{"id":38191,"date":"2022-05-03T21:45:01","date_gmt":"2022-05-04T01:45:01","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ayiti-lapres-nimerizasyon-nan-ke-selebrasyon-jounen-mondyal-libete-lapres\/"},"modified":"2022-05-03T21:45:01","modified_gmt":"2022-05-04T01:45:01","slug":"ayiti-lapres-nimerizasyon-nan-ke-selebrasyon-jounen-mondyal-libete-lapres","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ayiti-lapres-nimerizasyon-nan-ke-selebrasyon-jounen-mondyal-libete-lapres\/","title":{"rendered":"Ayiti-Lapr\u00e8s: Nimerizasyon nan k\u00e8 selebrasyon jounen mondyal lib\u00e8te lapr\u00e8s"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><em>Madi 3 me, lemond selebre jounen lib\u00e8te lapr\u00e8s. Ann Ayiti, asosyasyon jounalis ayisyen yo (AJH) komemore jounen sa a pandan l mete aksan sou nimerik. Nan sans sa a, yo \u00f2ganize yon maten deba ak jounalis kary\u00e8 ak espesyalis. Objektif la se reflechi sou plas nimerik nan pratik metye a ann Ayiti.<\/em><\/p>\n<p class=\"p1\">\u201c Lapr\u00e8s ayisyen devan defi nimerik la, ak aks\u00e8 a enf\u00f2masyon \u00bb, se sou t\u00e8m sa a Asosyasyon jounalis ayisyen yo (AJH) \u00f2ganize maten deba sa a nan okazyon jounen mondyal lib\u00e8te lapr\u00e8s.<\/p>\n<p class=\"p1\">Dapre Jacques Desrosiers, sekret\u00e8 jeneral AJH, t\u00e8m nan vini nan bon moman, nan yon ep\u00f2k kote nimerik gen gwo enfliyans sou travay jounalis yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Se yon reyalite, nimerizasyon gen yon gwo enfliyans sou pratik jounalis ann Ayiti, sou fonksy\u00f2nman lapr\u00e8s \u00bb, responsab la, ki travay tou nan Biwo pwoteksyon sitwayen an, soutni.<\/p>\n<p class=\"p1\">Sekt\u00e8 nimerik la ap grandi anpil ann Ayiti. D\u00e8nye ane sa yo, medya sou ent\u00e8n\u00e8t yo pran lari. Tr\u00e8 souvan, k\u00e8k nan medya sa yo pa respekte prensip debaz metye a epi yo f\u00e8 derapaj. Jacques Desrosiers pa nye sa.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Wi, nou konnen gen derapaj. Men se pa s\u00e8lman ann Ayiti, se yon reyalite mondyal. Se pout\u00e8t sa n ap reflechi pou n w\u00e8 kijan pou n korije derapaj sa yo \u00bb, Jacques Desrosiers deklare.<\/p>\n<p class=\"p1\">Kit se medya tradisyon\u00e8l, kit se medya nimerik k ap pouse pi plis chak jou ann Ayiti, yo pa dwe mete prensip debaz yo sou kote, Gotson Pierre raple.<\/p>\n<p class=\"p1\">Objektif, misyon jounalis la se enf\u00f2me. Resp\u00e8 etik, difizyon enf\u00f2masyon ki fyab dwe toujou pran an kont \u00bb, mapou lapr\u00e8s ayisyen an ensiste.<\/p>\n<p class=\"p1\">Av\u00e8k pouvwa medya sou ent\u00e8n\u00e8t yo k ap monte ak op\u00f2tinite nouvo teknoloji yo ofri, plizy\u00e8 moun estime nimerik la reprezante avni jounalis. Sepandan, Gotson Pierre<\/p>\n<p class=\"p1\">kw\u00e8 ent\u00e8n\u00e8t pa ka ranplase l\u00f2t medya yo ditou.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Okenn medya pa ka ranplase oswa f\u00e8 yon l\u00f2t medya dispar\u00e8t, paske se pa tout moun ki gen aks\u00e8 a nimerik \u00bb, PDG Alterpresse la eksplike.<\/p>\n<p class=\"p1\">Difizyon enf\u00f2masyon ki pa verifye, sansasyonalis, mank pwofesyonalis, medya nimerik yo resevwa anpil kritik. Gotson Pierre di li an fav\u00e8 nimerizasyon, men pa yon nimerizasyon pou f\u00e8 sansasyon, ni pou f\u00e8 buzz.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Nimerizasyon n ap pale a, se yon nimerizasyon pou enf\u00f2masyon ki verifye, pou enf\u00f2masyon ki respekte prensip deyontolojik yo, pa pou f\u00e8 spektak, sansasyon \u00bb, Gotson Pierre souliye.<\/p>\n<p class=\"p1\">Depi yon bon bout tan, n ap asiste yon niv\u00e8lman pa anba nan lapr\u00e8s ayisyen an. Nan okazyon jounen mondyal lib\u00e8te lapr\u00e8s, li bon e li jis pou jounalis yo, medya yo, kit yo nimerik kit yo pa nimerik, reflechi sou prensip ki apwopriye ki ap p\u00e8m\u00e8t yo pa tonbe nan manke resp\u00e8 deyontoloji jounalistik ak r\u00e8g etik ki mache ak pwofesyon an.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Madi 3 me, lemond selebre jounen lib\u00e8te lapr\u00e8s. Ann Ayiti, asosyasyon jounalis ayisyen yo (AJH) komemore jounen sa a pandan l mete aksan sou nimerik. Nan sans sa a, yo \u00f2ganize yon maten deba ak jounalis kary\u00e8 ak espesyalis. Objektif la se reflechi sou plas nimerik nan pratik metye a ann Ayiti. \u201c Lapr\u00e8s ayisyen [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372],"tags":[],"class_list":["post-38191","post","type-post","status-publish","format-standard","category-aktyalite"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38191","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38191"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38191\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38191"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38191"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38191"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}