{"id":38010,"date":"2022-10-11T14:16:35","date_gmt":"2022-10-11T18:16:35","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/james-jacques-plede-an-fave-siyati-yon-pak-pou-estabilite-pemanan-ayiti\/"},"modified":"2022-10-11T14:16:35","modified_gmt":"2022-10-11T18:16:35","slug":"james-jacques-plede-an-fave-siyati-yon-pak-pou-estabilite-pemanan-ayiti","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/james-jacques-plede-an-fave-siyati-yon-pak-pou-estabilite-pemanan-ayiti\/","title":{"rendered":"James Jacques plede an fav\u00e8 siyati yon Pak pou estabilite p\u00e8manan Ayiti"},"content":{"rendered":"<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">Ayisy\u00e8n, Ayisyen,<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">Konpatriy\u00f2t tout kote atrav\u00e8 lemonn,<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">M ap pale ak nou jodi a paske gen ijans! Ijans pou nou rebati sou nouvo baz nasyon lib sa a zans\u00e8t vanyan nou yo kite pou nou ak pri san yo ak ch\u00e8 yo. Ijans pou nou jwenn yon solisyon Ayisyen pou sitiyasyon sa a ki dire tw\u00f2p! Vre, peyi a rete ap goumen ak pwobl\u00e8m ki terib.<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">Depi endepandans nou, se s\u00e8lman twoub ak enstabilite nou konnen ni sou plan politik ni sou plan sosyoekonomik.<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">Soti 1804 rive 2021, peyi a konnen s\u00e8lman 13 ch\u00e8f Leta ki fini manda yo, 27 koudeta ak 15 prezidan pwovizwa, konsa yo mennen peyi a de kriz an kriz. Chak kriz louvri chemen pou yon l\u00f2t ki pi katastwofik pase sa ki te anvan an.<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">Kidonk, nou gen yon tablo endis devlopman imen ki pi sonb pase tout tan. An 2021, PIB pa abitan te 1 815 USD, pi ba nan rejyon Amerik Latin-Karayib la sa vle di mwens pase yon senky\u00e8m (1\/5) mway\u00e8n lan konpare ak l\u00f2t peyi ki gen yon PIB 15 092 USD (sous <i>Bank Mondyal<\/i>). Dapre d\u00e8nye bilten Enstiti Ayisyen Estatistik ak Enf\u00f2matik (IHSI), endis jeneral pri a konsomasyon (IPC100 an 2017-2018) montre yon gwo varyasyon chak mwa 3,2% ak yon ogmantasyon pa ane 30,5%.<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">Enflasyon sa a se ak\u00f2z p\u00e8turbasyon repete aktivite ekonomik ak sosyal yo. Konsta makab sa a se ak\u00f2z tou gwo degradasyon sekirite piblik la. Batay kont koripsyon an ap pyetine tou epi chomaj j\u00e8n yo rete enkyetan. Miz\u00e8 nwa ap frape yon bon pati nan popilasyon an. Moun ki gen move entansyon pa sispann atake ak vandalize senb\u00f2l istorik ak idantite peyi a. Dat istorik yo sal, memwa kolektif nasyon an banalize. Gang ame yo ap s\u00e8lman miltipliye toupatou nan peyi a, y ap simen later\u00e8 l\u00e8 y ap asasinen ak kidnape kont ranson fr\u00e8 ak s\u00e8 nou yo, konsa y ap paralize tout sekt\u00e8 aktivite sitou edikasyon, kom\u00e8s ak transp\u00f2 an komen.<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">Sitiyasyon vyolans sa a kontinye chase moun yo tou nan katye gang ame okipe, li kite popilasyon an san pouvwa nan lari, lage pou kont li. Popilasyon an ap viv nan laper\u00e8z epi li pa konn ki sen pou l priye ank\u00f2! Kidonk nou dwe mande t\u00e8t nou: kisa nou dwe f\u00e8 nan sans sa a? Defi yo byen konnen. Op\u00f2tinite yo, yo menm, mwens konnen. Sepandan nou tout kons\u00e8ne. E n ap pi kons\u00e8ne toujou paske peyi nou an dwe, nan yon kont\u00e8ks konsa, gade lavni ak yon lespri ouv\u00e8 e kreyatif. Nou dwe pare pou jwe, otan posib, yon gwo w\u00f2l nan yon istwa ki pa p manke chanje avni pw\u00f2ch nou. Anplis, peyi nou, nou konnen sa byen, ap f\u00e8 fas ak gwo defi men li prezante tou anpil op\u00f2tinite.<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">Ayiti pa s\u00e8l peyi nan lemonn ki konnen moman twoub politik ak sosyoekonomik. Nou ka toujou soti ladan l!<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">Nou ka site k\u00f2m egzanp rafrechisan premy\u00e8man, Rwanda an 1994 ak jenosid Tutsi yo pa ekstremis Hutu yo ki f\u00e8 anviwon 800 000 moun mouri. Rwand\u00e8 yo te ka rebondi l\u00e8 yo mete an plas yon politik inite nasyonal ak rekonsilyasyon. Apre sa, Afrik di Sid ak Apated, kote Nelson Mandela apre 27 an prizon negosye elaborasyon yon nouvo konstitisyon, konsa li mennen peyi a dwat sou wout devlopman dirab. Pi pre nou, finalman, Repiblik Dominik\u00e8n, kote Joaqu\u00edn Balaguer te rive jwenn yon ak\u00f2 ak prensipal konkiran li, sosyal-demokrat Jos\u00e9 Francisco Pe\u00f1a G\u00f3mez, sa ki mete fen ak yon kriz apre eleksyon ki t ap menase estabilite peyi a.