{"id":37563,"date":"2024-02-25T20:26:56","date_gmt":"2024-02-26T01:26:56","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/lwizyan-akeyi-konpa-in-new-orleans-li\/"},"modified":"2024-02-25T20:26:56","modified_gmt":"2024-02-26T01:26:56","slug":"lwizyan-akeyi-konpa-in-new-orleans-li","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/lwizyan-akeyi-konpa-in-new-orleans-li\/","title":{"rendered":"Lwizy\u00e0n akeyi Konpa In New Orleans li"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Pandan wikenn ki sot pase a, Konpa te nan sant tout atansyon nan peyi tonton Sam, sitou nan Lwizy\u00e0n ki te resevwa Konpa in New Orleans. Yon sware ki te f\u00e8 moun anvi kote gwo non nan mizik ayisyen f\u00e8 Republic Nola vibre.<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Nan asw\u00e8 dimanch 18 fevriye 2024, gwoup Ka\u00ef f\u00e8 piblik la danse pandan yon sware an blan yo \u00f2ganize nan Lwizy\u00e0n. Ev\u00e8nman an, yo rele _Au revoir Nola_, vin sonnen fen twa jou f\u00e8t kote konpa te onore nan Republic Nola, klib ki te s\u00e8vi k\u00f2m resipyan pou Konpa in New Orleans.<\/p>\n<p class=\"p1\">Si gwoup Ka\u00ef f\u00e8men ev\u00e8nman an, se diyo Bedjine &amp; K-dilak ki te louvri l de jou anvan ak m\u00f2so _Pouki n Te Marye_, pandan yon sware ki te byen anime yo rele \u00ab Masquerade Party \u00bb. Gwoup mizikal Krey\u00f2l La te swiv diyo a. E jan sa toujou ye, bann Tdjo Zenny an anime tankou yo pa janm f\u00e8.<\/p>\n<p class=\"p1\">E paske pa janm gen de san twa, se gwoup ZAFEM ki asire espektak la pandan dezy\u00e8m sware a. Bann Dener C\u00e9ide a asire anbyans lan tou. Ak yon R\u00e9ginald Cang\u00e9 ki pa p\u00e8di anyen nan en\u00e8ji l, ZAFEM, toujou nan wot\u00e8 atant fanatik li yo, f\u00e8 piblik la vibre jan l konn f\u00e8 l.<\/p>\n<p class=\"p1\">B\u00f2 kote gwoup mizikal ki gen tandans konpa yo, DJ Stakz &amp; Teddy Mix asire animasyon an, ansanm ak yon envite sipriz: gwoup RAM, ki, b\u00f2 kote Ka\u00ef, patisipe nan f\u00e8mti ev\u00e8nman an dimanch 18 fevriye.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00d2ganize nan pwolonjman sem\u00e8n kanaval vil New Orleans lan, Konpa in New Orleans se yon inisyativ k\u00e8k ayisyen ki aletranje ki gen objektif pou f\u00e8 kilti ayisyen an klere nan peyi tonton Sam.<\/p>\n<p class=\"p1\">Sous: C\u00e9l\u00e9brit\u00e9 Magazine<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Pandan wikenn ki sot pase a, Konpa te nan sant tout atansyon nan peyi tonton Sam, sitou nan Lwizy\u00e0n ki te resevwa Konpa in New Orleans. Yon sware ki te f\u00e8 moun anvi kote gwo non nan mizik ayisyen f\u00e8 Republic Nola vibre. Nan asw\u00e8 dimanch 18 fevriye 2024, gwoup Ka\u00ef f\u00e8 piblik la danse [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4380],"tags":[],"class_list":["post-37563","post","type-post","status-publish","format-standard","category-mizik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37563","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37563"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37563\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37563"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37563"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37563"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}