{"id":38052,"date":"2022-08-19T18:20:19","date_gmt":"2022-08-19T22:20:19","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/le-kasav-ayiti-vle-vin-patrimwan-kiltirel-imateryel-limanite\/"},"modified":"2022-08-19T18:20:19","modified_gmt":"2022-08-19T22:20:19","slug":"le-kasav-ayiti-vle-vin-patrimwan-kiltirel-imateryel-limanite","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/le-kasav-ayiti-vle-vin-patrimwan-kiltirel-imateryel-limanite\/","title":{"rendered":"L\u00e8 kasav Ayiti vle vin \u00ab Patrimw\u00e0n Kiltir\u00e8l Imatery\u00e8l Limanite \u00bb"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Sa \u00ab Soup Joumou \u00bb te f\u00e8 ane pase a, kasav ayisyen an vle f\u00e8 l jodi a. Vre, eritaj zans\u00e8t sa a ap reklame plas li nan patrimw\u00e0n kiltir\u00e8l imatery\u00e8l limanite.  <\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Se delegasyon Ayiti nan UNESCO ki anonse, nan yon kominike li rann piblik, 17 out 2022, kandidati &#8220;Kasav&#8221; la, eritaj plizy\u00e8 milye ane, te soum\u00e8t bay \u00d2ganizasyon Nasyonzini pou edikasyon, syans ak kilti (UNESCO) pou l enskri pami patrimw\u00e0n kiltir\u00e8l imatery\u00e8l (PCI) limanite.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Delegasyon p\u00e8manan Ayiti nan Unesco gen plezi pou l enf\u00f2me piblik la li lanse ansanm ak plizy\u00e8 peyi nan rejyon an, sitou Kiba, Ondiras, Repiblik dominik\u00e8n ak Venezyela, pwosesis miltinasyonal pou enskri teknik tradisyon\u00e8l pwodiksyon ak konsomasyon kasav, atrav\u00e8 konesans, konn f\u00e8 ak pratik ki lye ak li, sou lis reprezantatif patrimw\u00e0n kiltir\u00e8l imatery\u00e8l limanite, nan kad konvansyon 2003 Unesco a \u00bb, nou li nan dokiman an.<\/p>\n<p class=\"p1\">Kandidati kasav la se dezy\u00e8m Ayiti nan kategori &#8211; patrimw\u00e0n kiltir\u00e8l imatery\u00e8l- nan UNESCO. \u00d2g\u00e0n Nasyonzini an te etabli an 2003 yon konvansyon pou pwoteksyon PCI, palman ayisyen an ratifye 19 fevriye 2009.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Kasav, yon ansanm tradisyon ki div\u00e8s e omoj\u00e8n alafwa nou jwenn atrav\u00e8 Ayiti, men tou nan tout espas Karayib la, Amerik santral ak Amerik di Sid, te enskri pa minist\u00e8 Kilti a nan Rejis nasyonal Patrimw\u00e0n kiltir\u00e8l ayisyen 18 janvye 2021 \u00bb, kominike a souliye.<\/p>\n<p class=\"p1\">Manm delegasyon an, ki pa t kache satisfaksyon yo, afime kasav se premye eleman yo soum\u00e8t sou lis sa a ki jwenn dak\u00f2 l\u00f2t peyi nan rejyon an.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Sa \u00ab Soup Joumou \u00bb te f\u00e8 ane pase a, kasav ayisyen an vle f\u00e8 l jodi a. Vre, eritaj zans\u00e8t sa a ap reklame plas li nan patrimw\u00e0n kiltir\u00e8l imatery\u00e8l limanite. Se delegasyon Ayiti nan UNESCO ki anonse, nan yon kominike li rann piblik, 17 out 2022, kandidati &#8220;Kasav&#8221; la, eritaj plizy\u00e8 milye ane, [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":34,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-38052","post","type-post","status-publish","format-standard","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38052","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/34"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38052"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38052\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38052"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38052"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38052"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}