{"id":37589,"date":"2024-02-09T12:02:08","date_gmt":"2024-02-09T17:02:08","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/valben-yon-mizisyen-jis-nan-nanm-li\/"},"modified":"2024-02-09T12:02:08","modified_gmt":"2024-02-09T17:02:08","slug":"valben-yon-mizisyen-jis-nan-nanm-li","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/valben-yon-mizisyen-jis-nan-nanm-li\/","title":{"rendered":"Valben, yon mizisyen jis nan nanm li"},"content":{"rendered":"<p><em><strong>Pandan gen moun ki gen difikilte pou chwazi chemen yo nan lavi, gen l\u00f2t ki pa jire pase pasyon yo, yo kenbe k\u00f2m yon kle presye. Se ka yon atis eksepsyon\u00e8l ki koute vwa k\u00e8 l, batman l te vle di tou senpleman \u2018\u2019mizik\u2019\u2019. Valben, mizisyen konvenk e pasyone, louvri p\u00f2t liniv\u00e8 l pou nou.<\/strong><\/em><\/p>\n<p>Vr\u00e8 non l se Valdory Valcin, Valben se yon chant\u00e8, konpozit\u00e8 e ent\u00e8pr\u00e8t ayisyen. Li se d\u00e8nye pitit gason yon fanmi sis gason e li grandi D\u00e8lma, P\u00f2toprens. Li fini etid li an 2011 nan lise Alexandre P\u00e9tion e apre sa li frekante Iniv\u00e8site Leta d Ayiti pou yon ti tan, INAGHEI presizeman, pandan dezan anvan li konsakre l nan kary\u00e8 mizikal li.<\/p>\n<p><strong>K\u00f2mansman l<\/strong><\/p>\n<p>Valben rakonte li te konprann byen vit li se yon mizisyen nan nanm li, non s\u00e8lman paske li te pratike mizik byen bon\u00e8 men tou paske li te santi l nan fon k\u00e8 l. Ti Valben te gen privil\u00e8j grandi nan yon fanmi kote manman ak papa te jwe w\u00f2l mizisyen nan koral legliz yo. L\u00e8 l sonje moman li pa ka bliye sa yo, chant\u00e8 a di mizik te antre nan li depi anfans li. Poutan, apre lanm\u00f2 manman l, li separe ak legliz la, li f\u00e8 yon poz e li reprann mizik s\u00e8lman apre li fin f\u00e8 etid klasik li.<\/p>\n<p>Nou ka di Valben vr\u00e8man k\u00f2manse kary\u00e8 l apre li te genyen yon konkou chante Enstiti Franse an Ayiti te parenen an 2016. Ak eksperyans sa a, li swiv ak de single konpa an 2018 ki, malerezman, pa t konnen anpil siks\u00e8. Gras ak pasyon l ki pa t refwadi, li kontinye travay e pataje s\u00e8n ak l\u00f2t atis nasyonal ak ent\u00e8nasyonal tankou Boukman Eksperyans, BelO, Faada Fredi ak Uman.<\/p>\n<p><strong>Konpozisyon ak kolaborasyon l<\/strong><\/p>\n<p>Valben soti yon alb\u00f2m an 2016 ak kat l\u00f2t j\u00e8n atis, nan kad pwogram \u00ab On se rappellera \u00bb Enstiti Franse Ayiti a. Malerezman, alb\u00f2m nan sanble pa an sikilasyon, pou gran piblik la apresye l. An 2023, Valben inove pandan l soti de single ak sonorite diferan, sa ki pwopilse l e ki atire atansyon medya yo. \u00ab Lanmou sa \u00bb ki enkane yon eksperyans afrobeat vibran, ki soti an out, apre sa \u00ab Dezole \u00bb, an desanm ki vin ranf\u00f2se plas chant\u00e8 a sou ent\u00e8n\u00e8t la ak sou mache mizikal la, ki f\u00e8 melom\u00e0n yo plezi anpil. Pandan sa a, li kolabore ak plizy\u00e8 atis ak gwoup tankou Paul Beaubrun, James Germain, Keb, ak Boukman Eksperyans li se manm kounye a. Chant\u00e8 a anonse an prim\u00e8 yon pwoj\u00e8 gwoup mizikal la pral soti ane sa a.