<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">Ch\u00e8 konpatriy\u00f2t mwen yo, jodi a plis pase tout tan, nou dwe s\u00e8vi ak tout en\u00e8ji nou ak santiman apatenans nou ak t\u00e8 sa a pou frennen desant nan lanf\u00e8 sa a l\u00e8 n siyen \u00ab <b>yon Pak pou estabilite p\u00e8manan Ayiti<\/b> \u00bb.<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">Ansanm, nou dwe kapab k\u00f2manse elabore nouvo solisyon, nouvo rekou ki p ap gen k\u00f2m s\u00e8l objektif pou vale nou menm, fr\u00e8 par\u00e8y nou, paske si nou rive p\u00e8di ti moso t\u00e8 sa a, n ap p\u00e8di tou sa ki esansy\u00e8l la: idantite nou.<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">Kidonk, eslogan \u00ab <i>Boule \u00bb, \u00ab Dechouke \u00bb<\/i> sa yo dwe ent\u00e8di n\u00e8t depi kounye a! Lanati, li menm, nan prensip orijinal li yo ent\u00e8di nou detwi epi li envite nou pito bati an fav\u00e8 rejenerasyon! Nou dwe s\u00e8t\u00e8nman konsidere frajilite estrikti nou yo, move fonksy\u00f2nman twa pouvwa Leta yo, yon s\u00e8ten pasivite diferan sekt\u00e8 lavi nasyonal la (sekt\u00e8 prive, sosyete sivil, sendika, asosyasyon medya, elatriye), san nou pa inyore p\u00e8t total konfyans sitwayen yo nan majorite \u00ab dirijan \u00bb nou yo, ansyen ak nouvo, lejitim ak ilejitim.<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">Nou ka rekon\u00e8t p\u00e8sonn pa f\u00e8 p\u00e8sonn konfyans ank\u00f2 e se pa pou anyen, nou jis bezwen obs\u00e8ve gwo frakti sosyal la. Twal sosyal ayisyen an pr\u00e8ske chire!<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">Pou yon rasanbleman an fav\u00e8 rekonsilyasyon nasyonal yo konsidere k\u00f2m s\u00e8l p\u00f2t soti pou sove Ayiti, mwen pwopoze, nan fason ki pi konkr\u00e8 posib, pou nou mete sou pye yon Komite twa manm ak p\u00e8sonalite ki pa janm gen non yo nan eskandal nan sosyete ayisyen an ki ta gen objektif pou fasilite rankont ant akt\u00e8 yo ak sosyete sivil la pou f\u00e8 fame Pak pou estabilite p\u00e8manan sa a peyi nou gen dwa a par\u00e8t.<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">Nan non konsyans nasyonal, mwen envite tout fanm ak tout gason politik peyi sa a depase t\u00e8t yo pou bay enter\u00e8 sipery\u00e8 nasyon nou an priyorite. Panse touye ak detwi se kom\u00e8t swisid. San idantite nou, pa gen anyen ki rete pou nou! Mwen konvenk Pak sa a pral f\u00e8t pou byen tout moun. Nou devan yon op\u00f2tinite istorik. Ann sezi l.<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">Pou Ayiti, ak pou papa ak manman nou,<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">Ann f\u00f2me pitit gason ak pitit fi ki diy e ki respekte val\u00e8 Repiblik la!<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\">Ayiti se pa nou!<\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\"><b>James JACQUES<\/b><\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\"><b>Lisansye an Antwopoloji-Sosyoloji<\/b><\/p>\n<p class=\"ydp3f584ca3MsoNormal\"><b>Ansyen Konsil Jeneral Ayiti nan Santiago, RD<\/b><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Ayisy\u00e8n, Ayisyen, Konpatriy\u00f2t tout kote atrav\u00e8 lemonn, M ap pale ak nou jodi a paske gen ijans! Ijans pou nou rebati sou nouvo baz nasyon lib sa a zans\u00e8t vanyan nou yo kite pou nou ak pri san yo ak ch\u00e8 yo. Ijans pou nou jwenn yon solisyon Ayisyen pou sitiyasyon sa a ki dire [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":34,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4373],"tags":[],"class_list":["post-38010","post","type-post","status-publish","format-standard","category-politik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38010","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/34"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38010"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38010\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38010"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38010"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38010"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}