{"id":38167,"date":"2022-05-16T14:43:50","date_gmt":"2022-05-16T18:43:50","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/fwa-atizanal-anbasad-espay-vire-gade-atizan-vilaj-noailles-yo\/"},"modified":"2022-05-16T14:43:50","modified_gmt":"2022-05-16T18:43:50","slug":"fwa-atizanal-anbasad-espay-vire-gade-atizan-vilaj-noailles-yo","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/fwa-atizanal-anbasad-espay-vire-gade-atizan-vilaj-noailles-yo\/","title":{"rendered":"Fwa atizanal: Anbasad Espay vire gade atizan Vilaj Noailles yo"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Ensekirite k ap f\u00e8 ravaj nan komin Kwadebouke gen yon enpak negatif ak konsiderab sou aktivite atistik ak atizanal Vilaj Noailles<\/strong>.<\/p>\n<p class=\"p1\">Konsyan sitiyasyon katastwofik atis ak atizan yo ekspoze ladan l, Anbasad Espay ann Ayiti, an kolaborasyon ak AfriAmerika ak ADAAC, ap \u00f2ganize yon fwa Atizay ak Atizana pou benefis atis ak atizan Noailles yo 17 ak 18 me k ap vini an.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Anbasad Espay ann Ayiti kontan \u00f2ganize, an kolaborasyon ak Fondasyon AfricAmericA ak ADAAC, e an solidarite ak atis ak atizan Noailles yo, Fwa Atizay ak Atizana Vilaj Noailles, k ap f\u00e8t 17 ak 18 me 2022 nan ot\u00e8l NH El Rancho \u00bb, se sa nou ka li nan yon kominike pou lapr\u00e8s ki date lendi 16 me 2022.<\/p>\n<p class=\"p1\">Anplis, nan dokiman sa a, reprezantasyon espay\u00f2l ann Ayiti a montre li enkyete pou ogmantasyon zak vyolans k ap anpwazonnen lavi chak jou Ayisyen.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Anbasad sa a deplore epi kondane av\u00e8k f\u00f2s vyolans gang ame yo ki, toupatou ann Ayiti, anpeche anpil sitwayen inosan mennen yon vi trankil e ki, anplis, pa p\u00e8m\u00e8t atis ak atizan sa yo vake a aktivite yo n\u00f2malman, nan Kwadebouke \u00bb, kominike a kontinye.<\/p>\n<p class=\"p1\">Pandan l envite tout moun patisipe nan fwa sa a, pou sip\u00f2te kontinwite Vilaj Noailles ak acha yo, Anbasad Espay kw\u00e8 j\u00e8s sa a ka garanti sivi atizay f\u00e8 dekoupe, ki li menm se yon teknik ki f\u00e8 pati patrimw\u00e0n imatery\u00e8l Ayiti.<\/p>\n<p class=\"p1\">An d\u00e8nye, kominike pou lapr\u00e8s la presize se minis kilti Emmelie Proph\u00e8te ki pral inogire fwa sa a ansanm ak Anbasad\u00e8 Espay la, Ekselans Li Mesye Sergio Cuesta, an prezans Ekselans Li Premye Minis la, Dr. Ariel Henry.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Ensekirite k ap f\u00e8 ravaj nan komin Kwadebouke gen yon enpak negatif ak konsiderab sou aktivite atistik ak atizanal Vilaj Noailles. Konsyan sitiyasyon katastwofik atis ak atizan yo ekspoze ladan l, Anbasad Espay ann Ayiti, an kolaborasyon ak AfriAmerika ak ADAAC, ap \u00f2ganize yon fwa Atizay ak Atizana pou benefis atis ak atizan Noailles yo [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":34,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-38167","post","type-post","status-publish","format-standard","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38167","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/34"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38167"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38167\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38167"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38167"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38167"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}