{"id":38197,"date":"2022-04-30T20:17:02","date_gmt":"2022-05-01T00:17:02","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ayiti-ekonomi-fet-travay-ak-agrikilti-nan-mitan-kriz\/"},"modified":"2026-11-17T03:33:43","modified_gmt":"2026-11-17T08:33:43","slug":"ayiti-ekonomi-fet-travay-ak-agrikilti-nan-mitan-kriz","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ayiti-ekonomi-fet-travay-ak-agrikilti-nan-mitan-kriz\/","title":{"rendered":"Ayiti-Ekonomi: F\u00e8t travay ak agrikilti, nan mitan kriz"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\" style=\"text-align: center;\"><!--more--><\/p>\n<p class=\"p1\"><em>\u00ab An n kore agrikilti ak travay, pou n gen plis sekirite \u00bb, se t\u00e8m selebrasyon f\u00e8t agrikilti ak travay la, 1ye me 2022 sa a.<\/em> <\/p>\n<p class=\"p1\">\n\u00ab <em>Travay\u00e8 ak travay\u00e8z yo jwe yon w\u00f2l enp\u00f2tan nan ekonomi peyi a <\/em>\u00bb, minis af\u00e8 sosyal ak travay la, Pierre Ricot Odney, soutni, pandan lansman aktivite selebrasyon yo, nan MUPANAH, vandredi 29 avril 2022.<\/p>\n<p class=\"p1\">Si f\u00e8t travay ann Ayiti gen gou parad\u00f2ks akoz nivo chomaj nan peyi a, men tou kondisyon travay ki difisil yo, minis travay la eseye rasire, pandan l bay garanti minist\u00e8 l la ap kontinye f\u00e8 ef\u00f2 pou akonpaye ouvriye ak ouvriy\u00e8z yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">Minis, direkt\u00e8 jeneral, responsab f\u00f2s l\u00f2d, tout te defile nan jaden MUPANAH, pandan konferans sa a.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab <em>1ye me se yon dat ki gen anpil siyifikasyon pou tout peyi a <\/em>\u00bb, minis agrikilti, resous natir\u00e8l ak devlopman riral la, Bredy Charlot, endike. Minis la retounen sou w\u00f2l agrikilti te jwe nan ekonomi ayisyen an nan yon ep\u00f2k, kote li te reprezante plis pase 60% ekonomi ayisyen an. Li salye vanyan agrikilt\u00e8 yo ki, malgre kondisyon difisil y ap f\u00e8 fas, kontinye travay t\u00e8 a pou yo viv epi nouri popilasyon an.<\/p>\n<p class=\"p1\">Ayiti ap pare pou selebre f\u00e8t agrikilti ak travay nan yon kont\u00e8ks tr\u00e8 difisil. Premye minis de facto a pa nye sa. \u00ab <em>N ap trav\u00e8se yon sitiyasyon difisil nan lavi nou k\u00f2m p\u00e8p, ki karakterize pa ensekirite ak yon enflasyon k ap grandi <\/em>\u00bb, Ariel Henry deklare.<\/p>\n<p class=\"p1\">Ch\u00e8f primati a f\u00e8 yon ti siy pou jounalye ak ouvriye k ap bay tout k\u00f2 yo epi k ap itilize f\u00f2s travay yo pou ranf\u00f2se pwodiksyon endistriy\u00e8l ann Ayiti.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab  <em>Nou kontinye kw\u00e8 agrikilti reprezante youn nan prensipal sekt\u00e8 ki ka libere potansy\u00e8l kwasans ekonomik nasyon an, redui inegalite revni, flou migratwa, estabilize goud la ak redui enflasyon \u00bb<\/em>, ch\u00e8f primati a deklare.<\/p>\n<p class=\"p1\">Antretan, ouvriye ak ouvriy\u00e8z tekstil yo anonse de jou mobilizasyon, 1ye ak 2 me 2022, pou reklame 1 500 goud k\u00f2m sal\u00e8 minim\u00f2m.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372],"tags":[],"class_list":["post-38197","post","type-post","status-publish","format-standard","category-aktyalite"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38197","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38197"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38197\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":39618,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38197\/revisions\/39618"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38197"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38197"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38197"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}