{"id":37407,"date":"2024-04-30T18:11:34","date_gmt":"2024-04-30T22:11:34","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/n-ap-boule-genyen-pri-pi-bon-kout-metraj-nan-festival-femi\/"},"modified":"2024-04-30T18:11:34","modified_gmt":"2024-04-30T22:11:34","slug":"n-ap-boule-genyen-pri-pi-bon-kout-metraj-nan-festival-femi","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/n-ap-boule-genyen-pri-pi-bon-kout-metraj-nan-festival-femi\/","title":{"rendered":"\u201cN ap Boule\u201d genyen pri Pi bon kout metraj nan Festival FEMI"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><strong>Festival FEMI: &#8220;N ap boule&#8221; eli Pi bon kout metraj ane a<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">Pandan 28y\u00e8m edisyon FEMI, Festival Rejyonal ak Ent\u00e8nasyonal Sinema Gwadloup, yo bay kout metraj ayisyen \u201cN ap Boule&#8221; a pri Pi bon kout metraj. Yo anonse nouv\u00e8l la sou paj Facebook fim nan, lendi 29 avril 2024 sa a.<\/p>\n<pre class=\"p1\"><strong>Antre nan chan\u00e8l WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a \u27a1\ufe0f  <a href=\"https:\/\/bit.ly\/3MOKF3G\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">https:\/\/bit.ly\/3MOKF3G<\/a><\/strong><\/pre>\n<p class=\"p1\">&#8220;N ap Boule&#8221; rakonte istwa emosyonan yon chof\u00e8 taksi yo rele Jean, madanm li pr\u00e8t pou akouche pandan yon kouvrefe an Ayiti. Akoz defi yon peyi ki nan kawo poze, ak barikad, dife ak bandi, Jean twouve l nan yon kous kont lamontre pou l mennen madanm li lopital e sove lavi madanm li ak pitit k ap vini an.<\/p>\n<p class=\"p1\">Alexandrine Benjamin reyalize \u201cN ap boule\u201d, ak Kenny Laguerre ak Ericka Jean-Louis nan w\u00f2l prensipal yo. Depi premye li nan P\u00f2tigal nan kad 19y\u00e8m edisyon New Directors New Films Festival, kout metraj la f\u00e8 wonn lat\u00e8, li pase Bahamas, Trinidad ak Tobago, Toronto, Florid anvan l rive d\u00e8ny\u00e8man Gwadloup kote li jwenn pri Pi bon kout metraj nan Festival FEMI.<\/p>\n<p class=\"p1\">Festival FEMI, Festival ent\u00e8nasyonal Sinema Gwadloup, asosyasyon \u201cImages et Cultures du Monde\u201d \u00f2ganize depi 1992, gen misyon pou l pwomouvwa z\u00e8v sinematografik ak sineyas Antiy-Giy\u00e0n ak Karayib la. Sakre &#8220;N ap Boule&#8221; nan 28y\u00e8m edisyon festival sa a pwouve yon l\u00f2t fwa ank\u00f2 non s\u00e8lman rekonesans sinema ayisyen an, men tou det\u00e8minasyon reyalizat\u00e8 nou yo ki, souvan, pwodui nan kondisyon difisil.<\/p>\n<p class=\"p1\">Apre plizy\u00e8 seleksyon, pri sa a vin rekonpanse travay di ekip &#8220;N ap Boule&#8221; a ki pataje yon istwa emosyonan ak piblik ki soti tout kote. Tan an f\u00e8nwa men bon nouv\u00e8l yo toujou pote yon ti espwa pou nou. L\u00e8 l genyen pri Pi bon kout metraj nan Festival FEMI, &#8220;N ap Boule&#8221; raple nou se pa kawo a ki defini nou, talan nou ak kreyativite nou ka toujou f\u00e8 drapo nou flote sou plan ent\u00e8nasyonal pandan y ap f\u00e8 moun diskite sou t\u00e8m tankou rezilyans ak det\u00e8minasyon devan obstak yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">Sous: <a href=\"https:\/\/celebritemag.com\/2024\/04\/30\/n-ap-boule-remporte-le-prix\/\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">C\u00e9l\u00e9brit\u00e9 Magazine<\/a><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Festival FEMI: &#8220;N ap boule&#8221; eli Pi bon kout metraj ane a Pandan 28y\u00e8m edisyon FEMI, Festival Rejyonal ak Ent\u00e8nasyonal Sinema Gwadloup, yo bay kout metraj ayisyen \u201cN ap Boule&#8221; a pri Pi bon kout metraj. Yo anonse nouv\u00e8l la sou paj Facebook fim nan, lendi 29 avril 2024 sa a. Antre nan chan\u00e8l WhatsApp [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":14826,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-37407","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37407","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37407"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37407\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/14826"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37407"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37407"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37407"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}