{"id":37370,"date":"2024-05-19T22:42:53","date_gmt":"2024-05-20T02:42:53","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/n-ap-bwe-dilem-pwomosyon-ilegal-alkol-atis-enfliyanse\/"},"modified":"2024-05-19T22:42:53","modified_gmt":"2024-05-20T02:42:53","slug":"n-ap-bwe-dilem-pwomosyon-ilegal-alkol-atis-enfliyanse","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/n-ap-bwe-dilem-pwomosyon-ilegal-alkol-atis-enfliyanse\/","title":{"rendered":"\u00ab N ap bw\u00e8 \u00bb, dil\u00e8m pwomosyon ilegal alk\u00f2l k\u00e8k Atis-Enfliyans\u00e8 ayisyen ap f\u00e8"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\">Depi premye ane preparatwa, apranti sosyol\u00f2g la deja konnen prensip debaz sosyoloji a p\u00e8m\u00e8t non s\u00e8lman etidye fenom\u00e8n sosyal yo, men tou analize mekanis ki gouv\u00e8ne relasyon sosyal yo. Konsa, metye sosyol\u00f2g mande vr\u00e8man pou w pran distans ak diskou komen an epi kesyone sa ki ka sanble n\u00f2mal. Dapre met\u00f2d eksperimantal Claude Bernard, yo envite sosyol\u00f2g la sezi f\u00e8 sosyal la pandan l mete sou kote lide li te genyen davans, ansanm ak tout jijman moral. Nan menm lide sa a, \u00c9mile Durkheim rek\u00f2mande pou ekate prenosyon yo pou ka pi byen konprann enj\u00e8 kolektif yon sosyete. Pa egzanp, konsekans konsomasyon alk\u00f2l se sij\u00e8 ki nan dom\u00e8n sosyoloji pami l\u00f2t.<\/p>\n<p class=\"p1\">An reyalite, alk\u00f2l, tankou yon lwil sosyal, itilize anpil nan plizy\u00e8 kilti depi plizy\u00e8 sy\u00e8k. Nou jwenn tras akeyolojik konsomasyon alk\u00f2l ki remonte nan preyistwa, anvan agrikilti ak sedantarizasyon p\u00e8p yo. Plas alk\u00f2l evolye ak tan. Dapre ep\u00f2k ak peyi, l\u00f2m bay alk\u00f2l yon nouvo konsiderasyon. Pou n reprann Jean-Charles Sournia (istwa alkolis), alk\u00f2l se yon pwodui kiltir\u00e8l, li f\u00e8 pati lavi sosyal gwoup yo. Konsomasyon l t\u00e8lman ansyen nan m\u00e8s nou li pran yon plas prepondran nan dinamik sosyal limanite. De jenerasyon an jenerasyon, konsomasyon alk\u00f2l toujou nan mitan enkyetid yo. Vreman vre, alk\u00f2l se youn nan prensipal fakt\u00e8 risk pou maladi ak lanm\u00f2 tw\u00f2 bon\u00e8. Dapre \u00d2ganizasyon mondyal sante (OMS), konsomasyon alk\u00f2l touye twa milyon moun chak ane sou lat\u00e8. Soti nan kans\u00e8 rive nan depresyon, alk\u00f2l kontribye nan yon long lis maladi ki pa transmisib ak l\u00f2t pwobl\u00e8m sante (Siwoz fwa, kans\u00e8 poumon) ansanm ak blesi ki soti nan aksidan wout ak vyolans sou l\u00f2t moun. <\/p>\n<p class=\"p1\">Paradoksalman, alk\u00f2l ka tr\u00e8 agreyab ak ef\u00e8 l ki bay k\u00e8 kontan, ki konbat depresyon e ki kalme l\u00e8 w bw\u00e8 l av\u00e8k mod\u00e9rasyon. Li ka gen tou move konsekans sou sante si w abize l. Se sa ki f\u00e8 gen yon doub fas nan reprezantasyon sosyal alk\u00f2l.<\/p>\n<p class=\"p1\">Konsomasyon bwason ki gen alk\u00f2l gaye anpil nan espas sosyal ayisyen an. Yo s\u00e8vi l nan pr\u00e8ske tout seremoni ki gen karakt\u00e8 sosyal (Resepsyon maryaj, aniv\u00e8s\u00e8 nesans, kominyon, elatriye). Alk\u00f2l tankou toupatou, nou ka remake l nan tout kouch sosyal, ni nan fanmi ki al\u00e8z ni nan fanmi p\u00f2v; li par\u00e8t tou lakay moun ki nan diferan kategori pwofesyon\u00e8l tankou kad, etidyan, ouvriye ak peyizan. Itilizasyon alk\u00f2l pr\u00e8ske f\u00e8 pati rity\u00e8l ayisyen an. Chita b\u00f2 yon v\u00e8 se yon ekspresyon konvivyalite. Anplis, plizy\u00e8 moun konsidere l tankou yon siy entegrasyon sosyal. Sepandan, alkolis rete yon enj\u00e8 sante piblik. Natir\u00e8lman, konsomasyon kwonik alk\u00f2l ak abi l ka mennen konsekans grav sou sante mantal ak fizik moun ki depandan yo. <\/p>\n<p class=\"p1\">Poutan, pr\u00e8ske pa gen okenn kontw\u00f2l sou itilizasyon alk\u00f2l ann Ayiti. Dapre d\u00e8nye done ki pibliye an 2020 sou Ayiti, kantite lanm\u00f2 alk\u00f2l lak\u00f2z rive 428 oswa 0.49% total lanm\u00f2 yo. Malgre tablo nwa sa a, li regretab pou n konstate gen yon apoloji alk\u00f2l k ap f\u00e8t atrav\u00e8 rezo sosyal yo ak medya alt\u00e8natif yo. F\u00f2k nou siyale sitou kanal kominikasyon sa yo pwisan anpil e yo jwe yon gwo w\u00f2l nan lavi chak jou, sitou lavi jen\u00e8s la nan