{"id":38178,"date":"2022-05-09T19:57:14","date_gmt":"2022-05-09T23:57:14","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ayiti-pwoblem-matisan-an-pral-rezoud-byento-frantz-elbe-pwomet\/"},"modified":"2022-05-09T19:57:14","modified_gmt":"2022-05-09T23:57:14","slug":"ayiti-pwoblem-matisan-an-pral-rezoud-byento-frantz-elbe-pwomet","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ayiti-pwoblem-matisan-an-pral-rezoud-byento-frantz-elbe-pwomet\/","title":{"rendered":"Ayiti: \u00ab Pwobl\u00e8m Matisan an pral rezoud byento \u00bb, Frantz Elb\u00e9 pwom\u00e8t"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>An ef\u00e8, nimewo en <a href=\"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/pnh-1189-nouvo-ajan-ranfose-efektif\/\" class=\"h24-lien-ctx\">Polis Nasyonal<\/a> d Ayiti a bay garanti sa a, lendi sa a, pandan yon konferans pou lapr\u00e8s, kote li mande popilasyon an pran pasyans. Dapre Frantz Elb\u00e9, gouv\u00e8nman an ak polis la ap travay di sou sitiyasyon yo konsidere espesyal sa a.<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab F\u00f2s l\u00f2d yo pral pousuiv nenp\u00f2t bandi, e polis la pa gen pou l kolabore ak okenn gang \u00bb, ch\u00e8f enstitisyon polisye a deklare tou. Frantz Elb\u00e9 pwom\u00e8t pou l retabli lap\u00e8 nan z\u00f2n gang yo kontwole epi p\u00e8m\u00e8t sitwayen ki te kouri kite z\u00f2n nan retounen lakay yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">Ansyen enspekt\u00e8 jeneral PNH a gen entansyon f\u00e8 diferan ant\u00e8n polis bandi ame yo te sakaje ak kraze yo fonksyone ank\u00f2.<\/p>\n<p class=\"p1\"><strong>Bilan Frantz Elb\u00e9<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">94 bandi abat, anviwon 5 mil arestasyon, plis pase 200 zam afe konfiske, 25 kilo kokayin ak yon bato konfiske, 21 machin rekipere. Men bilan sis premye mwa Frantz Elb\u00e9 alat\u00e8t Polis Nasyonal d Ayiti. Nan konferans pou lapr\u00e8s lendi a, direkt\u00e8 jeneral a.i PNH a enf\u00f2me tou f\u00f2s l\u00f2d yo sezi swasanndizuit mil senksan ven (78 520) dola ameriken ak trannkat milyon desan vennsenk mil senksan swasannkenz (34 225 575) goud anba k\u00f2mandman li.<\/p>\n<p class=\"p1\">K\u00f2mandan an ch\u00e8f la, ki souliye li te pran r\u00e8n enstitisyon an nan yon kont\u00e8ks sosyopolitik difisil, di li kontan li rive mete polisye yo an konfyans l\u00e8 l kreye yon amoni ant wo k\u00f2mandman an ak baz PNH a. Nimewo en PNH a endike gen dispozisyon k ap egzekite pou ranf\u00f2se kapasite operasyon\u00e8l PNH a ak amelyore kondisyon travay polisye yo.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>An ef\u00e8, nimewo en Polis Nasyonal d Ayiti a bay garanti sa a, lendi sa a, pandan yon konferans pou lapr\u00e8s, kote li mande popilasyon an pran pasyans. Dapre Frantz Elb\u00e9, gouv\u00e8nman an ak polis la ap travay di sou sitiyasyon yo konsidere espesyal sa a. \u00ab F\u00f2s l\u00f2d yo pral pousuiv nenp\u00f2t bandi, e [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":34,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4376],"tags":[],"class_list":["post-38178","post","type-post","status-publish","format-standard","category-jistis"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38178","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/34"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38178"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38178\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38178"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38178"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38178"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}