{"id":38137,"date":"2022-06-04T13:05:29","date_gmt":"2022-06-04T17:05:29","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/7-jiye-2021-nesmy-manigat-dat-egzamen-leta-yo-ak-tantativ-fe-l-tounen-ewo-yon-fason-absid\/"},"modified":"2022-06-04T13:05:29","modified_gmt":"2022-06-04T17:05:29","slug":"7-jiye-2021-nesmy-manigat-dat-egzamen-leta-yo-ak-tantativ-fe-l-tounen-ewo-yon-fason-absid","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/7-jiye-2021-nesmy-manigat-dat-egzamen-leta-yo-ak-tantativ-fe-l-tounen-ewo-yon-fason-absid\/","title":{"rendered":"7 jiy\u00e8 2021: Nesmy Manigat, dat egzamen Leta yo ak tantativ \u00ab f\u00e8 l tounen ewo yon fason absid \u00bb"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\">Sou rezo sosyal yo, sitou platf\u00f2m Facebook, gen yon fo deba ki leve sou 7 jiy\u00e8 2021, dat ki raple asasina prezidan Repiblik la, Jovenel Mo\u00efse. An ef\u00e8, 7 jiy\u00e8 2022 k ap vini an pral make premye aniv\u00e8s\u00e8 asasina sa a ki te choke tout nasyon ayisyen an\u2026 oubyen pr\u00e8ske. Dat sa a tonbe menm jou ak d\u00e8nye jou egzamen bakaloreya yo, dapre kalandriye Minist\u00e8 Edikasyon Nasyonal ak F\u00f2masyon Pwofesyon\u00e8l (MENFP) fikse a. Men f\u00e8 ki lakoz deba a, fo deba a pou di vre.<\/p>\n<p class=\"p1\">An reyalite, anpil moun estime MENFP pa t dwe fikse egzamen nan dat sa a, e day\u00e8 Leta te dwe deklare jou sa a ferye. Ala inyorans!<\/p>\n<p class=\"p1\">Menm yon lougawou ak figi moun pa ka nye karakt\u00e8 trajik lanm\u00f2 Jovenel Mo\u00efse. Se yon f\u00e8! Krim san non sa a, kl\u00e8man, merite yon kondanasyon san non. Men, tout tantativ pou f\u00e8 58y\u00e8m Ch\u00e8f Leta ayisyen an tounen ewo se yon fason pou banalize istwa ayisyen an nan dimansyon epik li, ni plis ni mwens.<\/p>\n<p class=\"p1\">Menm jan ak lavi ki f\u00e8 l posib la, istwa pa janm f\u00e8 kado. Jovenel Mo\u00efse se 5y\u00e8m prezidan ayisyen yo asasine, apre Jean-Jacques Dessalines, Sylvain Salnave, Cincinnatus Leconte ak Vilbrun Guillaume Sam. Pami kat Ch\u00e8f Leta sa yo, se s\u00e8lman Anper\u00e8 a, se konsa istwa vle l, ki gen dat lanm\u00f2 li merite komemorasyon. Wi, n ap pale de jeneralisim Jean-Jacques Dessalines, Ewo Endepandans depi premye l\u00e8 a, Papa Nasyon an. Sylvain Salnave, Cincinnatus Leconte ak Vilbrun Guillaume Sam, istwa pa ba yo okenn kado. Sa lojik paske, si nou mete nan balans total reyalizasyon twa mesye sa yo ki te dirije Ayiti, li p ap egal mwatye mwatye sa Anper\u00e8 Jacques 1ye a te reyalize.<\/p>\n<p class=\"p1\">Jodi a, poukisa yo ta vle f\u00e8 istwa bay manti? Poukisa yo ta vle f\u00e8 yon nonm tounen ewo, yon nonm ki pa t menm konnen, ki pa t menm ka ofri p\u00e8p li yon minim\u00f2m sekirite? Li f\u00e8 lapenn pou w\u00e8 ann Ayiti, chak jou, kijan istwa montre nou nou pa janm aprann anyen nan istwa. Chak jou, akoz inyorans pi, nou banalize istwa, nou bay tit, p\u00f2s ak glwa a moun ki pa merite yo. Pran pouvwa a atrav\u00e8 eleksyon yo v\u00f2l\u00e8 pa yon kado istwa ditou, men yon kou yo ba li, an pasan.<\/p>\n<p class=\"p1\">Ann kriye lanm\u00f2 Jovenel Mo\u00efse! Ann mande pou yo rann li Jistis! Men, ann evite f\u00e8 l tounen ewo! Istwa p ap padone nou! Sa k gen z\u00f2r\u00e8y pou tande, tande!<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Sou rezo sosyal yo, sitou platf\u00f2m Facebook, gen yon fo deba ki leve sou 7 jiy\u00e8 2021, dat ki raple asasina prezidan Repiblik la, Jovenel Mo\u00efse. An ef\u00e8, 7 jiy\u00e8 2022 k ap vini an pral make premye aniv\u00e8s\u00e8 asasina sa a ki te choke tout nasyon ayisyen an\u2026 oubyen pr\u00e8ske. Dat sa a tonbe [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4373],"tags":[],"class_list":["post-38137","post","type-post","status-publish","format-standard","category-politik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38137","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38137"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38137\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38137"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38137"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38137"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}