{"id":37191,"date":"2024-09-22T17:36:27","date_gmt":"2024-09-22T21:36:27","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/idatson-elysee-antreprene-ki-fe-fos-karakte-l-tounen-lanten-li\/"},"modified":"2024-09-22T17:36:27","modified_gmt":"2024-09-22T21:36:27","slug":"idatson-elysee-antreprene-ki-fe-fos-karakte-l-tounen-lanten-li","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/idatson-elysee-antreprene-ki-fe-fos-karakte-l-tounen-lanten-li\/","title":{"rendered":"Idatson Elysee, antrepren\u00e8 ki f\u00e8 f\u00f2s karakt\u00e8 l tounen lant\u00e8n li"},"content":{"rendered":"<p><em><strong>Idatson Elysee se yon pwofesyon\u00e8l ki gen anpil eksperyans, kote pakou iniv\u00e8sit\u00e8 ak pwofesyon\u00e8l li montre yon gwo div\u00e8site ak yon vas eksp\u00e8tiz. Natif Okay, nan Sid Ayiti, li se PDG ak fondat\u00e8 I&amp;N Global Services, li dirije ak konpetans ak lid\u00e8chip. Nonm ki vin matirite ak ane yo, jodi a gen plis pase yon trik nan manch li e li gen entansyon pataje yo ak moun ki reve f\u00e8 kary\u00e8 nan antreprenarya.<\/strong><\/em><\/p>\n<p><em><strong>Plizy\u00e8 k\u00f2d nan banza l<\/strong><\/em><\/p>\n<p>Anvan l lanse kary\u00e8 l, Idatson Elys\u00e9e swiv yon pakou varye e anbisye. Li etidye jeni elektwomekanik nan Fakilte Syans Iniv\u00e8site Leta d Ayiti. Answit li kontinye etid li nan lid\u00e8chip, antreprenarya ak inovasyon l\u00e8 l antre nan yon MBA nan St. John\u2019s University, sa ki anrichi konpetans jesyon ak estratejik li. Li konplete tou f\u00f2masyon espesyalize nan Power Sales University ak Life Leadership, sa ki ranf\u00f2se konpetans li nan vant ak jesyon pwoj\u00e8.<\/p>\n<p>\u00ab Pi gwo defi m se te k\u00f2manse. Mwen t ap ch\u00e8che eskiz, m t ap di t\u00e8t mwen \u00e8ske m ap jwenn mwayen pou lwe espas la ak pou peye p\u00e8son\u00e8l travay la. Mwen te doute m ka reyisi, kesyon m t ap poze t\u00e8t mwen yo te anpil. Menm pou jwenn non an se te yon kast\u00e8t, se lekti yon liv ki te ede m. Gwo lid\u00e8 yo se gwo lekt\u00e8, mwen konseye lekti bay tout antrepren\u00e8. F\u00f2k ou f\u00f2me t\u00e8t ou nan jesyon antrepriz, lid\u00e8chip ak kominikasyon \u00bb, li eksplike.<\/p>\n<p>Sou plan pwofesyon\u00e8l, anplis responsablite l nan I&amp;N Global Services, Idatson Elys\u00e9e okipe plizy\u00e8 p\u00f2s jesyon ak kow\u00f2dinasyon. Li te sip\u00e8viz\u00e8 ch\u00e8n apwovizy\u00f2nman nan Heineken International, yon p\u00f2s ki p\u00e8m\u00e8t li metrize operasyon lojistik sou gwo ech\u00e8l. An paral\u00e8l, li te s\u00e8vi k\u00f2m Responsab relasyon nan HR Taekwondo ak k\u00f2m kow\u00f2donat\u00e8 nan Cercle des Solidarit\u00e9s Francophones, sa ki montre angajman l pou pwomosyon val\u00e8 solidarite.<\/p>\n<p>Atrav\u00e8 kary\u00e8 l, Idatson te egz\u00e8se tou k\u00f2m administrat\u00e8 nan Yoople e li te pran w\u00f2l lid\u00e8chip nan plizy\u00e8 l\u00f2t antrepriz ak \u00f2ganizasyon. Kapasite l pou evolye nan anviw\u00f2nman varye reflete adaptabilite l ak det\u00e8minasyon l pou inove epi dirije ak efikasite.