{"id":37230,"date":"2024-08-16T17:39:32","date_gmt":"2024-08-16T21:39:32","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ensekirite-ann-ayiti-premye-minis-garry-conille-ak-justin-trudeau-enkyete\/"},"modified":"2024-08-16T17:39:32","modified_gmt":"2024-08-16T21:39:32","slug":"ensekirite-ann-ayiti-premye-minis-garry-conille-ak-justin-trudeau-enkyete","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ensekirite-ann-ayiti-premye-minis-garry-conille-ak-justin-trudeau-enkyete\/","title":{"rendered":"Ensekirite ap kraze bwa ann Ayiti, Premye Minis Garry Conille ak Justin Trudeau enkyete"},"content":{"rendered":"<p><em><strong>Sem\u00e8n sa a, Premye minis ayisyen ak kanadyen an, <a href=\"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ayiti-gen-de-premye-minis-garry-conille-ak-alix-didier-fils-aime\/\" class=\"h24-lien-ctx\">Garry Conille<\/a> ak Justin Trudeau, te gen echanj. Ensekirite k ap f\u00e8 ravaj ann Ayiti, se te sij\u00e8 antretyen ant de mesye yo.<\/strong><\/em><\/p>\n<p>Nan okazyon an, premye minis Trudeau felisite ch\u00e8f gouv\u00e8nman Ayiti a pou nominasyon l, pandan l ap rem\u00e8sye l d\u00e8ske li mete rapidman an plas yon nouvo gouv\u00e8nman tranzisyon ki gen k\u00f2m priyorite byenn\u00e8t p\u00e8p ayisyen an.<\/p>\n<p>Nan yon kominike li pibliye jedi 15 out 2024, Premye minis kanadyen an f\u00e8 konnen li menm ak k\u00f2l\u00e8g li tonbe dak\u00f2 li enp\u00f2tan pou kolabore de pre ak <a href=\"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/seremoni-ofisyel-fen-manda-cpt-7-fevriye\/\" class=\"h24-lien-ctx\">Kons\u00e8y Prezidansy\u00e8l Tranzisyon<\/a> an epi pran mezi ki neses\u00e8 pou asire eleksyon lib e ekitab f\u00e8t.<\/p>\n<p>Anplis, de dirijan yo diskite sou Misyon miltinasyonal sip\u00f2 pou sekirite Nasyonzini otorize a ki deplwaye ann Ayiti, ki vize retabli sekirite ak estabilite ann Ayiti epi ofri yon repo p\u00e8p ayisyen an te bezwen anpil. Dapre kominike a, premye minis Trudeau reyafime angajman Kanada pou travay ak Ayiti, Kenya ak l\u00f2t patn\u00e8 ent\u00e8nasyonal pou veye siks\u00e8 misyon an. Yo ensiste sou lef\u00e8t patn\u00e8 ent\u00e8nasyonal yo dwe mobilize epi pote misyon an sip\u00f2 li t\u00e8lman bezwen an.<\/p>\n<p>\u00ab Premye minis Trudeau souliye tou Kanada sip\u00f2te depi lontan solisyon Ayiti mete devan pou rezoud kriz k ap kontinye nan peyi a. Premye minis Trudeau ak premye minis <a href=\"https:\/\/hebdo24.com\/tag\/garry-conille\/\">Conille<\/a> reyafime lyen f\u00f2 ki ini Kanada ak Ayiti e yo dak\u00f2 pou yo rete an kontak regilye \u00bb, dokiman an konkli.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Sem\u00e8n sa a, Premye minis ayisyen ak kanadyen an, Garry Conille ak Justin Trudeau, te gen echanj. Ensekirite k ap f\u00e8 ravaj ann Ayiti, se te sij\u00e8 antretyen ant de mesye yo. Nan okazyon an, premye minis Trudeau felisite ch\u00e8f gouv\u00e8nman Ayiti a pou nominasyon l, pandan l ap rem\u00e8sye l d\u00e8ske li mete rapidman [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":50,"featured_media":17205,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372,4373],"tags":[],"class_list":["post-37230","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-aktyalite","category-politik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37230","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/50"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37230"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37230\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/17205"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37230"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37230"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37230"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}