{"id":37377,"date":"2024-05-14T11:42:45","date_gmt":"2024-05-14T15:42:45","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/festival-kann-2024-yo-pral-bay-meryl-streep-yon-palme-d-or-done\/"},"modified":"2024-05-14T11:42:45","modified_gmt":"2024-05-14T15:42:45","slug":"festival-kann-2024-yo-pral-bay-meryl-streep-yon-palme-d-or-done","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/festival-kann-2024-yo-pral-bay-meryl-streep-yon-palme-d-or-done\/","title":{"rendered":"Festival Kann 2024: yo pral bay Meryl Streep yon Palme d&#8217;or don\u00e8"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><em><strong>Aktris ameriken Meryl Streep pral resevwa, 14 me 2024, yon l\u00f2t distenksyon nan kary\u00e8 l. Nan 77y\u00e8m edisyon Festival Kann nan, yo pral ba li yon Palme d&#8217;or don\u00e8 pou rann omaj a b\u00e8l kary\u00e8 li.<\/strong><\/em><\/p>\n<p class=\"p1\">Meryl Streep, ki te genyen Pri ent\u00e8pretasyon fanm Festival Kann nan sa gen 35 an, te resevwa rekonpans lan pou w\u00f2l Lindy Chamberlain nan \u00ab Un cri dans la nuit \u00bb (A Cry in the Dark) Fred Schepisi an 1989.<\/p>\n<p class=\"p1\">77y\u00e8m edisyon Festival Kann nan pral f\u00e8t soti 14 rive 25 me 2024 nan Pal\u00e8 festival yo, nan Kann. Pou okazyon an, aktris franse Camille Cottin pral m\u00e8t seremoni ouv\u00e8ti ak seremoni f\u00e8mti yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">Se dirijan Festival Kann yo ki bay Palme d&#8217;honneur nan. Pri sa a bay andey\u00f2 konpetisyon e se yon moun yo bay li, se pa yon fim. Rive 8 me 2024, yon douz\u00e8n p\u00e8sonalite te deja resevwa yon distenksyon konsa.<\/p>\n<p class=\"p1\">B\u00f2 kote Meryl Streep, sineyas ameriken George Lucas pral resevwa yon Palme d&#8217;honneur pou tout kary\u00e8 li. Festival la pral bay Studio Ghibli yon Palme d&#8217;honneur tou pou tout kreyasyon l yo ak enfliyans li sou mond animasyon an, sa ki f\u00e8 l tounen premye Palme d&#8217;honneur yo bay yon kolektif.<\/p>\n<p class=\"p1\">Meryl Streep gen 3 Oscar, ladan yo 2 pou tit pi bon aktris. Li te genyen premye Oscar li pou \u00abLe Choix de Sophie\u00bb an 1983 e an 2012 li resevwa Oscar pi bon aktris la pou dezy\u00e8m fwa pou w\u00f2l li nan \u00abLa Dame de fer\u00bb. An 1980, Meryl Streep genyen Oscar pi bon aktris nan yon dezy\u00e8m w\u00f2l pou w\u00f2l li nan \u00abKramer contre Kramer\u00bb e li rafle yon Golden Globe nan menm kategori a tou. Meryl gen 33 nominasyon pou Golden Globes, sa ki f\u00e8 l kenbe rek\u00f2 pi gwo kantite nominasyon.<\/p>\n<p class=\"p1\">Aktris ameriken Meryl Streep, ki gen 74 an, f\u00e8 pati pi bon aktris jenerasyon li. Se ent\u00e8pr\u00e8t ki gen plis nominasyon nan istwa Oscar yo, gason kou fanm, ak 21 seleksyon, ladan yo 17 pou tit \u00ab Pi bon aktris \u00bb.<\/p>\n<p class=\"p1\">Sous: C\u00e9l\u00e9brit\u00e9 Magazine<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Aktris ameriken Meryl Streep pral resevwa, 14 me 2024, yon l\u00f2t distenksyon nan kary\u00e8 l. Nan 77y\u00e8m edisyon Festival Kann nan, yo pral ba li yon Palme d&#8217;or don\u00e8 pou rann omaj a b\u00e8l kary\u00e8 li. Meryl Streep, ki te genyen Pri ent\u00e8pretasyon fanm Festival Kann nan sa gen 35 an, te resevwa rekonpans lan [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":15452,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-37377","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37377","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37377"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37377\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/15452"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37377"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37377"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37377"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}