{"id":38200,"date":"2022-04-28T08:17:32","date_gmt":"2022-04-28T12:17:32","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ayiti-ensekirite-etidyan-mache-pou-osny-zidor\/"},"modified":"2022-04-28T08:17:32","modified_gmt":"2022-04-28T12:17:32","slug":"ayiti-ensekirite-etidyan-mache-pou-osny-zidor","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ayiti-ensekirite-etidyan-mache-pou-osny-zidor\/","title":{"rendered":"Ayiti-Ensekirite: Etidyan mache pou Osny Zidor"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Plizy\u00e8 sant\u00e8n etidyan Fakilte Medsin P\u00f2toprens mache pasifikman, m\u00e8kredi 27 avril sa a nan kapital la, pou mande jistis ak reparasyon pou kamarad yo, Osny Zidor, yo te touye ak bal samdi 23 avril ki sot pase a.<br \/>\n<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Soti nan ri Oswald Durand rive Bwav\u00e8na, manifestan yo eksprime jan yo bouke ak ensekirite k ap grandi nan peyi a epi yo denonse jan otorite yo lage k\u00f2 yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">Lanm\u00f2 etidyan Osny Zidor plonje kamarad li yo nan fakilte medsin nan nan yon gwo k\u00f2l\u00e8.<\/p>\n<p class=\"p1\"> W\u00f2ch gaye isit ak l\u00f2tb\u00f2 sou wout la, ch\u00e8z mete sou wout piblik la. Sikilasyon an paralize n\u00e8t nan perim\u00e8t fakilte a. Abiye ak blouz yo, etidyan manifestan yo mobilize. Yo mande jistis pou kamarad yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Osny Zidor pa merite sa k rive l la. Se te pitit peyizan, ki te sakrifye t\u00e8t li pou chanje kondisyon lavi l. Jistis pou Zidor \u00bb, yo t ap scande.<\/p>\n<p class=\"p1\">Natif Ti Gwav, etidyan 5y\u00e8m ane medsin, Osny te pran yon bal nan kou nan Bwav\u00e8na, 23 avril ki sot pase a, pandan li te anndan yon minibis. \u00ab Krim abominab sa a rev\u00f2lte nou tout nan FMP \u00bb, yon etidyan soutni ak pankat li kote yo ekri \u00ab Nou viv, paske viv se yon dwa \u00bb<\/p>\n<p class=\"p1\">Aplike, senpatik, respektye, toujou pare pou kolabore, etidyan yo pa manke b\u00e8l paw\u00f2l pou pale de Osny Zidor, ki mouri, dapre yo, akoz enkonpetans ekip gouv\u00e8nmantal la.<\/p>\n<p class=\"p1\">Sou tout pakou mach la, manifestan yo ap chante. R\u00e8l dezespwa ak eslogan k ap mande lap\u00e8 yo montre yon jen\u00e8s ki pi dekouraje pase janm e ki bouke ak ensekirite.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Nou bouke , nou pa kapab ank\u00f2 \u00bb, manifestan yo chante.<\/p>\n<p class=\"p1\">Li pr\u00e8ske midi. Manifestan yo pa okipe sol\u00e8y cho a epi yo kontinye itiner\u00e8 yo. Destinasyon: Bwav\u00e8na, kote krim lan te f\u00e8t la. Sou yon dra blan, yo depoze gwo bouke fl\u00e8 ak bouji b\u00f2 kote yon foto defen an. Pou rann kamarad yo omaj, manifestan yo f\u00e8 yon s\u00e8k epi yo kenbe bouji nan men yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">Atmosf\u00e8 a pito lugubr. L\u00e8 yo w\u00e8 Osny Zidor yo a sou foto a, k\u00e8k etidyan pa ka konsole. Y ap kriye kou yon rivy\u00e8.<\/p>\n<p class=\"p1\">Nan P\u00f2toprens, anyen pa s\u00e8ten, s\u00f2f lanm\u00f2. Soti samdi 23 rive m\u00e8kredi 27 avril, san plizy\u00e8 inosan koule. Pami yo, L\u00e9ger Boyer, yon j\u00e8n kad nan direksyon jeneral Enpo yo, yo touye nan Delmas 83 pandan yon tantativ kidnaping. Nou pa ka bliye 18 sivil yo touye nan lag\u00e8 gang yo nan Plenn nan. E kounye a, se tou pa kiy\u00e8s?<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Plizy\u00e8 sant\u00e8n etidyan Fakilte Medsin P\u00f2toprens mache pasifikman, m\u00e8kredi 27 avril sa a nan kapital la, pou mande jistis ak reparasyon pou kamarad yo, Osny Zidor, yo te touye ak bal samdi 23 avril ki sot pase a. Soti nan ri Oswald Durand rive Bwav\u00e8na, manifestan yo eksprime jan yo bouke ak ensekirite k ap [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4376],"tags":[],"class_list":["post-38200","post","type-post","status-publish","format-standard","category-jistis"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38200","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38200"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38200\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38200"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38200"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38200"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}