{"id":37425,"date":"2024-04-23T22:07:37","date_gmt":"2024-04-24T02:07:37","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/anie-alerte-yon-atis-ki-gen-yon-vwa-eksepsyonel\/"},"modified":"2024-04-23T22:07:37","modified_gmt":"2024-04-24T02:07:37","slug":"anie-alerte-yon-atis-ki-gen-yon-vwa-eksepsyonel","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/anie-alerte-yon-atis-ki-gen-yon-vwa-eksepsyonel\/","title":{"rendered":"Anie Alerte, yon atis ki gen yon vwa eksepsyon\u00e8l"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><em><strong>Pami fanm ki prete vwa yo bay mizik ayisyen an, non Anie Alerte se pou n kenbe l. Li f\u00e8 diferans ak sans patriyotis li. Talan li eksepsyon\u00e8l e li travay di pou l rive nan t\u00e8t m\u00f2n nan. C\u00e9l\u00e9brit\u00e9 Magazine envite w f\u00e8 yon plonje nan lavi atistik natif Okap la.<\/strong><\/em><\/p>\n<p class=\"p1\">Fanmi manman l ki elve l nan komin &#8220;Les Perches&#8221;, li rive, pa san obstak, f\u00e8 yon non pou t\u00e8t li nan milye kiltir\u00e8l ayisyen an e menm l\u00f2t b\u00f2 fwonty\u00e8 yo. Se 6 jen 1993, Okap, Anie Alerte Joseph f\u00e8t, pitit yon fanm ki rele Anita Joseph.<\/p>\n<p class=\"p1\"><em><strong>Antre nan chan\u00e8l WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a \u27a1\ufe0f  <a href=\"https:\/\/bit.ly\/3MOKF3G\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">https:\/\/bit.ly\/3MOKF3G<\/a><\/strong><\/em><\/p>\n<p class=\"p1\">Elve nan yon fanmi monoparantal, li resevwa yon edikasyon pwotestan, sa ki, dapre li, te anpeche manman l pran yon kary\u00e8 nan mizik. &#8220;Manman m te konn chante byen anpil men, akoz papa l, li pa t ka eksplwate talan li&#8221;, li rakonte.<\/p>\n<p class=\"p1\">Apre li fin f\u00e8 etid klasik li, li jwenn k\u00e8k dipl\u00f2m fen etid iniv\u00e8sit\u00e8 &#8220;Mwen te ka dokt\u00e8, men desten te vle pou m sou s\u00e8n&#8221;, li di nou ak yon vwa ki plen fy\u00e8te.<\/p>\n<p class=\"p1\"><strong>Premye pa nan mond mizik la<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Menm jan ak anpil l\u00f2t atis nan milye mizik ayisyen an, li te k\u00f2manse legliz. Kapwaz la te deja pran plezi koute manman l chante lakay. Anie te grandi tou ak vwa Jacques Sauveur Jean, Erol Christophe e, b\u00f2 kote gwoup, Tabou Combo. Li te deja ap f\u00e8 espektak nan t\u00e8t li.<\/p>\n<p class=\"p1\">&#8220;L\u00e8 m t ap tande manman m, plizy\u00e8 chante ki te f\u00e8 pati lavi m chak jou, mwen te deja w\u00e8 t\u00e8t mwen sou s\u00e8n, ap anime yon piblik. Mwen te vr\u00e8man vle vin chant\u00e8z&#8221;, li konfye ak yon l\u00e8 byen kontan.<\/p>\n<p class=\"p1\">Li sonje eksperyans ki f\u00f2je moun li ye jodi a. &#8220;Mwen te konn patisipe nan konkou chante nan legliz mwen. Se la tout bagay te deklanche. Mwen goumen pou m f\u00e8 moun konnen b\u00f2 sa a nan mwen. Anplis, se te pi gwo r\u00e8v mwen&#8221;, li konfye.<\/p>\n<p class=\"p1\">An 2008, li patisipe nan konkou Digicel Stars e li te 2y\u00e8m laureya, pandan li pa t menm gen dizuit an ank\u00f2. Mwens pase yon ane apre, li pral reprezante drapo ble e wouj la nan yon l\u00f2t konkou Gwadloup, D\u00e9fi Lyc\u00e9en. E jan li te pwom\u00e8t fanmi l, li soti ak premye pri a. Sa f\u00e8 l jwenn rekonesans sou t\u00e8 Gwadloup.<\/p>\n<p class=\"p1\"><strong>Reyalizasyon ak l\u00f2t fas\u00e8t<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Chant\u00e8z la gen plizy\u00e8 tit sou kont li ak anpil kolaborasyon. Soti nan &#8220;Pi bon zanmi mwen&#8221;, m\u00f2so ki te ede l f\u00e8 wout li, rive nan d\u00e8nye kolaborasyon li ak Paul Beaubrun, &#8220;Kriye&#8221;, chant\u00e8z Anie Alerte patisipe nan anpil pwoj\u00e8 tankou &#8220;Haiti, coeur de femme&#8221;, &#8220;Eritaj&#8221; Yole Derose. Li mete vwa l sou alb\u00f2m tankou &#8220;All of God&#8221; Shedly Abraham. Sa louvri chemen pou l karese yon r\u00e8v: kolabore ak id\u00f2l li, atis li &#8220;tout kategori konfonn&#8221;, jan li di l, Amstrong Jeune.