{"id":37955,"date":"2022-11-12T13:06:40","date_gmt":"2022-11-12T18:06:40","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/moun-ki-pale-kreyol-yo-envite-kontribye-sou-wikipedya-an-kreyol-ayisyen\/"},"modified":"2022-11-12T13:06:40","modified_gmt":"2022-11-12T18:06:40","slug":"moun-ki-pale-kreyol-yo-envite-kontribye-sou-wikipedya-an-kreyol-ayisyen","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/moun-ki-pale-kreyol-yo-envite-kontribye-sou-wikipedya-an-kreyol-ayisyen\/","title":{"rendered":"Moun ki pale krey\u00f2l yo envite kontribye sou Wikipedya an krey\u00f2l ayisyen"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Nan plizy\u00e8 peyi frankof\u00f2n, enkli Ayiti, pery\u00f2d ki soti 1ye rive 31 okt\u00f2b toujou konsakre a lang krey\u00f2l la. Epi, dat 28 okt\u00f2b la retni k\u00f2m jounen ent\u00e8nasyonal lang ak kilti krey\u00f2l. Pou ane sa a, Wikim\u00e9dia Ha\u00efti \u00f2ganize pou premye fwa mwa Wiki Kreyolo a. <\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Mwa Wiki Kreyolo a se yon ap\u00e8l pou kontribisyon an krey\u00f2l ayisyen, dapre prensip fondat\u00e8 Wikipedya.<\/p>\n<p class=\"p1\">Kanpay sa a, ak t\u00e8m: \u00ab Ann ekri listwa Dayiti nan lang krey\u00f2l<span class=\"Apple-converted-space\">  ayisyen \u00bb, vize p\u00e8m\u00e8t lang krey\u00f2l la plis prezan sou ent\u00e8n\u00e8t, sitou sou Wikipedya. <\/span><\/p>\n<p class=\"p1\">Inisyativ sa a vle ankouraje kontribit\u00e8 ajoute oswa amelyore kontni ki gen rap\u00f2 ak Istwa Ayiti, nan l\u00f2d kwonolojik (anvan kolonizasyon, pandan pery\u00f2d kolonyal la, pandan okipasyon ameriken an, Diktati Duvalier yo ak apre 86). Tout dokimantasyon ki gen rap\u00f2 ak ewo Endepandans yo, gason ak fanm ki make istwa a oswa ki te okipe yon fonksyon politik byenvini.<\/p>\n<p class=\"p1\">Dapre Handgod Abraham, prezidan asosyasyon an, kanpay sa a pa rezime s\u00e8lman nan ev\u00e8nman politik, men li lye tou ak t\u00e8m tankou syans, jewografi, kilti, literati, ekonomi, elatriye. Nan menm sans lan, Aterson\u2019n Sainval, sekret\u00e8-trezorye Wikim\u00e9dia Ha\u00efti, estime se yon nesesite pou konnen plis sou ansiklopedi lib la, non s\u00e8lman pou mete konesans disponib pou moun ki pale krey\u00f2l yo men sitou pou p\u00e8m\u00e8t lang krey\u00f2l la rete vivan.<\/p>\n<p class=\"p1\">Pou sansibilize j\u00e8n Ayisyen yo pote kontribisyon yo sou Wikipedya, plizy\u00e8 atelye f\u00f2masyon ak kontribisyon te f\u00e8t nan Petyonvil, nan Ench, nan Ti Gwav ak nan Jakm\u00e8l pandan mwa okt\u00f2b 2022. Yo envite moun yo kontribye sou ansiklopedi ki an aks\u00e8 lib la. Pou jwenn Wikipedya an krey\u00f2l ayisyen, f\u00f2 w tape ht.wikipedia.org. Y ap bay pri nan k\u00f2mansman mwa novanm 2022 pou pi bon kontribit\u00e8 yo. Krit\u00e8 patisipasyon yo se: moun ki enterese a dwe kreye yon kont sou ht.wikipedia.org. Apre sa, kontribye pou kreye 10 atik ki poko sou Wikipedya oswa modifye sa ki egziste deja (l\u00e8 w ajoute lyen, referans ak l\u00f2t kontni p\u00e8tinan) pou rann ansiklopedi a pi rich.<\/p>\n<p class=\"p1\">Wikim\u00e9dia Ha\u00efti se yon asosyasyon volont\u00e8 wikimedyen ak wikimedy\u00e8n ayisyen ki rasanble otou yon objektif komen ki se amelyore prezans Ayiti nan diferan pwoj\u00e8 Wikim\u00e9dia pandan l ap kontinye tout gwo objektif Fondasyon Wikim\u00e9dia.<\/p>\n<p><strong>John Peter ADOLPHE<\/strong><br \/>\n<strong>johnpeteradolphe@gmail.com<\/strong><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Nan plizy\u00e8 peyi frankof\u00f2n, enkli Ayiti, pery\u00f2d ki soti 1ye rive 31 okt\u00f2b toujou konsakre a lang krey\u00f2l la. Epi, dat 28 okt\u00f2b la retni k\u00f2m jounen ent\u00e8nasyonal lang ak kilti krey\u00f2l. Pou ane sa a, Wikim\u00e9dia Ha\u00efti \u00f2ganize pou premye fwa mwa Wiki Kreyolo a. Mwa Wiki Kreyolo a se yon ap\u00e8l pou kontribisyon [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-37955","post","type-post","status-publish","format-standard","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37955","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37955"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37955\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37955"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37955"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37955"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}