{"id":38141,"date":"2022-06-01T20:12:12","date_gmt":"2022-06-02T00:12:12","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/matisan-yon-ane-san-ap-koule\/"},"modified":"2022-06-01T20:12:12","modified_gmt":"2022-06-02T00:12:12","slug":"matisan-yon-ane-san-ap-koule","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/matisan-yon-ane-san-ap-koule\/","title":{"rendered":"Matisan, yon ane san ap koule"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Sant Analiz ak Rech\u00e8ch sou Dwa Moun (CARDH) deplore jan otorite Leta yo pa f\u00e8 anyen ak fo pwom\u00e8s kominote ent\u00e8nasyonal la, yon ane apre gang yo pran kontw\u00f2l total Matisan.<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">M\u00e8kredi 1ye jen an make yon ane depi bandi ame ap okipe antre Sid kapital la. Yo menm k\u00f2manse aktivite komemorasyon dat sa a, nan nwit 31 me 2022. Rafal bal f\u00e8 k\u00e8k vanyan moun ki rete nan z\u00f2n ki tache ak san sa a sote.<\/p>\n<p class=\"p1\">Fenom\u00e8n sa a f\u00f2se anviwon 10 000 moun kite kay yo epi mete 60 000 l\u00f2t nan bezwen asistans imanit\u00e8, CARDH raple. Pandan r\u00e8y krimin\u00e8l sa a, anpil moun p\u00e8di lavi yo, yo vyole fanm, san konte atak kont bis transp\u00f2 kote yo touye pasaje ak bal.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Kominike sa a vle remete nan opinyon piblik la trajedi 2 jen an, ansanm ak l\u00f2t, epi raple obligasyon Leta a ak koperasyon ent\u00e8nasyonal la nan zaf\u00e8 dwa moun. \u00bb, CARDH ekri.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00d2ganis la lanse yon ap\u00e8l bay gouv\u00e8nman an pou l pran responsablite l pou garanti sekirite popilasyon an dapre t\u00e8ks lwa yo ak diferan konvansyon ent\u00e8nasyonal Ayiti siyen.<\/p>\n<p class=\"p1\">Estrikti a salye an pasan ef\u00f2 <a href=\"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/pnh-1189-nouvo-ajan-ranfose-efektif\/\" class=\"h24-lien-ctx\">Polis Nasyonal<\/a> d Ayiti (PNH) ap f\u00e8 nan kawo sa a, men polis la bezwen mwayen ki apwopriye pou l f\u00e8 travay li byen ak sip\u00f2 popilasyon an pou l bloke malfekt\u00e8 yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">Nan okazyon 1ye jen an, k\u00e8k kom\u00e8san ak manm sosyete sivil Gran Sid la lanse operasyon \u00ab lari blanch \u00bb k\u00f2m siy pwotestasyon kont okipasyon wout nasyonal Matisan an, depi yon ane.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Sant Analiz ak Rech\u00e8ch sou Dwa Moun (CARDH) deplore jan otorite Leta yo pa f\u00e8 anyen ak fo pwom\u00e8s kominote ent\u00e8nasyonal la, yon ane apre gang yo pran kontw\u00f2l total Matisan. M\u00e8kredi 1ye jen an make yon ane depi bandi ame ap okipe antre Sid kapital la. Yo menm k\u00f2manse aktivite komemorasyon dat sa a, [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4376],"tags":[],"class_list":["post-38141","post","type-post","status-publish","format-standard","category-jistis"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38141","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38141"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38141\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38141"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38141"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38141"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}