{"id":37369,"date":"2024-05-17T20:23:46","date_gmt":"2024-05-18T00:23:46","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/jwet-olenpik-2024-stella-jean-ap-abiye-atlet-ayisyen-yo\/"},"modified":"2024-05-17T20:23:46","modified_gmt":"2024-05-18T00:23:46","slug":"jwet-olenpik-2024-stella-jean-ap-abiye-atlet-ayisyen-yo","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/jwet-olenpik-2024-stella-jean-ap-abiye-atlet-ayisyen-yo\/","title":{"rendered":"Jw\u00e8t Olenpik 2024: Stella Jean ap abiye atl\u00e8t ayisyen yo"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><em><strong>Pou pwochen Jw\u00e8t olenpik ki pral f\u00e8t nan Pari, soti 26 jiy\u00e8 rive 11 out 2024, kreyatris m\u00f2d italo-ayisy\u00e8n Stella Jean pral mete talan l ak konesans li akl\u00e8. Dapre Komite Olenpik Ayisyen an (COH), pou ev\u00e8nman an, se estilis la ki pral chaje abiye 15 atl\u00e8t ayisyen yo.<\/strong><\/em><\/p>\n<p class=\"p1\">Komite Olenpik Ayisyen an (COH) te anonse chwa a lendi 13 me 2024 sou Instagram:<\/p>\n<p class=\"p1\">\u201c Pandan seremoni ouv\u00e8ti Jw\u00e8t Olenpik Pari 2024 yo, se designer ayisy\u00e8n Stella Jean ki pral abiye delegasyon ayisyen an. Nan z\u00e8v sa a, kreyatris m\u00f2d la ak pent ayisyen Philippe Dodard pral f\u00e8 tout patrimw\u00e0n nasyonal la par\u00e8t. \u201d<\/p>\n<p class=\"p1\">Z\u00e8v pent ayisyen Philippe Dodard ki rele \u00ab Passage \u00bb pral entegre nan inif\u00f2m Stella Jean kreye yo, ki pral ekspoze nan Mize Nasyonal Panteyon Ayisyen (Mupanah), nan P\u00f2toprens.<\/p>\n<p class=\"p1\">Pou inif\u00f2m gason an, l ap gen yon abiman kanpay enspire de chemiz Guayabera ayisyen ak yon pantalon ki reprann motif tablo Dodard la.<\/p>\n<p class=\"p1\">Pou inif\u00f2m fi a, yon chemiz endigo an chambray ayisyen, konplete ak yon blaz\u00e8 san manch, ki gen anbl\u00e8m olenpik ayisyen an, asosye ak yon ansanm ki gen yon jip evaze ki dekore ak z\u00e8v Dodard yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">15 atl\u00e8t ekip Ayiti a pral montre kreyasyon sa yo pandan seremoni ouv\u00e8ti a ki pral f\u00e8t 26 jiy\u00e8 b\u00f2 larivy\u00e8 Las\u00e8n nan Pari.  <\/p>\n<p class=\"p1\">*Kiy\u00e8s Stella Jean ye?*<\/p>\n<p class=\"p1\">F\u00e8t 17 jen 1979, nan W\u00f2m, Stella Jean se yon kreyatris italo-ayisy\u00e8n otodidak yo rekon\u00e8t k\u00f2m premye estilis italyen nwa. Yo konsidere l k\u00f2m pwoteje Giorgio Armani.<\/p>\n<p class=\"p1\">Pitit yon manman ayisy\u00e8n, Violette Jean, ak yon papa italyen, Marcello Novarino, Stella di li dekouvri Ayiti atrav\u00e8 manman l. Li menm vwayaje poukont li pou l jwenn fanmi grann li. Stella Jean se manman de pitit e li rete W\u00f2m ak pitit li yo.<\/p>\n<p class=\"p1\">An jiy\u00e8 2011, Stella Jean genyen konkou Vogue Italia, \u00abWho&#8217;s on Next\u00bb. Li \u00f2ganize premye defile l nan Fashion Week Milan an septanm 2012.<\/p>\n<p class=\"p1\">An avril 2014, yo ekspoze yon ansanm koleksyon gason prentan-ete 2014 Stella Jean nan Victoria &amp; Albert Museum, nan kad ekspozisyon &#8220;Le Glamour italien de 1945-2014 &#8220;.<\/p>\n<p class=\"p1\">An 2019, New York Times deziyen Stella Jean k\u00f2m estilis ki pi konvenkan pami tout designer nouvo jenerasyon an nan Milan. Travay li fizyone konfeksyon italyen klasik ak t\u00e8m afriken, karayibeyen ak imaj ayisyen.<\/p>\n<p class=\"p1\">Stella Jean angaje kont rasis nan m\u00f2d. Kreyatris la bay t\u00e8t li misyon pou l denonse mank div\u00e8site ak rasis nan mond m\u00f2d la, men tou nan tout sosyete italyen an.<\/p>\n<p class=\"p1\">Sous : C\u00e9l\u00e9brit\u00e9 Magazine<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Pou pwochen Jw\u00e8t olenpik ki pral f\u00e8t nan Pari, soti 26 jiy\u00e8 rive 11 out 2024, kreyatris m\u00f2d italo-ayisy\u00e8n Stella Jean pral mete talan l ak konesans li akl\u00e8. Dapre Komite Olenpik Ayisyen an (COH), pou ev\u00e8nman an, se estilis la ki pral chaje abiye 15 atl\u00e8t ayisyen yo. Komite Olenpik Ayisyen an (COH) te [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":15851,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-37369","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37369","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37369"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37369\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/15851"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37369"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37369"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37369"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}