{"id":37505,"date":"2024-03-25T19:52:26","date_gmt":"2024-03-25T23:52:26","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/william-osias-pase-nan-demi-final-konkou-la-voix\/"},"modified":"2024-03-25T19:52:26","modified_gmt":"2024-03-25T23:52:26","slug":"william-osias-pase-nan-demi-final-konkou-la-voix","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/william-osias-pase-nan-demi-final-konkou-la-voix\/","title":{"rendered":"William Osias pase nan demi-final konkou \u201cLa Voix\u201d"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><em><strong>J\u00e8n chant\u00e8 ayisyen William Osias ap klere sou t\u00e8 kanadyen. Kounye a, li f\u00e8 pati demi-finalis konkou &#8220;La Voix&#8221; la. Se yon plas li rache apre li fin bay yon p\u00e8f\u00f2mans ki pa n\u00f2mal dimanch 24 mas 2024 sa a, nan Monreyal.<\/strong><\/em><\/p>\n<p class=\"p1\">Ekselan nouv\u00e8l pou Ayiti e pou fanatik William Osias toupatou nan lemonn. Moun ki kaptive odyans lan ak vwa pwisan l ak karis li sou s\u00e8n depi k\u00f2mansman \u2018\u2019La Voix\u2019\u2019 la reyisi dezy\u00e8m wonn konkou a. Natif Site Sol\u00e8y la valide, dimanch sa a, tik\u00e8 l pou demi-final konpetisyon an nan Kanada.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Yon p\u00e8f\u00f2mans zetwal \u00bb, Mario Pelchat estime, li menm ki avwe li rete bouch be. Wout li f\u00e8 depi Podium Quartiers rive nan \u201cLa Voix\u201d se rezilta plizy\u00e8 ane travay di ak devouman pou mizik. Li te atire atansyon byen vit k\u00f2m yon talan ki pwom\u00e8t nan dom\u00e8n mizik la. Pasaj li nan demi-final se san diskisyon yon etap enp\u00f2tan nan kary\u00e8 l, yon pa anplis nan direksyon anbisyon l nan mond mizik la.<\/p>\n<p class=\"p1\">Ak emosyon devan rezilta yo, j\u00e8n gason 26 an an pa t kache k\u00e8 kontan l e li rasire sip\u00f2t\u00e8 l yo pou swit la. \u00ab Let\u2019s go guys. On va y arriver\u2026 \u00bb, nou ka li nan yon piblikasyon sou Facebook ki montre atis la ak bra l louvri, ak yon gwo souri. Se yon piblikasyon konpatriy\u00f2t nou yo resevwa byen e yo pataje, sa ki pwouve prezans li nan \u201cLa Voix\u201d se yon sous fy\u00e8te pou gran kominote ayisyen an.<\/p>\n<p class=\"p1\">William ap prepare l s\u00e8t\u00e8nman pou pwochen etap konpetisyon an pandan fanatik li toupatou nan lemonn ap tann ak enpasyans pou yo w\u00e8 jis ki kote talan li pral mennen l nan avanti mizikal ekstra\u00f2din\u00e8 sa a. J\u00e8n chant\u00e8 nou an tou pre bi a e nou swete l anpil siks\u00e8.<\/p>\n<p class=\"p1\">Sous: <a href=\"https:\/\/celebritemag.com\/2024\/03\/25\/william-osias-en-demi-finale-de-la-voix\/\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">C\u00e9l\u00e9brit\u00e9 Magazine<\/a><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>J\u00e8n chant\u00e8 ayisyen William Osias ap klere sou t\u00e8 kanadyen. Kounye a, li f\u00e8 pati demi-finalis konkou &#8220;La Voix&#8221; la. Se yon plas li rache apre li fin bay yon p\u00e8f\u00f2mans ki pa n\u00f2mal dimanch 24 mas 2024 sa a, nan Monreyal. Ekselan nouv\u00e8l pou Ayiti e pou fanatik William Osias toupatou nan lemonn. Moun [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379,4380],"tags":[],"class_list":["post-37505","post","type-post","status-publish","format-standard","category-kilti","category-mizik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37505","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37505"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37505\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37505"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37505"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37505"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}