d\u00e8nye tan sa yo. <\/p>\n<p class=\"p1\">Rezo sosyal yo ak medya alt\u00e8natif yo vin tounen gwo ajan sosyalizasyon. J\u00e8n yo fasilman enfliyanse atrav\u00e8 mesaj odyovizy\u00e8l yo difize, kit se a t\u00f2 kit se a rezon, sou platf\u00f2m sa yo. Kit yo konsyan kit yo pa konsyan, k\u00e8k Atis\/Enfliyans\u00e8 lanse nan yon kanpay san pitye pou ankouraje moun bw\u00e8 bwason ki gen alk\u00f2l san mezi, san yo pa janm mansyone sibstans psikoaktif sa a f\u00e8 sante mal. P\u00e8sonn pa egzante de piblisite ilegal sa a k ap f\u00e8t sou ent\u00e8n\u00e8t. Depi twa d\u00e8nye ane sa yo, k\u00e8k selebrite ap preche yon m\u00f2d lavi ki pa an sante. Nan sans sa a, ann pale de yon mizik ki soti nan ritm yo rele \u2019\u2019Rab\u00f2day\u2019\u2019: \u00ab #Parese, leve pou bw\u00e8 kleren \u00bb. M\u00f2so san sans sa a ta vle di f\u00f2k ou bw\u00e8 san rete. Sa vle di, bw\u00e8 alk\u00f2l tout tan tankou yon devwa. Pi resamman, gen d\u00e8nye hit moman an yon gwoup konpa tr\u00e8 popil\u00e8 (HMI) ki vin ajoute ak yon eslogan ki sou pr\u00e8ske tout bouch jen\u00e8s ayisyen an. Se \u00ab N ap bw\u00e8 \u00bb. Sa ta di chak moun konsome an kantite tout likid ki soti nan f\u00f2mil CH3CH2OH. Ala f\u00f2lte. Pi mal toujou, adolesan yo se moun ki pi resevwa pwomosyon danjere sa a. Anplis, pr\u00e8ske tout f\u00f2s viv peyi a ap f\u00e8 silans sou dewout sa yo. Se tankou tout bagay ap mache byen. Poutan, pratik toksik sa a ap ronje kominote ayisyen an an silans. Paske, ankouraje moun bw\u00e8 alk\u00f2l san mezi se tankou yon ensitasyon a vyolans. Se ka, pa egzanp, korelasyon ki egziste ant alk\u00f2l ak delenkans jivenil. Dil\u00e8m nan se ke nan yon peyi kote sitwayen yo pa gen lwazi; kote vyolans ak laper\u00e8z ap chire tisi sosyal la, nou gen enpresyon alk\u00f2l vin tounen s\u00e8l alt\u00e8nativ pou div\u00e8tisman. Sa pa anpeche n f\u00e8 yon ap\u00e8l pou vijilans.<\/p>\n<p class=\"p1\">L\u00e8 a grav, li l\u00e8 pou n sonnen alam. F\u00f2k nou double ef\u00f2 pou n goumen kont lej\u00e8rte sa a, sitou l\u00e8 n ent\u00e8di pwomosyon ilegal konsomasyon alk\u00f2l. Nou konnen konsomasyon alk\u00f2l an tan ke t\u00e8l pa poze pwobl\u00e8m, pet\u00e8t li se yon bezwen l\u00e8 l nan mezi e yon pwazon l\u00e8 l depase mezi, sa ki f\u00e8 n kw\u00e8 tw\u00f2p nan tout bagay f\u00e8 mal. Anplis, alk\u00f2l souvan asosye ak krim grav tankou asasina, v\u00f2l oswa kadejak. Plis pase tout bagay, pwobl\u00e8m alkolis se yon f\u00e8 sosyal konplike nou pa ka evite. F\u00f2k nou kanpe neglijans sa a. J\u00e8n ak moun ki pa t\u00e8lman j\u00e8n yo patikily\u00e8man vilnerab devan ef\u00e8 danjere alk\u00f2l. Kidonk, atis\/enfliyans\u00e8 yo dwe itilize kapasite enfliyans yo yon fason responsab anv\u00e8 yo. Si nou dwe bw\u00e8 alk\u00f2l, f\u00f2k se yon bw\u00e8 kontwole.<\/p>\n<p class=\"p1\"><strong>Lauture Jacques<\/strong><\/p>\n<p class=\"p1\">lolo.jacques33@gmail.com<\/p>\n<p class=\"p1\">19\/05\/2024<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Depi premye ane preparatwa, apranti sosyol\u00f2g la deja konnen prensip debaz sosyoloji a p\u00e8m\u00e8t non s\u00e8lman etidye fenom\u00e8n sosyal yo, men tou analize mekanis ki gouv\u00e8ne relasyon sosyal yo. Konsa, metye sosyol\u00f2g mande vr\u00e8man pou w pran distans ak diskou komen an epi kesyone sa ki ka sanble n\u00f2mal. Dapre met\u00f2d eksperimantal Claude Bernard, yo [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":55,"featured_media":16045,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372,4381],"tags":[],"class_list":["post-37370","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-aktyalite","category-sosyete"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37370","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/55"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37370"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37370\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/16045"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37370"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37370"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37370"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}