{"id":37997,"date":"2022-10-18T09:19:31","date_gmt":"2022-10-18T13:19:31","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/7yem-edisyon-kenzen-entenasyonal-andikap-ak-kilti-pari-a-genyen\/"},"modified":"2022-10-18T09:19:31","modified_gmt":"2022-10-18T13:19:31","slug":"7yem-edisyon-kenzen-entenasyonal-andikap-ak-kilti-pari-a-genyen","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/7yem-edisyon-kenzen-entenasyonal-andikap-ak-kilti-pari-a-genyen\/","title":{"rendered":"7y\u00e8m edisyon Kenz\u00e8n Ent\u00e8nasyonal Andikap ak Kilti: Pari a genyen!"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Lanse nan yon kont\u00e8ks difisil 1ye okt\u00f2b ki sot pase a, 7y\u00e8m edisyon Festival Kenz\u00e8n ent\u00e8nasyonal andikap ak kilti a fini samdi 15 okt\u00f2b sa a. Dapre Moli\u00e8re Adely, responsab kominikasyon Kenz\u00e8n nan, \u00f2ganizasyon ev\u00e8nman an te<span class=\"Apple-converted-space\">  yon<span class=\"Apple-converted-space\">  <\/span>siks\u00e8 malgre tout bagay.<\/span><\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Responsab Productions Th\u00e9\u00e2tre Toupatou yo f\u00e8men, samdi 15 okt\u00f2b sa a, 7y\u00e8m edisyon Kenz\u00e8n Ent\u00e8nasyonal Andikap ak Kilti a nan restoran Yanvalou. Pou f\u00e8men festival la, te gen plizy\u00e8 p\u00e8f\u00f2mans atistik pami yo chou dans, yon lekti powetik an bray. Lakou restoran Yanvalou a te plen moun. Piblik la te reponn ap\u00e8l la pou vin asiste chou dans Syla Danse Acad\u00e9mie ansanm ak prezantasyon atis tankou komedy\u00e8n ak kont\u00e8z Cindy Pierre-Louis, kont\u00e8 Swenskido Jean-Baptiste, vyolonis Samuel Emile ak chant\u00e8 Edlens Ulysse.<\/p>\n<p class=\"p1\">Ane sa a, festival la te f\u00e8t otou t\u00e8m:<span class=\"Apple-converted-space\">  &#8220;Atizay nan sante mantal pou dekouvri t\u00e8t ou&#8221;. Dapre Moli\u00e8re Adely, responsab kominikasyon festival la, yo te debat t\u00e8m sa a pandan tout kenz\u00e8n nan soti 1ye rive 15 okt\u00f2b atrav\u00e8 konferans ak pwojeksyon-deba gras ak sip\u00f2 Inisyativ Sante Mantal Ayiti (ISMA). &#8220;T\u00e8m sa a s\u00e8vi ekip Kenz\u00e8n nan k\u00f2m pret\u00e8ks pou atire atansyon piblik la sou pwobl\u00e8m maladi mantal yo pou yo adopte yon konp\u00f2tman responsab&#8221;, Adely endike, li esplike gen moun nan popilasyon an ki viv ev\u00e8nman terib ki ka afekte sante mantal yo.<\/span><\/p>\n<p class=\"p1\">Kenz\u00e8n nan \u00f2ganize nan yon kont\u00e8ks difisil. Ensekirite, kidnapin ak rate gaz, deplasman pa t fasil. Dapre Moli\u00e8re Adely, kriz gaz la te f\u00f2se \u00f2ganizat\u00e8 yo adopte l\u00f2t estrateji. &#8220;Deplasman te ekstr\u00e8mman difisil, sitou paske n ap travay ak<span class=\"Apple-converted-space\">  moun ki an sitiyasyon andikap. Pou rezoud sitiyasyon an nou te oblije pran an chaj atis yo ak l\u00f2t moun ki an sitiyasyon andikap ki patisipe nan atelye f\u00f2masyon nou yo. Sa ki rete nan z\u00f2n metwopolit\u00e8n nan, nou te loje yo nan yon espas nan P\u00f2toprens epi nou te asire deplasman yo pou diferan aktivite Kenz\u00e8n nan&#8221;, li bay detay pandan l rem\u00e8sye FOKAL,<span class=\"Apple-converted-space\">  <\/span>OIF, UNFPA, IDEH, elatriye pou sip\u00f2 yo. Li pwofite tou pou salye travay<span class=\"Apple-converted-space\">  <\/span>san fot ekip lojistik festival la ki te angaje k\u00f2 ak nanm nan kow\u00f2dinasyon aktivite yo.