<\/p>\n<p><strong>Atis la ak nonm nan<\/strong><\/p>\n<p>Diferan eksperyans rich li yo ba li yon apw\u00f2ch mizikal varye, ki melanje konpa, gospel, Afrobeat ak mizik rasin ayisyen, byenke li te swiv egzanp paran l, pandan l te k\u00f2manse nan sekt\u00e8 evanjelik la. Atis la pa konsidere sa k\u00f2m yon senp fizyon men k\u00f2m yon \u00ab tchaka \u00bb dapre paw\u00f2l li, sa ki mete an avan polivalans li e sa pou envite piblik la nan yon vwayaj mizikal afro-karayibeyen. Li ch\u00e8che pote mesaj enp\u00f2tan pandan l anbrase k\u00e8k k\u00f2z tankou dwa fanm, timoun, patriyotis atrav\u00e8 mizik li. E natir\u00e8lman, lanmou pa chape nan kreyasyon l yo.<\/p>\n<p>Byenke li poko genyen yon pri espesyal, pi gwo r\u00e8v li rete pou l par\u00e8t yon jou nan BET Awards. B\u00f2 kote reyalizasyon mizikal li yo, nonm nan pratike penti tou. L\u00e8 l ap pale de moman li pa ka bliye nan kary\u00e8 chant\u00e8 l, Valben avwe gen anpil paske lajwa toujou abite l sou s\u00e8n, anime pa pasyon l pou l div\u00e8ti piblik la e piblik la toujou reponn ap\u00e8l la. Sepandan, li site de dat majik nan kalandriye l: 8 okt\u00f2b 2023 l\u00e8 l te p\u00e8f\u00f2me nan lokal Sant Kiltir\u00e8l Karayib ak 30 okt\u00f2b 2023, premye fwa li te monte sou s\u00e8n ofisy\u00e8lman ak Boukman Eksperyans.<\/p>\n<p>Optimis, Valben pa konte obstak yo li w\u00e8 pito k\u00f2m op\u00f2tinite. Nan moman adv\u00e8site, atis ki preche lanmou an, ki plede pou moun ki pi f\u00e8b yo ak fanm yo, priye e retounen nan travay. L\u00e8 li pa sou s\u00e8n, e l\u00e8 anvi pou l dekonekte ak mizik la boule nan li, li panse a lavni l, a fanmi l k ap vini, li pase tan ak zanmi l e li f\u00e8 rech\u00e8ch pou anrichi kilti jeneral li, paske li vle yon atis konpl\u00e8.<\/p>\n<p>Valben jwenn motivasyon l nan de figi manman l, defen manman byolojik li ak manman espirity\u00e8l li, ki enspire l pou l p\u00e8severe malgre obstak ki kanpe sou wout li. Yon fraz manman l ki toujou sonnen nan z\u00f2r\u00e8y li l\u00e8 sitiyasyon yo vin di: \u00ab Menm nan mitan grangou, pa kite moun w\u00e8 febl\u00e8s ou. \u00bb Atis la k ap travay di sou yon EP solo envite piblik la swiv li sou Instagram, Twitter ak Facebook @valben_music.<\/p>\n<p>Sous: <a href=\"https:\/\/celebritemag.com\/2024\/02\/07\/valben-tout-et-par-la-musique\/\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">C\u00e9l\u00e9brit\u00e9 Magazine<\/a><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Pandan gen moun ki gen difikilte pou chwazi chemen yo nan lavi, gen l\u00f2t ki pa jire pase pasyon yo, yo kenbe k\u00f2m yon kle presye. Se ka yon atis eksepsyon\u00e8l ki koute vwa k\u00e8 l, batman l te vle di tou senpleman \u2018\u2019mizik\u2019\u2019. Valben, mizisyen konvenk e pasyone, louvri p\u00f2t liniv\u00e8 l pou nou. [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4380],"tags":[],"class_list":["post-37589","post","type-post","status-publish","format-standard","category-mizik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37589","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37589"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37589\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37589"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37589"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37589"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}