{"id":37265,"date":"2024-07-22T22:01:48","date_gmt":"2024-07-23T02:01:48","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/yo-pa-vann-frekans-telemax-la-bay-rosemila-petit-frere\/"},"modified":"2024-07-22T22:01:48","modified_gmt":"2024-07-23T02:01:48","slug":"yo-pa-vann-frekans-telemax-la-bay-rosemila-petit-frere","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/yo-pa-vann-frekans-telemax-la-bay-rosemila-petit-frere\/","title":{"rendered":"\u00ab Yo pa vann frekans T\u00e9l\u00e9max la bay Rosemila Petit-Fr\u00e8re \u00bb, Direksyon T\u00e9l\u00e9 7 S.A deklare"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><em><strong>Nan yon n\u00f2t pou lapr\u00e8s resan Hebdo24 resevwa kopi, Direksyon T\u00e9l\u00e9 7, S.A. (T\u00e9l\u00e9max) di li konstate ak anpil am\u00e8tim pratik ki pa gen non yo ap kontinye pou simen dout nan opinyon piblik la sou pwopriyete frekans li benefisye depi plizy\u00e8 deseni. Konsa, pwopriyet\u00e8 T\u00e9l\u00e9max yo deklare yo pa vann ch\u00e8n nan bay p\u00e8sonn, sitou pa bay Rosemila Petit-Fr\u00e8re.<\/strong><\/em><\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Nan seri aksyon malon\u00e8t gouv\u00e8nman li a, Ariel Henry te f\u00f2se enjeny\u00e8 Jean Marie Guillaume, ki te Direkt\u00e8 Conatel nan ep\u00f2k la, pou l siyen, anba gwo presyon e nan ilegalite, asiyasyon yon frekans pou yon swadizan T\u00e9l\u00e9 Monopole ki rele Rosemila Petit-Fr\u00e8re, ke Gamal Augustin te enstale ilegalman sou sit TNH la. D\u00e8nye sa a, yon manm enfliyan nan kabin\u00e8 Ansyen PM nan, pou nou pa di plis, te egzije frekans T\u00e9l\u00e9max la, malgre Antrepriz la toujou respekte obligasyon l anv\u00e8 Conatel ak fis la. Gen menm rim\u00e8 ki di se presyon sa yo ki ta lak\u00f2z lanm\u00f2 direkt\u00e8 Conatel sa a. Se sa ki f\u00e8 nou konprann poukisa T\u00e9l\u00e9max te viktim tout atak bandi ame sa yo, malfra telegide ak tout kalite as\u00e8lman, rive jis nan tantativ pou yo v\u00f2l\u00e8 teren li nan Delma 19, ak demolisyon enstalasyon l nan Boutilye, sa ki anpeche televizyon an fonksyone n\u00f2malman \u00bb, Direksyon ch\u00e8n sa a ki te pi gwo nan peyi a nan tan lontan esplike.<\/p>\n<p class=\"p1\">Nan dokiman sa a, Direksyon an presize benefisy\u00e8 frekans T\u00e9l\u00e9max la pa vann li bay p\u00e8sonn, sitou pa bay Rosemila Petit-Fr\u00e8re, ki konnen pou kapasite l genyen pou f\u00e8 mal e ki jodi a jistis ayisyen ap ch\u00e8che. Anplis, nou li ke T\u00e9l\u00e9max, ak istwa l ak vizyon l, pa ka fizyone nan okenn T\u00e9l\u00e9 Monopole, yon non ki pa kache entansyon visye, engra e malon\u00e8t pwopriyet\u00e8 l la.<\/p>\n<p class=\"p1\">\u00ab Pou kontrekare man\u00e8v moun ki ranplase Jean-Marie Guillaume nan Conatel la ak konp\u00e8 l yo, direksyon T\u00e9l\u00e9max te voye yon l\u00e8t bay Premye Minis Dokt\u00e8 <a href=\"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ayiti-gen-de-premye-minis-garry-conille-ak-alix-didier-fils-aime\/\" class=\"h24-lien-ctx\">Garry Conille<\/a>, nouvo Minis TPTC a, Enjeny\u00e8 Rapha\u00ebl Hosty, ansanm ak Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Antoine Augustin pami l\u00f2t, pou denonse direkt\u00e8 akty\u00e8l Conatel la, sieur Jose Jean-Baptiste, ki nan p\u00f2ch Rosemila Petit-Fr\u00e8re. Dwayen Tribinal Premye Enstans P\u00f2toprens lan deja resevwa dosye a atrav\u00e8 kabin\u00e8 Avoka Leblanc et Associ\u00e9s. Li regretab pou n konstate madanm Rosemila Petit-Fr\u00e8re sa a, ki an azil Ozetazini, ak m\u00e8sen\u00e8 rezo sosyal sa a ki an azil an Frans pou rezon ki pa kl\u00e8, ap aji an konplisite pou koze domaj matery\u00e8l ak moral bay T\u00e9l\u00e9max ak p\u00e8sonalite ki dirije l yo \u00bb, responsab ansyen estasyon sa a ki te yon lek\u00f2l pou jen\u00e8s ayisyen an kontinye.<\/p>\n<p class=\"p1\">Finalman, pou piblik la byen konprann, direksyon an presize li pibliye resi peman ajou yo ni nan Conatel ni nan DGI ki montre T\u00e9l\u00e9 7 SA (T\u00e9l\u00e9max) ap eksplwate frekans lan san ent\u00e8ripsyon. \u00ab T\u00e9l\u00e9max pwofite pou l av\u00e8ti tout enstans Leta yo, tout uzurpat\u00e8 ak tout kontrevenan kont eksplwatasyon abizif frekans li ansanm ak pwopriyete l ki nan Delma 19. Sinon, y ap pouswiv yo nan jistis ak tout rig\u00e8. Pwopriyete T\u00e9l\u00e9 7, S.A. ki nan Delma 19 la pa a vann, ni Frekans li \u00bb, se konsa n\u00f2t ki te par\u00e8t 19 jiy\u00e8 pase a fini.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Nan yon n\u00f2t pou lapr\u00e8s resan Hebdo24 resevwa kopi, Direksyon T\u00e9l\u00e9 7, S.A. (T\u00e9l\u00e9max) di li konstate ak anpil am\u00e8tim pratik ki pa gen non yo ap kontinye pou simen dout nan opinyon piblik la sou pwopriyete frekans li benefisye depi plizy\u00e8 deseni. Konsa, pwopriyet\u00e8 T\u00e9l\u00e9max yo deklare yo pa vann ch\u00e8n nan bay p\u00e8sonn, [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":59,"featured_media":17056,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372],"tags":[],"class_list":["post-37265","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-aktyalite"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37265","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/59"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37265"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37265\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/17056"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37265"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37265"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37265"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}