{"id":37564,"date":"2024-02-24T21:08:51","date_gmt":"2024-02-25T02:08:51","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/william-osias-enpresyone-nan-la-voix-nan-kebek\/"},"modified":"2024-02-24T21:08:51","modified_gmt":"2024-02-25T02:08:51","slug":"william-osias-enpresyone-nan-la-voix-nan-kebek","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/william-osias-enpresyone-nan-la-voix-nan-kebek\/","title":{"rendered":"William Osias enpresyone nan La Voix nan Keb\u00e8k"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>J\u00e8n chant\u00e8 ayisyen William Osias, 25 an, kaptive k\u00e8 piblik kebekwa a nan prestijye konkou chante La Voix. L ap kontinye r\u00e8v li pou l vin yon chant\u00e8 ent\u00e8nasyonal pandan l ap patisipe nan konkou wo nivo sa a.<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Natif Ayiti, kote paran l mouri, li p\u00e8di youn apre l\u00f2t nan espas twa an pandan anfans li, William jwenn rekonf\u00f2 nan mizik pou l pa koule. Se konsa pasyon l pou mizik ak talan vokal li te sous f\u00f2s ak motivasyon pandan tout wout li. J\u00e8n gason an di li rekonesan anv\u00e8 AFP, gras ak li li te jwenn yon bous pou l te ka kontinye etid li.<\/p>\n<p class=\"p1\">Wout li jiska _La Voix_ se yon temwayaj vivan p\u00e8severans ak talan j\u00e8n chant\u00e8 a ki te oblije travay san rete pou l p\u00e8feksyone a li. William enpresyone jij yo ak piblik la ak vwa kaptivan l ak prezans s\u00e8n remakab li, e yo chwazi l pou l rejwenn ekip coach Mario Pelchat. Yo di fame chant\u00e8 Corneille ta renmen genyen l nan ekip li tou.<\/p>\n<p class=\"p1\">Malgre defi li te f\u00e8 fas pi bon\u00e8, William rive transf\u00f2me epr\u00e8v li yo an op\u00f2tinite, e kounye a l ap enspire plizy\u00e8 milye moun atrav\u00e8 wout li. Mesaj li: menm anba tanp\u00e8t, ou ka avanse pou w ale lwen si w kw\u00e8 nan t\u00e8t ou e moun ki pote yon r\u00e8v anndan l dwe mete l nan travay pou l reyalize l.<\/p>\n<p class=\"p1\">Dimanch sa a, nan _La Voix_, j\u00e8n chant\u00e8 a chante _Le g\u00e9ant de papier_, Jean-Jacques Lafon, e Mario Pelchat vire. Nan mikwo a, William pale de pase difisil li an Ayiti ak enkyetid li pou fr\u00e8 ak s\u00e8 l ki toujou la, anba ensekirite ki f\u00e8 r\u00e8l. Yon temwayaj pwisan j\u00e8n gason an ki pa kite piblik la endiferan.<\/p>\n<p class=\"p1\">Jodi a, li rete Monreyal, William gen yon pitit gason 1 an, Will Tyler, e lemonn ap swiv pwogr\u00e8 l nan konkou a; sitou fanatik ayisyen yo ki gen espwa pou yo w\u00e8 l reyalize r\u00e8v li pou l vin yon zetwal mizik ent\u00e8nasyonal. Istwa l raple nou, k\u00e8lkeswa obstak nou bite sou yo, ak pasyon, det\u00e8minasyon ak lafwa nan t\u00e8t nou, nou ka simonte tout adv\u00e8site pou rive nan objektif ki pi ambisye nou yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">Sous: C\u00e9l\u00e9brit\u00e9 Magazine<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>J\u00e8n chant\u00e8 ayisyen William Osias, 25 an, kaptive k\u00e8 piblik kebekwa a nan prestijye konkou chante La Voix. L ap kontinye r\u00e8v li pou l vin yon chant\u00e8 ent\u00e8nasyonal pandan l ap patisipe nan konkou wo nivo sa a. Natif Ayiti, kote paran l mouri, li p\u00e8di youn apre l\u00f2t nan espas twa an pandan [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4380],"tags":[],"class_list":["post-37564","post","type-post","status-publish","format-standard","category-mizik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37564","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37564"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37564\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37564"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37564"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37564"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}