<\/p>\n<p class=\"p1\">Anie Alerte Joseph se chant\u00e8z, se vre, men nou pa ka pale de reyalizasyon l yo san nou pa salye patriyotis li. Apa milye mizik la, se pou n lonje dw\u00e8t sou vwa &#8220;Ou pa t janm renmen m&#8221; lan l\u00e8 n ap pale de kouraj ak patriyotis. Kiy\u00e8s ki pa sonje kontribisyon l nan konstriksyon kanal sou rivy\u00e8 Masak la? Travay sa a ede dekouvri fas\u00e8t sa a Anie Alerte malgre anpil difikilte li te rankontre. F\u00f2k nou ajoute atis la deja s\u00e8vi ak platf\u00f2m li yo pou l vin an \u00e8d viktim tranblemannt\u00e8 14 out 2021 la nan Okay.<\/p>\n<p class=\"p1\">Moun ki te jwe &#8220;Defile la folle&#8221; nan &#8220;Eritaj&#8221; la ak ekip li te viktim yon atak b\u00f2 Terrier-Rouge an septanm 2022, pandan yo te sou wout F\u00f2 Lib\u00e8te (Depatman N\u00f2d\u00e8s) nan kad yon klinik mobil. Popilasyon an te bat manm delegasyon sa a, ki te gen dokt\u00e8 ak atis ladan l.<\/p>\n<p class=\"p1\">Li te gen anpil difikilte pandan wout li men li deside gade v\u00e8 a mwatye plen. Anplis, si n kw\u00e8 sa l di, mizik se tankou yon zam de b\u00f2 koupe. &#8220;Mwen te gen anpil rezon pou m abandone mizik men mwen rive kanmenm f\u00e8 l konnen atrav\u00e8 menm kanal sa a e sa libere m&#8221;, li di ak k\u00e8 kontan.<\/p>\n<p class=\"p1\">Anie chante lavi l. Li pa wont di l byen f\u00f2. Li eksprime tout emosyon l atrav\u00e8 &#8220;Mal&#8221;, yon chante ak videyo ki soti k\u00e8k mwa apre li te viv yon moman terib nan lavi atis li. Sa pa t fasil ditou pou chant\u00e8z la, men li kontante l di pati sa a nan lavi l p\u00e8m\u00e8t li dekouvri t\u00e8t li plis. Sou plan emosyon\u00e8l, konp\u00f2tman, pami l\u00f2t.<\/p>\n<p class=\"p1\"><strong>Pwoj\u00e8 k ap vini<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Manman twa pitit la, youn byolojik ak de adopte, ap prepare pou l ofri fanatik li yo yon bagay tal\u00e8 konsa. Anf\u00e8t, alb\u00f2m solo atis la p ap pran tan pou l vini e fwa sa a, li pran swen trete l\u00f2t sij\u00e8.<\/p>\n<p class=\"p1\">&#8220;Pou resp\u00e8 fanatik mwen yo, mwen pa chante lavi m n\u00e8t sou alb\u00f2m nan&#8221;, li f\u00e8 konnen.<\/p>\n<p class=\"p1\">Yo pa kominike nou anyen sou alb\u00f2m nan. Nou pa konnen ni tit la ni dat li ap soti men vwa &#8220;Kenbe m&#8221; nan s\u00e8tifye l ap disponib anvan fen ane sa a.<\/p>\n<p class=\"p1\">Sous: <a href=\"https:\/\/celebritemag.com\/2024\/04\/23\/anie-alerte-plus-quune-artiste\/\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">C\u00e9l\u00e9brit\u00e9 Magazine<\/a><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Pami fanm ki prete vwa yo bay mizik ayisyen an, non Anie Alerte se pou n kenbe l. Li f\u00e8 diferans ak sans patriyotis li. Talan li eksepsyon\u00e8l e li travay di pou l rive nan t\u00e8t m\u00f2n nan. C\u00e9l\u00e9brit\u00e9 Magazine envite w f\u00e8 yon plonje nan lavi atistik natif Okap la. Fanmi manman l [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":34,"featured_media":14480,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379,4380],"tags":[],"class_list":["post-37425","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-kilti","category-mizik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37425","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/34"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37425"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37425\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/14480"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37425"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37425"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37425"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}