{"id":37592,"date":"2024-02-08T08:07:23","date_gmt":"2024-02-08T13:07:23","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/pape-john-anonse-yon-albom-tale-konsa\/"},"modified":"2024-02-08T08:07:23","modified_gmt":"2024-02-08T13:07:23","slug":"pape-john-anonse-yon-albom-tale-konsa","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/pape-john-anonse-yon-albom-tale-konsa\/","title":{"rendered":"Pape John anonse yon alb\u00f2m tal\u00e8 konsa"},"content":{"rendered":"<p><em><strong>J\u00e8n atis Hip Hop ak R&amp;B Pape John ki te vin koni pou gran piblik la an 2020 gras ak chante \u00abSanblan\u00bb, yon kolaborasyon ak chant\u00e8 K-Dilak, anonse s\u00f2ti premye alb\u00f2m li pou 2024.<\/strong><\/em><\/p>\n<p>Natif P\u00f2dep\u00e8, Fran\u00e7ois John Marc yo rele Pape John prezan sou anpil kolaborasyon remakab ak talan konfime nan endistri mizik ayisyen an tankou rap\u00e8 Big Jim, Pikan, Atros nan fame gwoup Rockfam nan. Atis la anonse sou rezo sosyal yo s\u00f2ti yon alb\u00f2m ki pral rele \u201cPetit \u00e0 petit\u201d pou 2024.<\/p>\n<p>Apre siks\u00e8 \u00abSanblan\u00bb an jiy\u00e8 2020, Pape John rek\u00f2manse an novanm menm ane a ak \u00abMadanm\u00bb ki reprann koupl\u00e8 ki pi popil\u00e8 nan chante \u201cTi Jocelyne\u201d \u00f2k\u00e8s Tropicana d Ha\u00efti kote li envite j\u00e8n fanm jodi a f\u00e8 yon s\u00e8ten entwospeksyon nan ep\u00f2k nimerik la e evite py\u00e8j tripotay yo.<\/p>\n<p>An okt\u00f2b 2021, chant\u00e8 Wanito kolabore ak Pape John sou chante \u00abVengeance\u00bb ki pale de mefyans ki konn enstale pafwa nan koup yo, akoz yon move avanti santimantal youn oswa de patn\u00e8 yo te viv nan tan pase. Anplis, Pape John rebondi nan menm pery\u00f2d la ak yon l\u00f2t kolaborasyon ak Kolonel Freez atrav\u00e8 chante \u00abSanwont\u00bb kote li jete yon je moralizat\u00e8 sou k\u00e8k abitid moun de s\u00e8ks yo ki merite korije oswa reprime.<\/p>\n<p>Chante \u00abTourn\u00e9 le dos\u00bb \u2013 ki soti 7 janvye 2022 \u2013 ankouraje moun soti nan yon relasyon toksik si y ap sibi move tretman, si patn\u00e8 nou ap toujou raple nou er\u00e8 nou te f\u00e8 nan tan pase.<\/p>\n<p>An avril 2022, chante \u00abSelibat\u00e8\u00bb soti, kote Pape John chante avantaj selibat\u00e8, ki bay yon s\u00e8ten lib\u00e8te e li pale de chwa l pou l rete selibat\u00e8 olye l sibi desepsyon relasyon ki gate.<\/p>\n<p>1ye desanm 2022, chant\u00e8 a deplore sitiyasyon p\u00e8p ayisyen an k ap fonse nan prekarite, k ap viv k\u00f2m moun yo lage, nan men Pwovidans, e k ap sibi prejidis nan Repiblik Dominik\u00e8n ak nan l\u00f2t peyi nan \u00abVoye Je sou Nou\u00bb.<\/p>\n<p>An 2023, Pape John te pwodiktif anpil. Li pwopoze plizy\u00e8 single tankou \u00abM geri\u00bb, \u00abOu gen pou w regr\u00e8t\u00bb, \u00abBeautiful\u00bb, \u00abBon lanbi\u00bb.<\/p>\n<p>14 janvye 2024, Pape John pwopoze chante \u00abPetit \u00e0 petit\u00bb ki ankouraje patn\u00e8 yo jwenn yon antant mity\u00e8l l\u00e8 gen diskisyon nan relasyon yo. Nan menm k\u00f2mansman ane sa a, Pape John kolabore ak yon bann atis tankou Kolonel Freez, Kelly One, M.X. P ak Rocker Fucker sou chante \u00abPral Gen Kriye\u00bb.<\/p>\n<p>Pandan l ap tann s\u00f2ti alb\u00f2m nan, Pape John konte anpil sou sip\u00f2 fanatik li yo li rele \u201cfanmi an\u201d. Chak chante, chak videyo atis la sanble ap pwovoke challenge moun apresye anpil sou TikTok.<\/p>\n<p>Sous: C\u00e9l\u00e9brit\u00e9 Magazine<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>J\u00e8n atis Hip Hop ak R&amp;B Pape John ki te vin koni pou gran piblik la an 2020 gras ak chante \u00abSanblan\u00bb, yon kolaborasyon ak chant\u00e8 K-Dilak, anonse s\u00f2ti premye alb\u00f2m li pou 2024. Natif P\u00f2dep\u00e8, Fran\u00e7ois John Marc yo rele Pape John prezan sou anpil kolaborasyon remakab ak talan konfime nan endistri mizik ayisyen [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4380],"tags":[],"class_list":["post-37592","post","type-post","status-publish","format-standard","category-mizik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37592","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37592"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37592\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37592"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37592"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37592"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}