{"id":37263,"date":"2024-07-24T14:51:59","date_gmt":"2024-07-24T18:51:59","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/in-global-services-7-an-pesverans\/"},"modified":"2024-07-24T14:51:59","modified_gmt":"2024-07-24T18:51:59","slug":"in-global-services-7-an-pesverans","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/in-global-services-7-an-pesverans\/","title":{"rendered":"I&#038;N Global Services, 7 an p\u00e8severans ak yon avni ki pwom\u00e8t"},"content":{"rendered":"<p class=\"p1\"><em><strong>I&amp;N Global Services f\u00e8k selebre sety\u00e8m aniv\u00e8s\u00e8 kreyasyon li. 7 jiy\u00e8 2024, nan ot\u00e8l El Rancho, ekip direksyon antrepriz la te \u00f2ganize yon jounen konferans sou t\u00e8m \u00ab Kijan pou w antreprann nan sitiyasyon kriz? \u00bb. Ekip la di li pare pou l franchi nouvo etap epi li pataje anbisyon l yo ak redaksyon nou an. <\/strong><\/em><\/p>\n<p class=\"p1\">I&amp;N Global Services se yon antrepriz ki espesyalize nan vant apar\u00e8y elektwonik ak apar\u00e8y menaj. Li bay akonpayman tou pou vwayaj aletranje, transf\u00e8 non pou machin ak s\u00e8vis imatrikilasyon nan DCPR ak OAVCT.<\/p>\n<p class=\"p1\">Nan dom\u00e8n ekonomik peyi a, defi yo gwo anpil. Li vin pi difisil chak jou pou yon antrepriz grandi epi f\u00e8 ase pwofi pou l ka dire. I&amp;N Global Services pa egzante de sitiyasyon sa a, men direksyon an di li det\u00e8mine pou l kenbe f\u00e8m. <\/p>\n<p class=\"p1\">Pou ane k ap vini yo, antrepriz la parye sou konpetans anplwaye l yo ak fidelite kliyan l yo. \u201cPou ane k ap vini yo, nou konte sou \u00e8d Bondye, sou ekip nou an pou n ka pi byen prepare n pou n s\u00e8vi kliyan yo malgre difikilte yo\u201d, responsab kominikasyon an, Ketoura Azard, deklare. <\/p>\n<p class=\"p1\">Alont\u00e8m, objektif antrepriz la se pou l ka kontribye nan avansman sosyete ayisyen an l\u00e8 l touche l\u00f2t sekt\u00e8 ki esansy\u00e8l. \u201cNou gen nan k\u00e8 nou inisyativ ki ka gen gwo enpak sou popilasyon an, kit se sou plan sosyal, ekonomik oswa kiltir\u00e8l\u201d, Ketoura Azard di. <\/p>\n<p class=\"p1\">Pou 7y\u00e8m aniv\u00e8s\u00e8 antrepriz la, ekonomis Etzer \u00c9mile, ansyen direkt\u00e8 jeneral SOGEBANK Charles Clermont, chant\u00e8 Lionel Benjamin ak madanm li Roseline Benjamin, sikol\u00f2g ak antrepren\u00e8, te pote yon kout men espesyal nan aktivite yo te \u00f2ganize yo. Sou t\u00e8m \u201cKijan pou w antreprann nan sitiyasyon kriz\u201d, ent\u00e8venan yo te f\u00e8 yon diskisyon rich ak yon piblik ki te konpoze sitou de j\u00e8n ki enterese anpil nan mond biznis la. <\/p>\n<p class=\"p1\">Se te okazyon pou piblik la konnen kiy\u00e8s ki genyen konkou pwoj\u00e8 antreprenarya a. Kat (4) pwoj\u00e8 te demake yo nan mitan tout l\u00f2t yo e I&amp;N Global Services pral finanse yo pou yo ka reyalize. <\/p>\n<p class=\"p1\">Gayan yo se: Wesly Ederson ak Jennifer Franchesca Desravines ak pwoj\u00e8 \u201cAGRO ET TRANS\u201d; Catherine M. Saintim\u00e9 ak pwoj\u00e8 \u201cCathalie Store\u201d; Marckendy Charleme ak Willan Monplaisir ak pwoj\u00e8 \u201cCornillon Eau pur\u201d; Kelly Lensley Maurice ak Michelet Antenor ak pwoj\u00e8 \u201cBarbie et Ken E-Shop\u201d.<\/p>\n<p class=\"p1\">Pou 8y\u00e8m aniv\u00e8s\u00e8 a, direksyon I&amp;N Global Services deja pwom\u00e8t yon seri aktivite ki pi rich e ki pi div\u00e8sifye.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>I&amp;N Global Services f\u00e8k selebre sety\u00e8m aniv\u00e8s\u00e8 kreyasyon li. 7 jiy\u00e8 2024, nan ot\u00e8l El Rancho, ekip direksyon antrepriz la te \u00f2ganize yon jounen konferans sou t\u00e8m \u00ab Kijan pou w antreprann nan sitiyasyon kriz? \u00bb. Ekip la di li pare pou l franchi nouvo etap epi li pataje anbisyon l yo ak redaksyon nou [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":21,"featured_media":17065,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372,4381],"tags":[],"class_list":["post-37263","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-aktyalite","category-sosyete"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37263","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/21"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37263"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37263\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/17065"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37263"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37263"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37263"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}