p>\n<p class=\"p1\">Se yon sitiyasyon ki vin pi konplike chak jou. Estasyon s\u00e8vis yo pa ka s\u00e8vi konsomat\u00e8 yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">Nan yon ponp gaz yo vizite madi maten, yo remake yon long liy machin ak motosikl\u00e8t. Bri a kouri ponpis yo pral k\u00f2manse distribye gaz e chof\u00e8 yo ap tante chans yo. Men, se p\u00e8t tan. Ponpis la kraze tout espwa l\u00e8 l deklare pa genyen ank\u00f2.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Nou pa f\u00e8 retansyon isit la. Men kounye a, rez\u00e8vwa yo s\u00e8k \u00bb, ponpis la jistifye.<\/p>\n<p class=\"p1\">E devan rate sa a, kom\u00e8s enf\u00f2m\u00e8l pwodui petwolye ap vin pi f\u00f2. E k\u00e8k chof\u00e8 pa gen l\u00f2t chwa pase achte gaz yo ekspoze sou twotwa yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Moto a se pen chak jou nou. F\u00f2 n travay pou n peye kontra a, epi apre sa jwenn kich\u00f2y pou n pote lakay. Nou pa gen l\u00f2t chwa pase pran gaz sa a malgre risk move kalite \u00bb, Junior regr\u00e8t, chita trankil sou moto l.<\/p>\n<p class=\"p1\">Sikilasyon ralanti nan diferan z\u00f2n, blokis nan l\u00f2t, difikilte pou pasaj\u00e8 ak pasaj\u00e8z jwenn plas nan transp\u00f2 piblik, ogmantasyon pri kous yo, konsekans rate gaz la anpil.<\/p>\n<p class=\"p1\">Rate gaz se yon bagay ki toujou ap repete ann Ayiti depi plis pase dezan. E otorite ki kons\u00e8ne yo gen difikilte pou jwenn solisyon dirab. Nan k\u00f2mansman ane 2022, gouv\u00e8nman an te anonse yon sibvansyon sible pou machin transp\u00f2 piblik yo. Chof\u00e8 yo te dwe resevwa kat petwolye pou evite ogmante pri traj\u00e8 yo. Sepandan, jiska prezan, Leta ayisyen an poko pase de paw\u00f2l a lakay.<\/p>\n<p class=\"p1\">Rate gaz, gang ame ak lavi ch\u00e8, yon move melanj ki f\u00e8 lavi vin pi enposib chak jou ann Ayiti.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Rate gazolin nan ap kontinye nan P\u00f2toprens ak nan vil pwovens yo. Peyi a k\u00f2manse yon l\u00f2t sem\u00e8n ank\u00f2 ak rate pwodui petwolye. Pr\u00e8ske tout estasyon gaz Hebdo24 vizite yo f\u00e8men. Chof\u00e8 ak motosiklis ap pase anpil miz\u00e8 pou jwenn likid presye sa a. Yon nouvo sem\u00e8n rive, sitiyasyon an rete menm jan an Ayiti. [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4381],"tags":[],"class_list":["post-38202","post","type-post","status-publish","format-standard","category-sosyete"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38202","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38202"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38202\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38202"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38202"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38202"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}