{"id":37372,"date":"2024-05-16T23:04:52","date_gmt":"2024-05-17T03:04:52","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/dany-laferriere-ekri-yon-let-ouve-bay-fabienne-colas\/"},"modified":"2024-05-16T23:04:52","modified_gmt":"2024-05-17T03:04:52","slug":"dany-laferriere-ekri-yon-let-ouve-bay-fabienne-colas","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/dany-laferriere-ekri-yon-let-ouve-bay-fabienne-colas\/","title":{"rendered":"Dany Laferri\u00e8re ekri yon l\u00e8t ouv\u00e8 bay Fabienne Colas"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><em><strong>Akademisyen Dany Laferri\u00e8re ekri yon l\u00e8t ouv\u00e8 bay aktris ayisy\u00e8n Fabienne Colas apre li fin aprann li pral resevwa yon doktora onorifik nan fakilte Boz\u00e0 Iniv\u00e8site Concordia nan Kanada. Se aktris la menm ki pataje l sou paj Facebook li 10 me 2024. Men l\u00e8t la an antye:<\/strong><\/em><\/p>\n<p class=\"p1\">&#8220;Ch\u00e8 Fabienne,<\/p>\n<p class=\"p1\">Dokt\u00e8 Colas,<\/p>\n<p class=\"p1\">Mwen t\u00e8lman kontan konnen w nan w\u00f2b pi wo grad iniv\u00e8sit\u00e8 a, sa ki rele doktora honoris causa.<\/p>\n<p class=\"p1\">Mwen felisite w av\u00e8k resp\u00e8 pou chemen ou f\u00e8 a, san w pa pilonnen jaden p\u00e8sonn, ni imilye p\u00e8sonn. Distenksyon sa a, ou merite l gras ak travay ou f\u00e8 san pran souf (pou sinema e kont rasis), ak imanite ou montre pandan tout pwosesis la.<\/p>\n<p class=\"p1\">Kontinye wout ou, ti pitit fi Ayiti, se s\u00e8l sa yo mande w f\u00e8 nan moman difisil sa yo. Pa gaspiye en\u00e8ji w l\u00f2t kote pase nan pwoj\u00e8 w yo ki deja f\u00e8 anpil moun byen.<\/p>\n<p class=\"p1\">M ap anbrase w av\u00e8k fy\u00e8te, s\u00e8 m\u2026<\/p>\n<p class=\"p1\">Vye fr\u00e8 w<\/p>\n<p class=\"p1\">Dany (Laferri\u00e8re)&#8221;.<\/p>\n<p class=\"p1\">L\u00e8 w li sa reyalizatris la di sou j\u00e8s atansyon sa a, ou w\u00e8 sa vr\u00e8man souke l.<\/p>\n<p class=\"p1\">&#8220;Mwen rete bouch be devan tout jenerozite sa a&#8230; Sa ankouraje m pou m pa bese bra&#8221;, li ekri.<\/p>\n<p class=\"p1\">Li pran tan tou pou l rem\u00e8sye piblik li, epi li presize doktora sa a se rezilta gwo sip\u00f2 yo, e se yon on\u00e8 pou peyi a tou.<\/p>\n<p class=\"p1\">&#8220;Pou nou menm, m\u00e8si pou bon mo nou yo, sou tout platf\u00f2m, ki pouse m monte. Mwen resevwa lanmou soti tout kote. Doktora onorifik sa a, se gras ak sip\u00f2 nou ban m depi toujou, san janm f\u00e8 bak.<\/p>\n<p class=\"p1\">On\u00e8 sa a se pou Ayiti l ye tou !!&#8221;.<\/p>\n<p class=\"p1\">Sous: C\u00e9l\u00e9brit\u00e9 Magazine<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Akademisyen Dany Laferri\u00e8re ekri yon l\u00e8t ouv\u00e8 bay aktris ayisy\u00e8n Fabienne Colas apre li fin aprann li pral resevwa yon doktora onorifik nan fakilte Boz\u00e0 Iniv\u00e8site Concordia nan Kanada. Se aktris la menm ki pataje l sou paj Facebook li 10 me 2024. Men l\u00e8t la an antye: &#8220;Ch\u00e8 Fabienne, Dokt\u00e8 Colas, Mwen t\u00e8lman kontan [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":15723,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-37372","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37372","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37372"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37372\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/15723"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37372"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37372"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37372"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}