<\/p>\n<p><em><strong>F\u00e8 parachit ou nan vid la<\/strong><\/em><\/p>\n<p>Li finalman lanse nan antreprenarya, san l pa jwenn siks\u00e8 depi premye tantativ li yo. \u00ab F\u00f2k ou di t\u00e8t ou malerezman ou p ap ka f\u00e8 tout moun plezi, se s\u00e8lman yon esklav ki ka rive f\u00e8 sa. Se s\u00e8ten n ap travay pou byenn\u00e8t kliyant\u00e8l nou, men li enp\u00f2tan pou konnen li enposib pou tout moun dak\u00f2. Mwen te k\u00f2manse nan vant machin e mwen ka asire w difikilte m te rankontre yo te en\u00f2m. Se te yon p\u00e8t total paske machin yo pa t gen kalite. Sa aprann mwen ti p\u00e8t yo evite nou k\u00e8k pi gwo p\u00e8t nan lavni. \u00bb Leson li aprann atrav\u00e8 eksperyans li yo ranf\u00f2se nonm li vin ye a, li enposib pou l regr\u00e8t li te lanse: \u00ab Nan antreprenarya, f\u00f2k ou lanse epi w ap ka f\u00e8 parachit ou nan vid la. \u00bb<\/p>\n<p>Idatson konseye debitan nan milye antreprenarya a pou yo aprann nan ech\u00e8k epi pwofite l pou yo vin pi solid: \u00ab Pou yon moun ki f\u00e8k lanse antrepriz li, m ta di l bani laper\u00e8z ech\u00e8k. Chak ech\u00e8k ou trav\u00e8se ap f\u00e8 w pi f\u00f2. Sa ki enp\u00f2tan se pa kantite kou ou ka bay, men kantite ou ka pran. F\u00f2k ou travay pou ogmante kosyan adv\u00e8site w. Vr\u00e8 f\u00f2s karakt\u00e8 antrepren\u00e8 a kache nan kapasite l pou l pran kou. \u00bb<\/p>\n<p>Ch\u00e8f antrepriz la jije li enp\u00f2tan pou mete tout mwayen itil b\u00f2 kote l pou rive satisf\u00e8 bezwen kliyant\u00e8l li. Konsa, teknoloji jwe w\u00f2l li: \u00ab Teknoloji jwe yon w\u00f2l prepondran nan antrepriz nou an sitou sou kesyon maketing dijital ki ba nou majorite kliyan nou yo. Teknoloji enp\u00f2tan nan kwasans antrepriz la. W\u00f2l li enp\u00f2tan anpil kit se pou rezo yo, sit w\u00e8b la ak estrateji maketing dijital yo \u00bb, PDG a f\u00e8 konnen.<\/p>\n<p><em><strong>Ant pasyon ak m\u00f2d lavi<\/strong><\/em><\/p>\n<p>Antreprenarya se pa yon ti zaf\u00e8, tankou tout aktivite, li mande en\u00e8ji ak tan. Idatson, b\u00f2 kote pa l, w\u00e8 l k\u00f2m yon pasyon, sa ki ede l navige sou vag sa yo ak yon souri. \u00ab F\u00f2k ou toujou ch\u00e8che konnen poukisa ou egziste sou t\u00e8 a ak pasyon w. Antreprenarya se pasyon m e se sa ki f\u00e8 ekilib ant lavi pwofesyon\u00e8l mwen ak lavi p\u00e8son\u00e8l mwen. Gen l\u00e8 m travay nan l\u00e8 ki pa n\u00f2mal e m pa w\u00e8 okenn enkonvenyan, k\u00f2msi jounen m f\u00e8k k\u00f2manse. Gen l\u00e8 tou m travay 23 \u00e8 youn d\u00e8y\u00e8 l\u00f2t san rete. Li pa fasil pou f\u00e8 ekilib sa a, men n ap eseye abitye paske travay la mande pasyans, p\u00e8severans ak konsantrasyon. \u00bb<\/p>\n<p>K\u00f2m li oblije travay ansanm ak patn\u00e8, li souvan twouve l ap pran desizyon difisil. Yon asp\u00e8 nan lavi antrepren\u00e8 ki pa pi fasil la. \u00ab Konfyans pa yon bagay fasil nan milye antreprenarya, men f\u00f2k ou f\u00e8 yon s\u00e8ten kredi. Sa ki pi difisil se pran desizyon menm l\u00e8 w pa metrize tout param\u00e8t yo. Desizyon an toujou riske. Estrateji nou jodi a se pran bagay yo ak pens, nou etidye anpil