{"id":37478,"date":"2024-04-06T22:46:40","date_gmt":"2024-04-07T02:46:40","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/tafa-mi-soleil-talantye-e-sitou-chaje-ak-eneji\/"},"modified":"2024-04-06T22:46:40","modified_gmt":"2024-04-07T02:46:40","slug":"tafa-mi-soleil-talantye-e-sitou-chaje-ak-eneji","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/tafa-mi-soleil-talantye-e-sitou-chaje-ak-eneji\/","title":{"rendered":"Tafa Mi-Soleil, talantye e sitou chaje ak en\u00e8ji"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Vr\u00e8 non l se Rose Evenie Thafaina Saint Louis, j\u00e8n atis Tafa pa sispann f\u00e8 wout li nan liniv\u00e8 mizik ayisyen an. Talan konfime sa a gen tout bagaj ki neses\u00e8 pou asire l yon bon kary\u00e8 an t\u00e8m de talan. Ann al dekouvri natif komin Kensk\u00f2f la.<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">D\u00e8nye pitit yon fanmi kat pitit (de fi ak de gason), Evenie Rose Thafaina Saint Louis, ki f\u00e8t 17 mas 1998, f\u00e8 etid klasik li nan kol\u00e8j Saint-Louis de Bourdon. L\u00e8 etid sa yo fini, li oryante l nan dom\u00e8n w\u00f2t kouti nan maison m\u00e9nag\u00e8re Anne-Marie Desvarieux.<\/p>\n<p class=\"p1\">La, li aprann eleman ki gen pou w\u00e8 ak w\u00f2t kouti, sa ki p\u00e8m\u00e8t li f\u00e8 b\u00e8l rad. Madmwaz\u00e8l soti la k\u00f2m Designer ak Estilis. Anplis, sou kesyon penti, moun ki te enterese nan a plastik la konn kijan pou l f\u00e8. Kidonk, se pou tout moun konnen, Tafa Mi-Soleil se pent tou.<\/p>\n<p class=\"p1\"><strong>Kary\u00e8 mizikal<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Soti nan yon fanmi pannkotis fervan, Tafa te k\u00f2manse chante byen bon\u00e8 nan legliz li. Men, se b\u00f2 kote rap\u00e8 Rhod D\u2019jyvens T\u00e9l\u00e9maque yo rele D-fi pow\u00e8t rev\u00f2lte j\u00e8n pepit la te dekouvri ak chante \u201cMizik sove vi m\u201d, menm si premye featuring li se te ak rap\u00e8 35 Zile. Konsa li rejwenn ekip Evazyon mizik la.<\/p>\n<p class=\"p1\">3 mas 2020, apre plizy\u00e8 kolaborasyon, li deside lanse poukont li. Kary\u00e8 solo l k\u00f2manse ak yon repriz koral chante \u201cmizik sove vi m 2\u201d a. Tit sa a te bay j\u00e8n fi 22 an l\u00e8 sa a yon pi gwo popilarite kit se nan peyi a kit se nan dyaspora ayisyen an.<\/p>\n<p class=\"p1\">Apre yon tan silans, 27 jen 2021, li mete premye EP (Extended Play) li sou lat\u00e8. Non l: Reponn. Gen 7 chante ladan l, san featuring, youn pi gou pase l\u00f2t. Se: Pinga; Ale n\u00e8t; Dife; Padon; Mwen vle w; Chita tann ou. EP sa a te konfime plis toujou gwo talan j\u00e8n fi a.<\/p>\n<p class=\"p1\">17 mas 2022, pou selebre 24 an li, li bay yon mini-kons\u00e8 an liy, tankou kado li pataje ak fanatik li yo. Kons\u00e8 sa a kote li te jwe pr\u00e8ske tout m\u00f2so nan EP li a te salye pa anpil p\u00e8sonalite ayisyen. Sou sa, jounalis Ticket Magazine Sindy Ducr\u00e9pin ekri: \u201cse yon chant\u00e8z ki gen matirite e ki byen gide nan vwa l ki ofri mini-kons\u00e8 sa a ki dedye espesyalman pou \u201cTafamily\u201d.<\/p>\n<p class=\"p1\">Pandan yon vwayaj Ozetazini an avril menm ane a, nan kad <em>Treasure Coast Cultural Festival<\/em>, an Florid, Tafa Mi-Soleil te resevwa gwo lwanj nan men Emeline Michel, id\u00f2l li. R\u00e8n chante ayisyen an te salye gwos\u00e8 talan li e li te ba li kons\u00e8y, tankou pou l rete sou wout li pran an.<\/p>\n<p class=\"p1\">Evenie Rose Thafaina Saint Louis pa kanpe. 12 me 2023, li pibliye yon dezy\u00e8m EP yo rele PH\u0152NIX. Yon koleksyon s\u00e8t (7) chante. Make pa mizik <em>rasin<\/em>, afrobeat, mizik elektwonik ak tandans karayibeyen. Z\u00e8v sa a gen tit sa yo: Sole, Lakou, Mercy, Etranje, Janmen lwen w, Phoenix ak Zili.<\/p>\n<p class=\"p1\"><strong>Rekonpans<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">5 septanm, li resevwa yon bous nan men Depatman Leta Ameriken. Atizay li ak devouman li, yo jije ki gen yon enpak pozitif sou sosyete ayisyen an, se sa ki p\u00e8m\u00e8t li jwenn bous la. Anbasad ameriken an Ayiti te salye l.<\/p>\n<p class=\"p1\">Sous: <a href=\"https:\/\/celebritemag.com\/2023\/09\/22\/tafa-mi-soleil-toute-une-vie-dediee-a-la-musique\/\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">C\u00e9l\u00e9brit\u00e9 Magazine<\/a><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Vr\u00e8 non l se Rose Evenie Thafaina Saint Louis, j\u00e8n atis Tafa pa sispann f\u00e8 wout li nan liniv\u00e8 mizik ayisyen an. Talan konfime sa a gen tout bagaj ki neses\u00e8 pou asire l yon bon kary\u00e8 an t\u00e8m de talan. Ann al dekouvri natif komin Kensk\u00f2f la. D\u00e8nye pitit yon fanmi kat pitit (de [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":14977,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379,4380],"tags":[],"class_list":["post-37478","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-kilti","category-mizik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37478","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37478"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37478\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/14977"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37478"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37478"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37478"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}