{"id":37636,"date":"2024-01-03T18:54:28","date_gmt":"2024-01-03T23:54:28","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/keskonfe-gaelle-bien-aime-yon-retou-pou-yon-piblik-ki-swaf-ri\/"},"modified":"2026-11-15T23:41:09","modified_gmt":"2026-11-16T04:41:09","slug":"keskonfe-gaelle-bien-aime-yon-retou-pou-yon-piblik-ki-swaf-ri","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/keskonfe-gaelle-bien-aime-yon-retou-pou-yon-piblik-ki-swaf-ri\/","title":{"rendered":"\u00ab K\u00e8skonf\u00e8 \u00bb Ga\u00eblle Bien-Aim\u00e9, yon retou pou yon piblik ki swaf ri"},"content":{"rendered":"<p><em><strong>Nan fen ane ki sot pase a, ri enstale yon l\u00f2t fwa ank\u00f2 lakay k\u00e8k abitan kapital la. 30 desanm 2023, talantye komedy\u00e8n Ga\u00eblle Bien-Aim\u00e9 f\u00e8 piblik la ri, pou yon dezy\u00e8m fwa, ak espektak im\u00e8 li ki rele \u00ab K\u00e8skonf\u00e8 \u00bb. Espektak sa a ki vle plis pase yon senp espektak stand-up f\u00e8t ak tout plas vann, nan ot\u00e8l Royal Oasis Petyonvil.<\/strong><\/em><\/p>\n<p>Anvan dezy\u00e8m randevou sa a, se yon retou sou s\u00e8n imoris la te siyen ak lansman show \u00ab K\u00e8skonf\u00e8 \u00bb a 16 ak 17 desanm 2023, nan ot\u00e8l Royal Oasis. Yon long pery\u00f2d absans sou s\u00e8n te make kary\u00e8 imoris la. Kounye a, atant fanatik san kondisyon bon im\u00e8 l yo te oblije sibi a fini! \u2018\u2019Dayiva\u2019\u2019 a finalman f\u00e8 gwo retou l sou s\u00e8n. Pandan yon entrevi li bay Ayibopost, ved\u00e8t la konfye li te k\u00f2manse ekri espektak sa a depi okt\u00f2b 2022 anvan li kanpe yon ti moman pou l reprann li an avril 2023.<\/p>\n<p>_Castigat ridendo mores._ Atrav\u00e8 show li, Ga\u00eblle lonje dw\u00e8t sou plizy\u00e8 sij\u00e8 serye ki mande atansyon nou e ki pouse nou nan refleksyon pwofon. Imoris la pa kite anyen pase an silans: soti nan kolorism ki deranje an Ayiti rive nan pwobl\u00e8m enjonksyon sou k\u00f2 fanm, pase pa ensekirite ak enstabilite politik. Tout bagay se maty\u00e8 pou eksplwate pou moun ki bati yon p\u00e8sonaj moun adore sou rezo yo, sa vle di Madan Appolon ki rale yon lejyon followers.<\/p>\n<p>Kidonk, \u00ab K\u00e8skonf\u00e8 \u00bb Ga\u00eblle Bien-Aim\u00e9 pa s\u00e8lman yon espektak im\u00e8, men tou yon radyografi. Pandan l ap f\u00e8 moun ri byen f\u00f2, istwa kaptivan l yo, cham natir\u00e8l li ak im\u00e8 byen file l envite nou poze t\u00e8t nou kesyon sou anpil asp\u00e8 nan sosyete nou an. Abilite l pou l ab\u00f2de sij\u00e8 varye ak yon touch p\u00e8son\u00e8l te toujou f\u00e8 moun admire l e f\u00e8 espektat\u00e8 yo kontan. Ga\u00eblle ap tise twal emosyon pandan l ap denonse sa ki pa mache dwat. Espektat\u00e8 l yo ki swaf ri toujou repati satisf\u00e8 apre yo fin f\u00e8 plen im\u00e8 nan sware l yo ki chaje ak ri e ki nan pi wo nivo div\u00e8tisman.<\/p>\n<p>Ga\u00eblle Bien-Aim\u00e9 se komedy\u00e8n, dramatij e militan. Ativis la dirije ACTE, yon lek\u00f2l la dramatik nan P\u00f2toprens, ki f\u00f2me yon b\u00e8l jenerasyon komedyen ak komedy\u00e8n. Talantye imoris Cantave K f\u00e8 pati ansyen el\u00e8v lek\u00f2l sa a. Ga\u00eblle te envite don\u00e8 lejand\u00e8 Festival En Lisant, an desanm 2023. Anplis, li te laureya Rezidans ekriti Afrik-Ayiti 2022 e py\u00e8s li \u00ab Port-au-Prince et sa douce nuit \u00bb genyen Pri RFI Teyat 2022.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Nan fen ane ki sot pase a, ri enstale yon l\u00f2t fwa ank\u00f2 lakay k\u00e8k abitan kapital la. 30 desanm 2023, talantye komedy\u00e8n Ga\u00eblle Bien-Aim\u00e9 f\u00e8 piblik la ri, pou yon dezy\u00e8m fwa, ak espektak im\u00e8 li ki rele \u00ab K\u00e8skonf\u00e8 \u00bb. Espektak sa a ki vle plis pase yon senp espektak stand-up f\u00e8t ak [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-37636","post","type-post","status-publish","format-standard","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37636","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37636"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37636\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":37681,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37636\/revisions\/37681"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37636"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37636"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37636"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}