param\u00e8t anvan nou pran desizyon pou evite desepsyon. \u00bb<\/p>\n<p>Elysee ki gen eksperyans lan w\u00e8 konpayi li kreye yo inik paske yo se fwi pasyon li, ki mete bezwen kliyant\u00e8l la anvan. Byen anvan l vize siks\u00e8, li mete aksan sou s\u00e8vis pou l satisf\u00e8 kliyan l yo. Li f\u00e8 ef\u00f2, atrav\u00e8 antrepriz li, pou f\u00f2me kliyant\u00e8l la pandan l rete konekte av\u00e8 l. Li f\u00e8 diferans tou pa rezilyans li, kapasite l pou l avanse malgre move avanti. Li chita kwayans li, li di, sou Et\u00e8 Sipr\u00e8m nan. Ak p\u00e8son\u00e8l antrepriz li, li bati yon fanmi kote yo valorize moun. Pou f\u00e8 antrepriz la avanse, li parye sou val\u00e8 ki pa gen pri tankou moral ak entegrite.<\/p>\n<p>\u00ab Pi gwo siks\u00e8 m nan antreprenarya se f\u00f2s karakt\u00e8 m k ap grandi chak jou. Kounye a mwen gen kapasite pou ede l\u00f2t moun \u00bb, li di ak kontantman. Li di li devlope k\u00e8k s\u00e8vis, tankou pou vwayaj pa egzanp, pou fasilite lavi kliyant\u00e8l li. Fy\u00e8te l chita nan lef\u00e8t li bay s\u00e8vis kalite bay kliyan ki, yo menm, vin kapab ede ak akonpaye pw\u00f2ch yo.<\/p>\n<p>I&amp;N Global Services bay t\u00e8t li objektif pou amelyore s\u00e8vis li ofri kliyan l yo ansanm ak pi bon pwodwi yo. Antrepriz la espere kreye plizy\u00e8 siksisal pou diminye chomaj epi answit vin yon antrepriz miltinasyonal. Global vle w\u00e8 drapo l ap flote nan omwen 5 l\u00f2t peyi nan ane k ap vini yo epi kreye pa mwens pase 10 000 travay atrav\u00e8 lemonn. Konsa, li espere vin ede Ayisyen k ap viv nan tout kwen lemonn. \u00ab M ta mande Leta etabli yon atmosf\u00e8 estabilite pou antrepren\u00e8 yo ka gen plis antouzyas pou yo kreye \u00bb, li deklare.<\/p>\n<p>Gras ak eksp\u00e8tiz div\u00e8sifye li ak f\u00f2masyon wo nivo li, Idatson Elys\u00e9e kontinye ap enpoze l k\u00f2m yon lid\u00e8 ki gen enfliyans nan dom\u00e8n jesyon, antreprenarya ak s\u00e8vis.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Idatson Elysee se yon pwofesyon\u00e8l ki gen anpil eksperyans, kote pakou iniv\u00e8sit\u00e8 ak pwofesyon\u00e8l li montre yon gwo div\u00e8site ak yon vas eksp\u00e8tiz. Natif Okay, nan Sid Ayiti, li se PDG ak fondat\u00e8 I&amp;N Global Services, li dirije ak konpetans ak lid\u00e8chip. Nonm ki vin matirite ak ane yo, jodi a gen plis pase yon [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":59,"featured_media":17480,"comment_status":"","ping_status":"","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379],"tags":[],"class_list":["post-37191","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37191","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/59"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37191"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37191\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/17480"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37191"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37191"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37191"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}