{"id":38195,"date":"2022-05-01T10:37:42","date_gmt":"2022-05-01T14:37:42","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ant-angajman-ak-pespektiv-fondasyon-digicel-soufle-15yem-bouji-l-ann-ayiti\/"},"modified":"2022-05-01T10:37:42","modified_gmt":"2022-05-01T14:37:42","slug":"ant-angajman-ak-pespektiv-fondasyon-digicel-soufle-15yem-bouji-l-ann-ayiti","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ant-angajman-ak-pespektiv-fondasyon-digicel-soufle-15yem-bouji-l-ann-ayiti\/","title":{"rendered":"Ant angajman ak p\u00e8spektiv, Fondasyon Digicel soufle 15y\u00e8m bouji l ann Ayiti"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Fondasyon Digicel, filyal konpayi telef\u00f2n mobil ki revolisyone telekominikasyon ann Ayiti a, fete 1ye me 2022 sa a 15 an egzistans li sou t\u00e8 ayisyen (2007).<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Depi li etabli nan peyi a, Fondasyon sa a afime li touche 1 355 311 moun gras a yon envestisman 79,2 milyon dola ameriken nan edikasyon, devlopman pwofesyon\u00e8l ak anpil l\u00f2t dom\u00e8n atrav\u00e8 sibvansyon pwoj\u00e8 li yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">Pou pr\u00e8v, Fondasyon an bati 188 lek\u00f2l. Yo benefisye plis pase 60 000 el\u00e8v, ki gaye nan 10 depatman jewografik peyi a, se sa nou li nan yon kominike.<\/p>\n<p class=\"p1\">Anplis, Fondasyon an f\u00e8 konnen etablisman sa yo souvan sitiye nan kote ki lwen e ki difisil pou rive. Gras a yon patenarya ak MENFP, Fondasyon Digicel endike li lanse yon pwogram f\u00f2masyon pou pwofes\u00e8 ak direkt\u00e8 lek\u00f2l e li f\u00f2me plis pase 1 700.<\/p>\n<p class=\"p1\">Edikasyon se pa s\u00e8l defi Fondasyon an ede leve ann Ayiti. Lwen de la! Ent\u00e8vansyon l yo gaye nan l\u00f2t dom\u00e8n e envestisman l yo p\u00e8m\u00e8t reyalize plis pase 250 pwoj\u00e8, atrav\u00e8 patenarya alont\u00e8m ak antite k ap travay swa nan esp\u00f2, nan edikasyon sipery\u00e8 oswa nan sip\u00f2 pou moun ki gen bezwen espesyal.<\/p>\n<p class=\"p1\">Anplis, atrav\u00e8 pwogram \u00ab Konbit Pou Chanjman \u00bb li lanse an 2017 la, Fondasyon an sip\u00f2te finansy\u00e8man 91 pwoj\u00e8 kominot\u00e8 pou yon total 77 milyon goud nan dom\u00e8n tankou agrikilti, elvaj, aks\u00e8 a dlo, lap\u00e8ch, pami l\u00f2t.<\/p>\n<p class=\"p1\">Konpayi Digicel ankouraje anplwaye l yo anpil pou yo angaje yo nan kominote yo, paske kote konpayi an ap grandi, kominote a dwe grandi tou. Li vle ofri pi plis pase s\u00e8vis kom\u00e8syal li yo, se nan sans sa a li mete konpetans resous imen l yo a dispozisyon kolektivite yo l\u00e8 l envite yo patisipe nan plizy\u00e8 jounen volontarya.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Ane pase s\u00e8lman, dizuit nan jounen sa yo te f\u00e8t sou tout teritwa a. Aktivite sa yo te gen ladan yo asenisman vil, klinik mobil pou moun ki gen andikap, distribisyon twous sanit\u00e8 elatriye \u00bb, kominike a revele.<\/p>\n<p class=\"p1\">Nan okazyon an, Direktris Egzekitif Fondasyon Digicel la, Sophia Stransky, di li fy\u00e8 de reyalizasyon Fondasyon an ak angajman l b\u00f2 kote kominote yo. Li ajoute \u00ab \u00c8d youn bay l\u00f2t ta dwe enskri nan chak grenn nan nou, mwen te temwen sip\u00f2 Fondasyon an nan moman difisil pou peyi a, pandan tranblemannt\u00e8 12 janvye ak 14 out yo, anpil sikl\u00f2n, sitou Matthew \u00bb.<\/p>\n<p class=\"p1\">An d\u00e8nye rekou, li pwom\u00e8t angajman enstitisyon l ap dirije a ap kontinye, pandan l pwofite okazyon an pou anonse anpil inisyativ pral pran ane sa a pou make pery\u00f2d sa a, men tou pou konfime volonte Fondasyon an pou kontribye nan yon pi bon demen pou Ayiti.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Fondasyon Digicel, filyal konpayi telef\u00f2n mobil ki revolisyone telekominikasyon ann Ayiti a, fete 1ye me 2022 sa a 15 an egzistans li sou t\u00e8 ayisyen (2007). Depi li etabli nan peyi a, Fondasyon sa a afime li touche 1 355 311 moun gras a yon envestisman 79,2 milyon dola ameriken nan edikasyon, devlopman pwofesyon\u00e8l ak [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":34,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4381],"tags":[],"class_list":["post-38195","post","type-post","status-publish","format-standard","category-sosyete"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38195","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/34"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38195"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38195\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38195"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38195"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38195"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}