{"id":37646,"date":"2023-12-16T04:42:11","date_gmt":"2023-12-16T09:42:11","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/bay-paran-elev-15-000-goud-nesmy-manigat-pa-respekte-pwomes-li\/"},"modified":"2023-12-16T04:42:11","modified_gmt":"2023-12-16T09:42:11","slug":"bay-paran-elev-15-000-goud-nesmy-manigat-pa-respekte-pwomes-li","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/bay-paran-elev-15-000-goud-nesmy-manigat-pa-respekte-pwomes-li\/","title":{"rendered":"Bay paran el\u00e8v 15.000 goud: Nesmy Manigat pa respekte pwom\u00e8s li"},"content":{"rendered":"<p>Pandan lansman ane akademik 2022-2023, Gouv\u00e8nman an te anonse li t ap mete sou pye yon pwogram akonpayman pou paran el\u00e8v lek\u00f2l nasyonal, kominot\u00e8 ak k\u00e8k lek\u00f2l prive. 15.000 goud, se k\u00f2b pouvwa ki an plas la, atrav\u00e8 Minist\u00e8 Edikasyon Nasyonal ak F\u00f2masyon Pwofesyon\u00e8l (MENFP), te pwom\u00e8t pou l ba yo. Ane akademik la fini, yon l\u00f2t (2023-2024) nan premye trim\u00e8s li, e paran el\u00e8v yo pa resevwa anyen nan men Gouv\u00e8nman an. Konsa, yo denonse \u00ab move fwa \u00bb titil\u00e8 MENFP a, Nesmy Manigat.<\/p>\n<p>\u00ab Anf\u00e8t, nan kad pwogram sa a, direksyon lek\u00f2l nasyonal ak kominot\u00e8 yo te f\u00e8 yon lis ki gen idantite ak nimewo MonCash oswa NatCash paran el\u00e8v yo, pou yo te ka transfere 15.000 yo ba yo. Sa te dwe p\u00e8m\u00e8t yo achte matery\u00e8l lek\u00f2l pou pitit yo, pami l\u00f2t \u00bb, responsab \u00f2ganizasyon \u00ab Kri Provens yo \u00bb, Mesye Borgella, eksplike.<\/p>\n<p>Li egzije Minis Edikasyon Nasyonal ak F\u00f2masyon Pwofesyon\u00e8l la eksplikasyon sou rezon ki f\u00e8 pwom\u00e8s gouv\u00e8nman sa a pa kenbe.<\/p>\n<p>\u00ab Nou bay Nesmy Manigat yon del\u00e8 ki pral ekspire 15 desanm. Si li pa respekte l, n ap f\u00e8men p\u00f2t Biwo Distri Eskol\u00e8 yo (BDS) \u00bb, li ajoute, pandan l ap presize apati 18 desanm lokal MENFP nan N\u00f2 a ap f\u00e8men pa laf\u00f2s tou.<\/p>\n<p>Pandan sa a, \u00f2ganizasyon yo rele \u00ab Kri Provens yo \u00bb mande Inite Lit Kont Koripsyon (<a href=\"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ulcc-gouvenman-fen-hans-joseph\/\" class=\"h24-lien-ctx\">ULCC<\/a>) f\u00e8 yon ank\u00e8t nan MENFP, pou f\u00e8 limy\u00e8 sou kesyon an. Anplis, estrikti sa a envite tout paran el\u00e8v ansanm ak el\u00e8v nan dis depatman peyi a pou yo f\u00e8 presyon sou Minis Nesmy Manigat, pou yo jwenn enf\u00f2masyon sou rezon ki f\u00e8 pwogram akonpayman an pa t janm efektif.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Pandan lansman ane akademik 2022-2023, Gouv\u00e8nman an te anonse li t ap mete sou pye yon pwogram akonpayman pou paran el\u00e8v lek\u00f2l nasyonal, kominot\u00e8 ak k\u00e8k lek\u00f2l prive. 15.000 goud, se k\u00f2b pouvwa ki an plas la, atrav\u00e8 Minist\u00e8 Edikasyon Nasyonal ak F\u00f2masyon Pwofesyon\u00e8l (MENFP), te pwom\u00e8t pou l ba yo. Ane akademik la fini, [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4403],"tags":[],"class_list":["post-37646","post","type-post","status-publish","format-standard","category-edikasyon"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37646","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37646"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37646\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37646"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37646"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37646"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}