{"id":38201,"date":"2022-04-27T18:44:43","date_gmt":"2022-04-27T22:44:43","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ayiti-ensekirite-nouvo-refijye-plenn-kildesak-yo\/"},"modified":"2022-04-27T18:44:43","modified_gmt":"2022-04-27T22:44:43","slug":"ayiti-ensekirite-nouvo-refijye-plenn-kildesak-yo","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ayiti-ensekirite-nouvo-refijye-plenn-kildesak-yo\/","title":{"rendered":"Ayiti-Ensekirite: Nouvo refijye Plenn Kildesak yo"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Plizy\u00e8 sant\u00e8n fanmi k ap kouri pou lag\u00e8 gang ame yo nan Plenn Kildesak al rete sou plas piblik Clercine. Abandone, nouvo deplase sa yo rete pou kont yo. Prive de pr\u00e8ske tout bagay, yo pa konn ki sen pou yo priye.<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Tibebe, timoun, j\u00e8n ak granmoun. Gen tout kategori moun sou plas piblik sa a nan Clercine. Yo pa la pou yo detann yo, men pou yo jwenn refij. Moun sa yo te oblije pran kouri, abandone kay yo pou yo chape anba later\u00e8 gang ame k ap goumen nan Plenn Kildesak.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab A, sitiyasyon nou lamantab. Nou pa konn sa pou n f\u00e8 \u00bb, yon deplase di ak vwa l mare ak trist\u00e8s.<\/p>\n<p class=\"p1\">Tout bagay te k\u00f2manse nan nwit samdi 23 pou dimanch 24 avril, l\u00e8 gang rival yo rele <a href=\"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/400-mawozo-bukele-kraze-kay-lanmo-san-jou\/\" class=\"h24-lien-ctx\">400 Mawozo<\/a> ak Chen Mechan k\u00f2manse f\u00e8 zam yo chante. Malfekt\u00e8 yo menm f\u00e8 eripsyon nan k\u00e8k kay, sa ki f\u00f2se moun kouri.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Nou leve dimanch maten nan kout zam sa yo. Premye bagay pou n te f\u00e8 se te kache pitit nou anba kabann \u00bb, yon sitwayen ki rete Kwad\u00e8misyon rakonte.<\/p>\n<p class=\"p1\">Sepandan, kite z\u00f2n nan pa t fasil pou sitwayen sa yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Nou pran kouri an kach\u00e8t. Paske, si bandi l\u00f2t kan an te kwaze nou, yo te ka touye nou \u00bb, yon l\u00f2t deplase deklare.<\/p>\n<p class=\"p1\">E pandan deplasman f\u00f2se sa yo, majorite fanmi sa yo pa t ka pote anyen av\u00e8 yo. Dra ak k\u00e8k rad, pou k\u00e8k ladan yo. Se ka Marl\u00e8ne, manman yon tibebe 10 mwa.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Mwen pase nwit lan lakay yon zanmi. Mwen pa t ka pran anyen av\u00e8 m. Sa ki te enp\u00f2tan se te sove po m \u00bb, li di.<\/p>\n<p class=\"p1\">Se yon vr\u00e8 kalv\u00e8 pou moun sa yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">L\u00e9vy gen 11 an. \u00d2felen papa ak manman, li rete Butte Boyer ak grann li. Timoun nan sonje kijan li te chape anba vyolans gang yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Grann mwen ak mwen te mache a pye nan plizy\u00e8 kote anvan nou rive lakay yon matant pou n pase nwit lan nan yon ti kay \u00bb, timoun nan deklare.<\/p>\n<p class=\"p1\">Sabine, li menm tou, pran refij ak paran l sou plas la. Je l kole sou ekran android li, tifi a deja p\u00e8 konsekans lag\u00e8 sa a sou r\u00e8s ane lek\u00f2l la.<\/p>\n<p class=\"p1\">Depi yo rive sou plas la dimanch, miz\u00e8 plizy\u00e8 diz\u00e8n fanmi deplase sa yo k\u00f2manse. Isit la, yo manke tout bagay.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Nou pa gen anyen ditou. Pa gen dlo. Y\u00e8, nou te manje espageti \u00bb, yon sitwayen, papa 4 pitit, di.<\/p>\n<p class=\"p1\">Plizy\u00e8 diz\u00e8n fanmi deplase sa yo nan bout fil. Devan absans otorite ki kons\u00e8ne yo, pou vin ede refijye sa yo, k\u00e8k sitwayen ak sitway\u00e8n nan z\u00f2n nan tounen bon samariten.<\/p>\n<p class=\"p1\">Antretan, gang yo kontinye move zak yo. Y ap pran teritwa epi y ap f\u00f2se sitwayen trankil yo kouri. Tout sa, anba je pasif dirijan yo, ki touche chak mwa, ak lajan kontribyab yo.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Plizy\u00e8 sant\u00e8n fanmi k ap kouri pou lag\u00e8 gang ame yo nan Plenn Kildesak al rete sou plas piblik Clercine. Abandone, nouvo deplase sa yo rete pou kont yo. Prive de pr\u00e8ske tout bagay, yo pa konn ki sen pou yo priye. Tibebe, timoun, j\u00e8n ak granmoun. Gen tout kategori moun sou plas piblik sa [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":34,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4376],"tags":[],"class_list":["post-38201","post","type-post","status-publish","format-standard","category-jistis"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38201","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/34"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38201"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38201\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38201"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38201"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38201"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}