{"id":37593,"date":"2024-02-08T07:45:21","date_gmt":"2024-02-08T12:45:21","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/garcelle-beauvais-ka-rafle-3-pri-nan-55yem-edisyon-naacp-image-awards\/"},"modified":"2024-02-08T07:45:21","modified_gmt":"2024-02-08T12:45:21","slug":"garcelle-beauvais-ka-rafle-3-pri-nan-55yem-edisyon-naacp-image-awards","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/garcelle-beauvais-ka-rafle-3-pri-nan-55yem-edisyon-naacp-image-awards\/","title":{"rendered":"Garcelle Beauvais ka rafle 3 pri nan 55y\u00e8m edisyon NAACP Image Awards"},"content":{"rendered":"<p><em><strong>Chak ane depi 1967, \u00f2ganizasyon ameriken defans dwa sivil la, National Association for the Advancement of Colored People (NAACP), rekonpanse atrav\u00e8 \u00abNAACP Image Awards\u00bb pi bon z\u00e8v ki pwomouvwa Afwo-Ameriken. 55y\u00e8m edisyon pri prestijye sa a ap f\u00e8t 16 mas 2024 sou ch\u00e8n televizyon BET ak CBS apati 8\u00e8 nan asw\u00e8.<\/strong><\/em><\/p>\n<p>Garcelle Beauvais se yon aktris e mannken, ki f\u00e8t 26 novanm 1966 Sen Mak, Ayiti. Zetwal Hollywood ki gen orijin ayisyen an te par\u00e8t nan seri televize \u00ab Survival of the Thickest \u00bb (La Loi de la plus forte) ki soti 13 jiy\u00e8 2023 e ki difize sou Netflix.<\/p>\n<p>Seri \u00ab Survival of the Thickest \u00bb li menm te nominen nan kategori \u00abBest International Comedy\u00bb (Pi bon komedi ent\u00e8nasyonal) \u201c I Talk Telly Awards\u201d an 2023. Seri a mete an ved\u00e8t Michelle Buteau, ki se ot\u00e8 liv Survival of the Thickest tou, ki f\u00e8t de yon papa ayisyen ki gen orijin liban\u00e8 ak yon manman jamayiken ki gen orijin franse, nan w\u00f2l Mavis Beaumont, yon fanm nwa, gwo k\u00f2 e ki f\u00e8k selibat\u00e8. Mavis dwe rebati t\u00e8t li jodi a e fleri k\u00f2m estilis.<\/p>\n<p>Nan seri \u00ab Survival of the Thickest \u00bb, Garcelle Beauvais jwe yon ansyen mannken ane 90 yo, yo rele Natasha Karina, ki toujou kole f\u00f2 ak imaj rafine apoje kary\u00e8 l. Ak evolisyon mond m\u00f2d la, ensistans Natasha pou l kenbe look anblematik li, elegan e mens, sitou atachman l ak yon k\u00f2s\u00e8 restriktif alansy\u00e8n, vin tounen yon pwen santral nan istwa a.<\/p>\n<p>L\u00e8 Mavis Beaumont jwenn okazyon an l\u00f2 pou l rankontre f\u00f2midab Natasha Karina, li plonje t\u00e8t premye nan way\u00f2m w\u00f2t kouti a ki alafwa klere e entimidan. Youn nan defi Mavis se konvenk Natasha pou l aksepte chanjman e abandone k\u00f2s\u00e8 li renmen anpil la.<\/p>\n<p>Garcelle Beauvais nominen pou NAACP Image Awards 2024 yo nan kategori \u00abOutstanding Guest Performance\u00bb (Pi bon envite nan yon seri) ak \u00abOutstanding Comedy Series\u00bb (Pi bon seri komik) pou patisipasyon l nan \u00ab Survival of the Thickest \u00bb. Anplis, Garcelle gen yon twazy\u00e8m nominasyon nan kategori \u00abOutstanding Television Movie, Limited-Series or Dramatic Special\u00bb (Pi bon telefim) pou patisipasyon l nan fim \u00abBlack Girl Missing\u00bb \u2013 ki soti 4 mas 2023 e Lifetime difize \u2013 pou w\u00f2l li k\u00f2m Cheryl, pitit fi l, Lauren (Taylor Mosby), dispar\u00e8t. Yon pati nan pri a mande v\u00f2t piblik la atrav\u00e8 lyen sa a https:\/\/vote.naacpimageawards.net\/<\/p>\n<p>Ann raple, Garcelle Beauvais deja genyen prestijye pri Astra TV Awards 2024 nan kategori \u00abBest Broadcast Network cable TV movie\u00bb (Pi bon rezo difizyon oswa fim televizyon pa kab) pou w\u00f2l li nan \u00ab Black Girl Missing \u00bb.<\/p>\n<p>Sous:<a href=\"https:\/\/celebritemag.com\/2024\/02\/03\/garcelle-beauvais-nominee\/\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\"> C\u00e9l\u00e9brit\u00e9 Magazine<\/a><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Chak ane depi 1967, \u00f2ganizasyon ameriken defans dwa sivil la, National Association for the Advancement of Colored People (NAACP), rekonpanse atrav\u00e8 \u00abNAACP Image Awards\u00bb pi bon z\u00e8v ki pwomouvwa Afwo-Ameriken. 55y\u00e8m edisyon pri prestijye sa a ap f\u00e8t 16 mas 2024 sou ch\u00e8n televizyon BET ak CBS apati 8\u00e8 nan asw\u00e8. Garcelle Beauvais se yon [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-37593","post","type-post","status-publish","format-standard","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37593","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37593"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37593\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37593"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37593"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37593"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}