{"id":38160,"date":"2022-05-19T21:46:00","date_gmt":"2022-05-20T01:46:00","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/rapatriman-repiblik-dominiken-vin-pi-di-devan-agresivite-ayisyen-yo\/"},"modified":"2022-05-19T21:46:00","modified_gmt":"2022-05-20T01:46:00","slug":"rapatriman-repiblik-dominiken-vin-pi-di-devan-agresivite-ayisyen-yo","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/rapatriman-repiblik-dominiken-vin-pi-di-devan-agresivite-ayisyen-yo\/","title":{"rendered":"Rapatriman: Repiblik Dominik\u00e8n vin pi di devan agresivite Ayisyen yo"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\">Depi plizy\u00e8 ane, Repiblik Dominik\u00e8n reprezante yon eldorado pou k\u00e8k Ayisyen ki pa gen anpil mwayen, ki trav\u00e8se fwonty\u00e8 a an kach\u00e8t. Se yon bagay ki en\u00e8ve otorite l\u00f2t b\u00f2 Zile a. An ef\u00e8, Direksyon Jeneral Migrasyon an av\u00e8ti, d\u00e8ny\u00e8man, li p ap p\u00e8m\u00e8t Ayisyen ki pa gen papye kontinye simen dez\u00f2d pou yo pa arete yo epi rapatriye yo, jan sa te pase nan Ciudad Juan Bosch. Se direkt\u00e8 jeneral migrasyon an, Enrique Garc\u00eda, ki lanse av\u00e8tisman an.<\/p>\n<p class=\"p1\">Nan yon videyo ki pase sou rezo sosyal yo, nou w\u00e8 yon gwoup Ayisyen ilegal k ap voye w\u00f2ch ak bout\u00e8y nan Ciudad Juan Bosch, sou enspekt\u00e8 Depatman kontw\u00f2l imigrasyon, Direksyon jeneral migrasyon an, pou yo pa arete yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">Enrique Garc\u00eda, pandan l t ap pale de ensidan an, raple se pa premye fwa Ayisyen san papye afwonte inite migrasyon k ap travay nan operasyon deteksyon ak rapatriman yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">Pi lwen, responsab la souliye, nan l\u00f2t okazyon anvan, te gen ka blesi ak kout kouto, w\u00f2ch ak baton pandan desant pou arete Ayisyen ilegal.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab E malerezman maten an moun ilegal sa yo rasanble an bann epi yo atake ak w\u00f2ch, baton, manch\u00e8t ak l\u00f2t obj\u00e8 file inite Direksyon jeneral migrasyon an, ki, l\u00e8 l w\u00e8 atitid vyolan yo, sa l f\u00e8 se retire k\u00f2 l pou evite yon mal\u00e8 \u00bb, Mesye Garc\u00eda deklare.<\/p>\n<p class=\"p1\">Kons\u00e8nan ensidan an, responsab la di li repete sa li te di nan l\u00f2t okazyon, sa vle di migrasyon respekte dwa moun ak pwosedi regilye moun san papye yo, men li av\u00e8ti li p ap p\u00e8m\u00e8t mank resp\u00e8.<\/p>\n<p class=\"p1\">Li souliye enstitisyon an pral pran mezi ki apwopriye e p\u00e8son\u00e8l la pral retounen nan Ciudad Juan Bosch nan jou k ap vini yo pou f\u00e8 operasyon nan nenp\u00f2t kote ki neses\u00e8.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Nou pral ale ak pwoteksyon ak sekirite ki neses\u00e8 pou nou f\u00e8 travay lalwa etabli a \u00bb, direkt\u00e8 jeneral migrasyon an, Enrique Garc\u00eda, deklare, pandan l presize ekip la te ale sou plas la ak ti kras pwoteksyon milit\u00e8 ak polisye paske yo pa t panse yo t ap jwenn kalite rezistans sa a nan men Ayisyen ilegal nan sekt\u00e8 sa a.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Nou p ap f\u00e8 bak e nou p ap tolere okenn jan moun ki ilegal nan peyi a manke otorite migrasyon yo dega \u00bb, responsab la av\u00e8ti, pandan l repete \u00f2ganizasyon an pa otorize f\u00e8 aksyon ak abi kont Ayisyen ilegal oswa l\u00f2t nasyonalite.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab E l\u00e8 nou te oblije pran mezi drastik kont yon anplwaye ki te vyole rek\u00f2mandasyon yo, nou te pran sanksyon ki neses\u00e8 kont li \u00bb, Enrique Garc\u00eda konkli.<\/p>\n<p class=\"p1\">Ann note, ann Ayiti, otorite yo poko pwononse yo sou ensidan ki te pase nan Ciudad Juan Bosch la.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Depi plizy\u00e8 ane, Repiblik Dominik\u00e8n reprezante yon eldorado pou k\u00e8k Ayisyen ki pa gen anpil mwayen, ki trav\u00e8se fwonty\u00e8 a an kach\u00e8t. Se yon bagay ki en\u00e8ve otorite l\u00f2t b\u00f2 Zile a. An ef\u00e8, Direksyon Jeneral Migrasyon an av\u00e8ti, d\u00e8ny\u00e8man, li p ap p\u00e8m\u00e8t Ayisyen ki pa gen papye kontinye simen dez\u00f2d pou yo pa [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":34,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4374],"tags":[],"class_list":["post-38160","post","type-post","status-publish","format-standard","category-diplomasi"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38160","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/34"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38160"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38160\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38160"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38160"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38160"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}