{"id":37464,"date":"2024-04-11T10:55:56","date_gmt":"2024-04-11T14:55:56","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/kenfs-rap-yon-kanal-pou-louvri-ke-l-e-lage-emosyon-l\/"},"modified":"2024-04-11T10:55:56","modified_gmt":"2024-04-11T14:55:56","slug":"kenfs-rap-yon-kanal-pou-louvri-ke-l-e-lage-emosyon-l","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/kenfs-rap-yon-kanal-pou-louvri-ke-l-e-lage-emosyon-l\/","title":{"rendered":"KenFS: Rap, yon kanal pou louvri k\u00e8 l e lage emosyon l"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><em><strong>Depi sou ban lek\u00f2l klasik rive nan SafeLab, KenFS rete fid\u00e8l ak pasyon l pou Rap. Jan mizikal sa a p\u00e8m\u00e8t li vide emosyon l e pataje yo ak lemonn. Rap se ekspresyon menm batay li ak viktwa li. Ann dekouvri wout enspiran yon pow\u00e8t k ap tise istwa l atrav\u00e8 chak batman mizik li, menm jan mizik la rakonte lavi l.<\/strong><\/em><\/p>\n<p class=\"p1\">F\u00e8t Saint-Fleur Kendy, li se premye pitit yon fanmi kretyen ki gen senk pitit e li revandike lafwa l ak fy\u00e8te. J\u00e8n Kendy pase ane f\u00f2masyon klasik li P\u00f2dep\u00e8. Apre lanm\u00f2 manman l, li w\u00e8 yon bous detid pou Venezyela dispar\u00e8t, apre sa, akoz yon eksperyans nan prizon, li abandone etid iniv\u00e8sit\u00e8 l nan iniv\u00e8site Valparaiso P\u00f2dep\u00e8. Sepandan, apre li soti nan prizon, li reyalize mizik se chemen li pi pito pou l eksprime l.<\/p>\n<p class=\"p1\"><strong>Istwa l ak rap<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Eritaj mizikal li soti nan papa l, yon past\u00e8 ki pasyone mizik e ki konpoze anpil chan evanjelik. Sou sa, KenFS konfye pif\u00f2 j\u00e8n ki grandi nan lafwa renmen mizik, ki toupatou nan anviw\u00f2nman yo. Apre sa, pandan l ap grandi, li devlope yon pasyon pou rap, f\u00f2me pa lanmou l pou mizik ak enfliyans jan mizikal sa a ki t ap monte pandan adolesans li. Rap, pou KenFS, se pa yon senp estil mizikal s\u00e8lman; se yon kanal li s\u00e8vi pou pataje sa l viv, pote mesaj e kreye yon lyen ak piblik li. \u00ab M ap rakonte w istwa m pou w ekri pa w \u00bb, se youn nan fraz li repete souvan. Apre li soti nan prizon, rap vin tounen mwayen li pi pito pou pataje mesaj li, ak anpil istwa pou l rakonte, anpil verite pou l eksprime.<\/p>\n<p class=\"p1\">Pou tinon li, KenFS revele se yon kamarad klas nan filo ki ba li l. Pandan yo t ap ch\u00e8che non nan ep\u00f2k la, kamarad la melanje \u00ab Ken \u00bb nan Kendy ak inisyal \u00ab F, S \u00bb Saint-Fleur pou f\u00f2me non an. Ok\u00f2mansman li te pran l alalej\u00e8, men finalman li adopte l l\u00e8 l plonje nan rap.<\/p>\n<p class=\"p1\">Pi gwo enfliyans li soti nan Youssoupha li dekouvri pandan l te nan prizon, li apresye sa Youssoupha rakonte atrav\u00e8 mizik li, sitou sou p\u00e8t manman l. Moun ki, pita, pral kriye lanm\u00f2 manman l nan \u00ab Vin w\u00e8 w manman \u00bb santi l touche pwofondman pa t\u00e8m rap\u00e8 franse a ab\u00f2de yo. Koneksyon sa a ak Youssoupha, li w\u00e8 atrav\u00e8 estil la, flow la ak konpetans yo, ranf\u00f2se l nan chemen atistik li. Anplis, KenFS eksplore tou plizy\u00e8 tandans mizikal, tankou soul, pop, konpa, djaz, rege, sa ki nouri nanm melom\u00e0n li.<\/p>\n<p class=\"p1\"><strong>Yon diskografi rich ak kolaborasyon ki anrichi l<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Jiska prezan, kary\u00e8 l nan rap f\u00e8 diferans ak yon diskografi rich ak t\u00e8ks f\u00f2 ki chaje ak pwezi. Single tankou \u00ab N ap soti Lwen \u00bb, premye tit li apre li soti nan prizon, ak \u00ab Goodbye \u00bb make k\u00f2mansman l, pandan l\u00f2t pwoj\u00e8 konsolide prezans li nan milye rap ayisyen an. Ann site sitou mixtape li \u00ab Plandattaq \u00bb ki soti an 2016, ak 18 m\u00f2so, apre sa \u00ab Reskape \u00bb an 2018, ak 18 m\u00f2so, \u00ab Plus fier que jamais \u00bb an 2020 ak 15 m\u00f2so, e alb\u00f2m \u00ab Panda \u00bb an 2023, ki ofri 20 m\u00f2so. D\u00e8nye single li, \u00ab 100 000 mo \u00bb, vini apre yon EP \u00ab R.A.S. \u00bb ki te soti an desanm, pandan l ap konsakre l nan preparasyon pwochen alb\u00f2m li.