{"id":37400,"date":"2024-05-03T23:02:40","date_gmt":"2024-05-04T03:02:40","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/jounen-mondyal-libete-lapres-ajh-salye-kouraj-jounalis-yo\/"},"modified":"2024-05-03T23:02:40","modified_gmt":"2024-05-04T03:02:40","slug":"jounen-mondyal-libete-lapres-ajh-salye-kouraj-jounalis-yo","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/jounen-mondyal-libete-lapres-ajh-salye-kouraj-jounalis-yo\/","title":{"rendered":"Jounen mondyal lib\u00e8te lapr\u00e8s: AJH salye kouraj jounalis yo nan tan vyolans sa yo"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><em><strong>Nan okazyon 3 me 2024 la, Asosyasyon jounalis ayisyen yo di li soutni tout manm K\u00f2porasyon an e an patikilye viktim zak vyolans ki anrejistre nan d\u00e8nye tan sa yo nan peyi a.<\/strong><\/em><\/p>\n<p class=\"p1\">Nan yon n\u00f2t li pibliye vandredi sa a, AJH raple gen konfr\u00e8 ki te oblije abandone kay yo akoz vyolans gang yo, pandan l\u00f2t te viktim kidnaping, atak fizik sou moun yo ak menas lanm\u00f2, k\u00e8k ladan yo fini pa kouri kite peyi a. Asosyasyon an pwofite okazyon an pou l denonse zak vandalis yo f\u00e8 kont jounal Le Nouvelliste ak Pr\u00e8s nasyonal Ayiti.<\/p>\n<p class=\"p1\">Anplis, AJH salye k\u00f2m yon gwo pa \u00f2donans jij Edwige Dorsainvil ki ranvwaye devan tribinal krimin\u00e8l ansyen senat\u00e8 Sant la Rony C\u00e9lestin ak senk l\u00f2t enkilpe k\u00f2m ot\u00e8 ak ko-ot\u00e8 asasina jounalis N\u00e9h\u00e9my Joseph an okt\u00f2b 2019 nan Mibal\u00e8.<\/p>\n<p class=\"p1\">An d\u00e8nye, AJH reyafime atachman l ak ideyal ak prensip fondamantal yon lapr\u00e8s lib e responsab, sitou nan ep\u00f2k nimerik la ak ekspansyon medya sosyal yo kote dezenf\u00f2masyon ak manipilasyon tounen gwo risk pou enf\u00f2masyon an.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Nan okazyon 3 me 2024 la, Asosyasyon jounalis ayisyen yo di li soutni tout manm K\u00f2porasyon an e an patikilye viktim zak vyolans ki anrejistre nan d\u00e8nye tan sa yo nan peyi a. Nan yon n\u00f2t li pibliye vandredi sa a, AJH raple gen konfr\u00e8 ki te oblije abandone kay yo akoz vyolans gang yo, [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":15156,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372,4381],"tags":[],"class_list":["post-37400","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-aktyalite","category-sosyete"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37400","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37400"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37400\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/15156"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37400"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37400"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37400"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}