<\/span><\/p>\n<p class=\"p1\">Pandan kenz jou, ekip \u00f2ganizat\u00e8 festival la reyalize anpil bagay. Plis pase yon diz\u00e8n atelye te \u00f2ganize nan plizy\u00e8 dom\u00e8n atistik tankou dans, teyat ak eskilti nan ajil, pou plizy\u00e8 diz\u00e8n j\u00e8n. &#8220;Yon diz\u00e8n atis an sitiyasyon<span class=\"Apple-converted-space\">  andikap montre piblik la talan yo pandan espektak yo&#8221;, Adely konfye, li jere kominikasyon festival la depi dezan. Li site komedy\u00e8n ak kont\u00e8z Cyndie Pierre-Louis, kont\u00e8 Swenskido Jean-Baptiste, vyolonis Samuel Emile ak komedyen e antrepren\u00e8 G\u00e9raldo Prunier.<\/span><\/p>\n<p class=\"p1\">Dapre mesye Adely, mete atis ki an sitiyasyon andikap anba limy\u00e8 pwojekt\u00e8 yo se youn nan prensipal objektif Productions Th\u00e9\u00e2tre Toupatou ki lanse, depi 2015, Kenz\u00e8n Ent\u00e8nasyonal Andikap ak Kilti a. &#8220;Kenz\u00e8n Ent\u00e8nasyonal Andikap ak Kilti a se yon espas ekspresyon atistik<span class=\"Apple-converted-space\">  enklizif. Se yon espas kote atis ki an sitiyasyon<span class=\"Apple-converted-space\">  <\/span>andikap,<span class=\"Apple-converted-space\">  <\/span>ansanm ak atis ki pa viv ak andikap rankontre. Se yon espas<span class=\"Apple-converted-space\">  <\/span>rankont ak aprantisaj. Se pou sa nou \u00f2ganize<span class=\"Apple-converted-space\">  <\/span>atelye f\u00f2masyon, konferans, pwojeksyon-deba ak espektak vivan&#8221;, ansyen jounalis jounal sou ent\u00e8n\u00e8t Enquet&#8217;Action la esplike.<\/span><\/p>\n<p class=\"p1\">Ane sa a festival la f\u00e8t nan P\u00f2toprens,<span class=\"Apple-converted-space\">  nan<span class=\"Apple-converted-space\">  <\/span>Laskawobas ak nan Gonayiv.<span class=\"Apple-converted-space\">  <\/span>9 okt\u00f2b ki sot pase a, abitan Laskawobas yo te gen chans gade espektak &#8220;Pwen ent\u00e8wogasyon&#8221; anba direksyon Chelson Ermoza ak asistans komedy\u00e8n Abydarlyne Jouth ak koregraf Rony Joseph.<span class=\"Apple-converted-space\">  <\/span>Se te yon espektak restitisyon yon atelye teyat ak dans yo te f\u00e8<span class=\"Apple-converted-space\">  <\/span>ak j\u00e8n ki an sitiyasyon andikap nan Sant kiltir\u00e8l Lawouze, Moli\u00e8re Adely rap\u00f2te. Pou li, \u00f2ganizasyon kenz\u00e8n nan te yon siks\u00e8. &#8220;Nou<span class=\"Apple-converted-space\">  <\/span>tr\u00e8 satisf\u00e8 pou siks\u00e8 ev\u00e8nman an ane sa a malgre kont\u00e8ks difisil<span class=\"Apple-converted-space\">  <\/span>li te f\u00e8t ladan l.<span class=\"Apple-converted-space\">  <\/span>Piblik la te la. Moun yo renmen diferan espektak nou yo&#8221;, Moli\u00e8re Adely konkli, ak fy\u00e8te.<\/span><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Lanse nan yon kont\u00e8ks difisil 1ye okt\u00f2b ki sot pase a, 7y\u00e8m edisyon Festival Kenz\u00e8n ent\u00e8nasyonal andikap ak kilti a fini samdi 15 okt\u00f2b sa a. Dapre Moli\u00e8re Adely, responsab kominikasyon Kenz\u00e8n nan, \u00f2ganizasyon ev\u00e8nman an te yon siks\u00e8 malgre tout bagay. Responsab Productions Th\u00e9\u00e2tre Toupatou yo f\u00e8men, samdi 15 okt\u00f2b sa a, 7y\u00e8m edisyon [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":34,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-37997","post","type-post","status-publish","format-standard","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37997","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/34"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37997"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37997\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37997"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37997"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37997"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}