<\/p>\n<p class=\"p1\">KenFS kontan pou kolaborasyon l ak plizy\u00e8 atis, pif\u00f2 ladan yo kolektif Pow\u00e8t Rev\u00f2lte li te f\u00e8 pati a te chwazi. Travay ak atis ak gwoup ki gen renome tankou Zom\u00f2 ak Rockfam se te yon on\u00e8 li cheri, pandan l rete fid\u00e8l ak prensip li yo. Anf\u00e8t, kolaborasyon l ak gwoup D\u00e8lma a se yon moman ki make l, paske l\u00e8 w an featuring sou yon alb\u00f2m Rockfam, youn nan de pi gwo gwoup rap nan ep\u00f2k la, se, pou li, yon okazyon ki pa t janm w\u00e8.<\/p>\n<p class=\"p1\">Anplis, kolaborasyon l ak Knaggs, MagicTouch ak l\u00f2t beatmaker gen anpil enp\u00f2tans pou li tou. Kolaborasyon sa yo, ki vini apre s\u00f2ti \u00ab Reskape \u00bb, te eksperyans ki anrichi l, sa ki pwouve enpak single sa a san dout. KenFS pale tou de k\u00e8 kontan li te genyen pou l te travay ak l\u00f2t pwodikt\u00e8 tankou Filip, Jay ak G-Black; yon eksperyans li renmen e li kontinye jodi a toujou ak Jay.<\/p>\n<p class=\"p1\"><strong>Vizyon l sou rap<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Apre plizy\u00e8 ane kary\u00e8 mizikal, KenFS jete yon je kritik sou evolisyon rap, pandan l rete optimis pou lavni l. Li kw\u00e8 nan kapasite rap pou l reziste devan tandans ki pa dire e pou l rete p\u00e8tinan, malgre defi mache mizik akty\u00e8l la. San pale an daki, li afime rap jan li te konnen l lan bese vizibman, paske rap\u00e8 yo pa pwodui ase. Jan ki alam\u00f2d kounye a, tankou Drill ak Trap, kaptire atansyon j\u00e8n yo plis olye. Li eksplike alb\u00f2m li \u00ab Panda \u00bb, ki konsakre n\u00e8t ale a rap pi, se te yon tantativ pou remonte pant lan. Li ab\u00f2de tou yon l\u00f2t fason difikilte mouvman rap la ap trav\u00e8se kounye a, li lonje dw\u00e8t sou medya ak blog\u00e8 ki pa toujou favorize difizyon sa ki merite l, ki kiltive sitou yon lespri klan.<\/p>\n<p class=\"p1\">Pou KenFS, mizik se pa yon metye s\u00e8lman; se sans li, yon glas pase l ak yon pwojeksyon lavni l. Malgre tout epr\u00e8v li, tankou p\u00e8t manman l, KenFS jwenn nan mizik yon refij, yon chemen pou l swiv.<\/p>\n<p class=\"p1\">Youn nan moman li pa ka bliye nan kary\u00e8 l se apre s\u00f2ti \u00ab Reskape \u00bb, yon moman majik ki te senbolize yon viktwa pou tout kolektif Pow\u00e8t Rev\u00f2te a ki t ap preche t\u00e8ks, nan yon pery\u00f2d kote se sitou b\u00f2 kom\u00e8syal la ki te dominan. Touche pa ekriti l ak mesaj li, sip\u00f2t\u00e8 fid\u00e8l li yo yo rele Panda, souvan onore l pandan y ap ofri l p\u00f2tre, meday. J\u00e8s ki touche l nan fon k\u00e8 l.<\/p>\n<p class=\"p1\">Jodi a, KenFS ap travay sou twazy\u00e8m alb\u00f2m li prevwa pou 2025. Li lanse tou nan yon nouvo avanti ak kreyasyon pw\u00f2p label li, Safelab, ki pwom\u00e8t pou l pote yon nouvo souf nan kominote mizik la an Ayiti. Anf\u00e8t, Safelab se nouvo label li mete sou pye a e ki deja pran plizy\u00e8 atis anba z\u00e8l li ki pral bay nouv\u00e8l yo byento.<\/p>\n<p class=\"p1\">Sous: <a href=\"https:\/\/celebritemag.com\/2024\/04\/10\/kenfs-ou-le-rappeur-qui-nous-convie\/\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">C\u00e9l\u00e9brit\u00e9 Magazine<\/a><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Depi sou ban lek\u00f2l klasik rive nan SafeLab, KenFS rete fid\u00e8l ak pasyon l pou Rap. Jan mizikal sa a p\u00e8m\u00e8t li vide emosyon l e pataje yo ak lemonn. Rap se ekspresyon menm batay li ak viktwa li. Ann dekouvri wout enspiran yon pow\u00e8t k ap tise istwa l atrav\u00e8 chak batman mizik li, [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":14093,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379,4380],"tags":[],"class_list":["post-37464","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-kilti","category-mizik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37464","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37464"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37464\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/14093"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37464"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37464"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37464"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}